08/23/2026
......Jenn gason sa genyen 16 lane depi lap foubi chodyè pou 500g pou machann manje senmak yo. Se sa li fè kòm travay li depi 2010.
Rodlin yon jèn gason k ap viv nan vil Sen Mak, esplike kijan li pase prèske tout jounen l ap foubi chodyè pou machann manje, yon travay li di li kòmanse fè depi li te gen anviwon 16 an. Pou chak kote li pase, li resevwa 500 goud.
Yo te mande Rodlin ki kote lide pou l kòmanse foubi chodyè a te soti. Li reponn pou l di: « Pou kote mwen soti avèk lide sa, fòk ou ta pran tan pou m esplike w sa. »
Jounalis la te mande l konbyen kote li lòt travay. »
Rodlin di li pa panse gen anpil lòt jèn gason nan vil Sen Mak k ap fè menm travay la, paske, dapre li, « nèg yo se parese ».
Li vle ankouraje lòt jèn gason travay
Rodlin fè konnen li konn eseye ankouraje kèk jèn gason ki konn dòmi nan lari pou yo travay ansanm avè l, pou yo ka jwenn yon lòt fason pou yo viv. Men, li di kèk nan yo pa enterese.
Li lanse yon apèl bay lòt jèn gason ki ta renmen travay: « Nenpòt jenn gason ki enterese vini jwenn mwen, paske mwen gen ase machann pou m bay yo chak. »
konn lave chodyè pandan yon jounen. Rodlin fè konnen kantite kote yo anpil e li ka rive nan plis pase 10 kote pa jou.
Li eksplike li konn mache al foubi chodyè pou plizyè machann manje, epi chak kote li pase, li resevwa 500 goud.
Rodlin di li konn soti byen bonè epi li ka antre lakay li anviwon 10 è nan sware. Selon sa li esplike, gen jou li rive foubi chodyè nan 16 kote diferan.
« Yo jis peye m, mwen manje lakay mwen »
Jounalis la te mande Rodlin si machann yo konn ba li manje anplis lajan yo peye l la. Rodlin reponn: « Non, yo jis peye m. Mwen manje lakay mwen. »
Lè yo te mande l si travay sa pa deranje l kòm yon jèn gason, Rodlin di travay la pa deranje l ditou. Li eksplike: « Non, sa pa deranje m, paske se depi 2010 m ap fè l. Kidonk, mwen genyen 16 an depi m ap fè sa. Se chodyè mwen mache lave pou m viv, mwen pa nan
Selon Rodlin, gen moun ki konn rele l pou l ale foubi chodyè lakay yo, pandan gen l