Michelson Poète delivrance

Michelson Poète delivrance Ekriven kolaboratè powèt

Eyyyy mesye vin gade ayiti🇭🇹🇭🇹🇭🇹 kap pase nan yon touf pikan demenl mare ta sanble 😭😭 ayiti🇭🇹🇭🇹 mouri poko antere 😭😭 non...
18/05/2023

Eyyyy mesye vin gade ayiti🇭🇹🇭🇹🇭🇹 kap pase nan yon touf pikan demenl mare ta sanble 😭😭 ayiti🇭🇹🇭🇹 mouri poko antere 😭😭 nonm pa fou ta sanble ayiti 🇭🇹 nan yon F**k lanmou yap fretel nan pol ni nan pyel sak fhm pimal la pitit li kap fretel Ankr a mesye nou ta pran konsyans an viv tankou frè Ak sè non li poum kite sistèm konfli pou rive viv tankou frè Ak sè mh bezwwen ayiti 🇭🇹tankou tout peyi🇦🇹🇧pou nou fhè sa an chanje sistèm sa manvi peyim gen yon lòt deviz soufrans 😭😭peyim 🇭🇹🇭🇹 di anpil f**k mèsi leta peyim

# Michelson Poète Delivrance..................
# viv yon lòt ayiti .....

18/05/2023
(NEW TEXTE by ...)(Michelson poète Délivrance):THÈME :(ANBISYON PEYI'M)Yon peyi kite ranpli ak richès .Ak anpil responsa...
25/03/2023

(NEW TEXTE by ...)

(Michelson poète Délivrance)

:THÈME :
(ANBISYON PEYI'M)

Yon peyi kite ranpli ak richès .
Ak anpil responsab politique kite kwè nan tout sa yo ka fè.
Yon peyi kite pase de epòk kolonizasyon.
Men anpil vrè leaders te fini pa pote yon solisyon.

Wi aprè tout tantativ ke koloni an te pran sou tèritwa'n.
Men malgre tou n'te fini pa fè yo rekonèt dwa' n e de tout sa nou kapab.
Paske nou son bann revolisyonè ak sèvèl ki konn sak rele yon vi nòmal.

Nan 1er janvier 1804 nou te endepandan.
Men aprè anpil koripsyon peyi'm te pran.
Se kòmkwa nou libere men chè'n lan stil rete nan kra'n nou moralman.

Vi'n pa gen rapò diplomatik ankò.
Vi'n pa gen komès de lenteryè ou a leksteryè ankò.
Ki vi'n koz kafe peyi'm fremi.
E mango fransik fi'n tonbe nan pouriti.
S*k lan menm vi'n dezète.
Anplis koton vi'n plis endetèmine.

Jodi an,ak yon jenès ki gen yon objectif vize.
Peyi'm vi'n gen kòm anvisyon poul dekole.
Kote diyite ak respè dwe respekte.
Kote grangou ak swaf ta dwe sispann prime.

Poubèl dè zannti kise non peyi'm aktyèl.
Peyi'm vlel transformé pèl dè zanti kòm non reyèl.
Tankou tout lòt nasyon peyi'm bezwen yon stabilite nan bon tèm.

Se yon vi liks peyi'm bezwen.
Tankou lòt peyi ki ofri moun tout sa yo bezwen.
Peyi'm bezwen elektrisite nan anbisyon poul eklere.
Peyi'm bezwen bon jan sekirite ak nan pwotejel pou polis yo endekste.

Oui se yon lapè, yon bon kondwit, yon vi nòmal, yon sekirite ak yon nouvèl mond peyi'm bezwen.

"MICHELSON POÈTE DÉLIVRANCE 🧠 🗣✍️"

# steevy nation 📸
# Jay le diplômante 🔊
# wanderson optimiste ✍️
# la relève se tèt jènes la 🧠🎤
# Fils du berger ✍️
# plim mond lan 🧠✍️🎤

15/01/2023

Like kòmante patajel abòne

 # Michelson Poète Delivrance ✍️ di pou nou pran yon ti pasyans pou li,pwojè sa ap disponib byento.L ap  # REVOLISYON ✊✍...
06/01/2023

# Michelson Poète Delivrance ✍️ di pou nou pran yon ti pasyans pou li,pwojè sa ap disponib byento.
L ap # REVOLISYON ✊✍️

RET BRANCHE
PATAJE 'L
LIKE
KOMANTE

SE SÈL MWAYEN OU KA FÈ POU EDE MWEN VANSE ❤️

- Steevy Nation
- Jay Le Diplômate
- Kensy King Jean Charles
- Wander Optimiste
- Wanslord Michel
Edmanny Thelemaque
- la RELÈVE SE TÈT JENÈS LA ✍️
- FILS DU BERGER 🧠🎤🎤
- SÈVO BÈF 🧠

Se sa yo ki fè MWen vibre  💦 Lanmè a Van an Etan yo Forè a Lapli a Lannwit Lalin nanMizik la Kont yo Flè yo Klere a Kora...
05/12/2022

