Tande Ak We Se 2 Lemond

Tande Ak We Se 2 Lemond Tande ak we se 2 lemond nou la pou nou baw tout infòmasyon kap pase atravè lemond se nouvel nou bay men nou pa fè nouvel

03/28/2025
01/10/2025

Available now

🚨𝐃𝐨𝐧𝐚𝐥𝐝 𝐓𝐫𝐮𝐦𝐩 𝐏𝐫𝐞𝐳𝐢𝐝𝐚𝐧 𝐚𝐧𝐤ò: Kèk pwen Detèminan nan ELEKSYON an ak kèk gwo DESIZYON li anonse san pran tan. 🔘𝐈𝐦𝐢𝐠𝐫𝐚𝐬𝐲𝐨𝐧:...
11/07/2024

🚨𝐃𝐨𝐧𝐚𝐥𝐝 𝐓𝐫𝐮𝐦𝐩 𝐏𝐫𝐞𝐳𝐢𝐝𝐚𝐧 𝐚𝐧𝐤ò: Kèk pwen Detèminan nan ELEKSYON an ak kèk gwo DESIZYON li anonse san pran tan.

🔘𝐈𝐦𝐢𝐠𝐫𝐚𝐬𝐲𝐨𝐧: Trump di premye jou li kòm prezidan, l ap fèmen fwontyè Meksik la epi lanse yon pwogram pou depòte plis pase 11 milyon imigran san papye. Li konte itilize “Alien Enemies Act of 1798” pou l fè sa. Dènye fwa lwa sa te itilize se te nan 2èm gè mondyal. Lwa sa te pèmèt yo arete epi depòte nenpòt sitwayen yon peyi etranje ki nan lagè kont Etazini sou baz yo reprezante yon menas pou sekirite nasyonal peyi a. Trump vle itilize menm lwa sa pou depòte moun ilegal yo.

Li fè konnen l ap fini ak metòd “catch and release” la, sa vle di depi yo kenbe w pagen lage pou ou. Li konte retabli tou “Title 42”, ki entèdi moun ki antre ilegal yo fè demann azil. Li vle tou pase yon lwa ki entèdi vil refij yo sou fwontè Meksik la epi rekrite 10,000 nouvo ajan ak ogmantasyon salè pou ansyen ajan yo pou ankouraje yo nan travay sa.

Li ajoute, benefis Leta bay imigran yo pra l rezève pou sitwayen ameriken sèlman. Depi premye jou li kòm Prezidan, l ap fèmen Pwogram Biden nan. L ap itilize byen gang ak katèl dwòg yo pou ede viktim vyolans nan peyi a. Anile otorizasyon vwayaj pou kèk peyi mizilman ak refijye Gaza yo, epi aplike “death penalty’’ (pèn lanmò) kont imigran ki touye sitwayen ameriken oswa ajan polis.

🔘𝐀𝐯ò𝐭𝐦𝐚𝐧: Dwa repwodiktif se te yonn nan kesyon santral eleksyon an. Trump di l ap opoze lwa federal ki entèdi avòtman, men chak Eta ap gen pou pran pwòp desizyon yo sou kesyon sa. Pandan premye manda li, Trump te fè 3 jij konsèvatè rantre nan Kou Siprèm nan pou ranvèse lwa sa. Li deklare tou l ap "pwoteje" fanm yo, "kit fanm yo renmen sa oswa non."

🔘𝐄𝐤𝐨𝐧𝐨𝐦𝐢: Trump di li pra l fini ak enflasyon e l ap retire taks sou travayè ak ti biznis yo, taks sou “overtime” ak sou Social Security, ak sou moun k ap pran swen fanmi, yon paran oswa yon moun yo renmen. Li pwomèt tou ke administrasyon li an p ap pran taks sou premye $10,000 depans ki gen rapò ak edikasyon pou paran ki gen timoun k ap aprann lakay yo.

🔘𝐀𝐧𝐯𝐢𝐰ò𝐧𝐦𝐚𝐧: Trump di, moun ki achte machin ki fèt Ozetazini yo, l ap desann % enterè yo. L ap fini ak règleman sou machin elektrik (EV) Prezidan Biden te pran, e pèmèt “EV” yo plis disponib ak abòdab nan pwochen ane yo. Li di l ap travay ak Elon Musk, CEO konpani Tesla a, ki se boul grenn li pou sa rive fèt. Sa ap rann machin ki sèvi ak gaz yo vyole lwa sou Pwoteksyon Anviwònman. Li vle tou soti nan Akò Pari a, yonn nan pi gwo trete entènasyonal sou klima.

🔘𝐏𝐨𝐥𝐢𝐭𝐢𝐤 𝐄𝐭𝐫𝐚𝐧𝐣è: Trump di l ap mete fen nan lagè Larisi ak Ikrèn nan. Li pwomèt pou l rankontre Prezidan Putin ak Zelenskyy, epi nan 24 èdtan, lagè a ap rezoud. L ap fini ak konfli Mwayen Oryan an epi anpeche 3èm gè mondyal la. Li pa konnen kijan li pra l fè sa men, li vle konstwi yon pwoteksyon defans misil sou Etazini, menm jan ak “Iron Dome” Izrayèl la.

Konsèy mwen pou ou se, pa PANIKE. Pòs sa, se pa pou fè kè w sote, men pou enfòme w sou kote nouvo prezidan an kanpe sou sijè sa yo ki enpòtan anpil pou peyi a ak mond lan. M ap vini ak plis detay sou yo nan pwochen piblikasyon, ak kèk resous legal sou sa w ka fè pou w pwoteje tèt ou kont mezi sa yo sitou si w nan premye kategori a.

Pou konya, jis pataje l epi envite kèk moun vin anba paj la, paske gen anpil bagay nou pra l pale.
. fans

Tande ak we se 2
11/04/2024

Tande ak we se 2

08/22/2024
08/22/2024

Antouka selsam konnen tout moun ki fè Haïti mal avan yo Mouri yap peyel

08/17/2024

Sak ta di sa pou 2 jounalis sa yo te nn gang 🤔

08/15/2024
08/15/2024

Mezanmi San ipokrizi,San voye moute eske actrice nou an pat pi bon konsa

Address

Miami, FL

Alerts

Be the first to know and let us send you an email when Tande Ak We Se 2 Lemond posts news and promotions. Your email address will not be used for any other purpose, and you can unsubscribe at any time.

Contact The Establishment

Send a message to Tande Ak We Se 2 Lemond:

Featured

Share