06/06/2026
2 sòlda FAD'h sibi DEGRADASYON MILITÈ
Se yon pwosesis legal ki egziste nan kòd penal militè an. Sa fèt lè yon sòlda komèt yon zak yo jije ki pa fè lonè Lame a tankou : trayizon, vòl, vyòl, krim san, pou m site sila yo senpman.
Men, rityèl sila a ke yo rele RITYÈL PIBLIK tou, li di klè kouman sa dwe fèt.
Egzanp ; Yo mennen Sòlda devan TWOUP li ( frè zam li / militè parèy li ), yo rache bouton chemiz li, retire ensiy yo, retire grad li elt...
Ki donk, rele LAPRÈS vin filme rityèl sa pwouve ke Minis lan ak wo eta majò lame a se 《 on-man show 》y ap fè. Minis lan ap jere kapital politik, nou pa ka bliye Minis lan s on ansyen kandida.
- Nan pikòp Lame yo, toujou genyen ant 4 a 6 sòlda. Pou ki se 2 yo revoke ?
- Si yo vòlè 4 sak S*k, kote sak s*k yo ?
- Kote plent ki depoze pou vòl sak s*k yo ?
- Si tout fwa aprè ankèt nou jije yo koupab, pou ki sa yo pa ale nan prizon ki fèt pou sa ?
Nan deklarasyon Minis lan, Mario Adrésol, li di ap gen suivi bò kote DCPJ 🤣 sa ki parèt ankò flou sou ankèt Lame a.
Lò m gade ekspresyon Vizaj youn nan Militè yo, ou ka wè g on bagay ki pa mache, g on bagay ki pa klè nan sa k ap fèt la. E l deklare sa tou.
( Gen ti son k rive nan zòrèy mwen ).
Si n ap gade nan fason peyi an prale la, ensekirite, jèn gason tribò pa bò ki lage nan zak malonèt, gen bagay otorite yo ta dwe gen ti " Retenu " sou yo, manyen ak pensèt, pou evite dega grav pi douvan. Antouka !
Sèl lanmou k ap rete ❤️
Text : Kanga Zile
Photo : FB