09/27/2026
🇭🇹🇭🇹🇭🇹⚽️🇭🇹🇭🇹🇭🇹
RANDEVOU POU GRENADYE YO !
Klòch tout pawòs gentan sonnen. Bib anba men kretyen vivan pral legliz nan lespwa pou manje moso pen lavi epi bwè diven ki ranplase san Granmèt la. Pòt gagè louvri, chosèt pral sòti nan tèt ti kòk pou l al voye zepon. Kamyonèt yo pral pran plis tan pou chaje, paske jodia se jou repo ak lapriyè pou malere. Chodyè prete pa bouyi pwa sèch, men kan mèm jodi dimanch lan fòk bouch bwase, pou gen fòs pou n chofe peyan nou lè solèy la va kouche.
An nou leve, kafe a fin koule, seche grep, mete l tann. Jodia se yon lòt jou batay…
Apre Trinidad & Tobago, se KOSTA RIKA 🇨🇷 ki pral afronte HAITI 🇭🇹 pou pwochen match CONCACAF Nations League la.
📅 Dimanch 27 septanm a 7è nan aswè
Grenadye Alaso
Sent from WhatsApp
wa.me/18578884373