Se sa yo ki fè MWen vibre 💦

Lanmè a
Van an
Etan yo
Forè a
Lapli a
Lannwit
Lalin nan
Mizik la
Kont yo
Flè yo
Klere a
Koral yo
Tèt Anba yo
Refleksyon yo
Atis yo
Powèt yo
Nwa men'm
Legim
Peti a
Bèl ri yo
Bèl vi yo
Vwayaj yo
Nyaj yo
Miraj yo
Paj yo
Pawòl yo
Eko yo
Tablo yo
Vwa zwazo yo
Douvanjou yo
Flè a
Pawòl yo
Kat yo
Melodi yo
La briz men'm
Bizou a men'm
Souri bèl elodi
Se ki fè'm vibre 💦

Esktrè nan koleksyon powèm MWen yo sèvè'l zyeu'm 🧠

# la relève se tèt jenès la ✍️✍️

# Jay le diplômate ✍️✍️
# Steevy Nation 📸📸
# king Kensy le sage ✍️
# wanslord Michel
# fils du berger ✍️
Wanderson optimiste ✍️
Pitit gadò a ✍️
# Michelson Poète DELIVRANCE ✍️✍️

Gade silans 🤫Pale se lajan m'en silans se dormi Pale pou pale de silans, gade Yon ide komik ! Kraze'l pou ranfòse'l , jo...
15/11/2022

Gade silans 🤫
Pale se lajan m'en silans se dormi
Pale pou pale de silans, gade Yon ide komik !
Kraze'l pou ranfòse'l , joure'l pou onore'l
Enpeche'l vle Di volè'l pou'w valorize'l

Silans vital li pote tout dyalòg
Bazik tande chak Fraz , pou pwolongasyon
Fè Plas pou lòt la , Bâle parazit yo lwen vèb , chanpyon , apot, sele Yon alwans takit , silans se tankou Yon bout papye
Kote fraz yo pale ,

Yon ekran kote vwa , mizik ak tout son chita , koz ap fè lwanj , Salon konfòtab
Silans nan mizik se Yon kòd enperatif
Grade cacique yo pou yo ka eksprime yo pi byen
Zòrèy san senyen nenpòt lè sa chowòf
Respecte rèy li épi manje koyezyon'l
Silans se Yon non vid, konsantman
Se Yon entèdiksyon pou ale pi lwen
Li pa mal pale sinon li tap Wi
Ou pa bezwen fè Fake si pa tande'l
Pa FWA silans g'on gro pri ki wo
Dyalòg entèdi pou kiyes li enpeche
Pa presyon sosyal , pa Yon mèt chantè
Pou pè fè mal , enksè endesans
Silans se refij kòlè
Lèl paka sòti Yon diktè fèl fèmen bouch li
Li mâche nan mépriz mo yo echwe

Fè atansyon malgré ou kenbe yo
Silans se kri lamizè k'ap toufe
Lè anyen paka Di nan figi laterè
Reyaksyon inieran lakay chak Imen
Lè limit l'an se chagrin parese
Silans make moman avan premyè kri yo
Tan ensipòtan nan entèsèl lavi ah
Kote laperèz bonè ak anbisyon melanje ansanm
Kote kè yo sispann bat pou tann Batman silans respè pou bèl èt
Yon ti minit pa dire pou lavi
M'en pèmèt ou apresyeu reyalizasyon'w yo
Pou mezire grandè Moun
Silans nan lanmou kouvri tout wòb

Mwen gen mil rezon pou mwen louwe li , li gen mil Plas nan lavi nou , li son fenèt ki louvri pou nan'm nou , Yon apèsi nan kò nou , sifas estim nou , bèso panse tankou laperèz , jwenn tan pou silans nouri rèv lavi enteryè

Gade silans l'an nan je wa di'm kisa w twouve Yon préféré ke'm apresyeu anpil

- Vens le penseur ✍️✍️-
- imaj pweziii an pèson 🤫 -

- Michelson Poète DELIVRANCE ✍️-
- la relève se tèt jenès la ✍️-
- fils du berger ✍️✍️-
- pitit gadò a ✍️-
Like ❤️

Pataje 'l

✊✊✊ Dans mes moments difficiles 😓Je vois ceux qui m'aiment en réalité 🤝 .La chèvre 🐏 fait confiance à son berger 🏇 Mais ...
16/10/2022

✊✊✊ Dans mes moments difficiles 😓
Je vois ceux qui m'aiment en réalité 🤝 .
La chèvre 🐏 fait confiance à son berger 🏇
Mais sera tuée ou sera vendue par son berger - Michelson Poète DELIVRANCE ✍️ ❗La vie est une cercle de joie, tristesse, moments faciles et difficiles.
Si tu traverses des moments , garde la que des bons moments arrivent
Juste marquée ma présence
# Michelson Poète DELIVRANCE ✍️

- fils du berger ✍️
- la relève se tèt jenès ✍️
- pitit gadò a ✍️

Happy Birthday to meJodi a se jou pa'm   Yon san parèy yon jou ki pa menm jan ak tout jou ,!  Yon jou lavi ak anvi   Sou...
05/08/2022

Happy Birthday to me

Jodi a se jou pa'm
Yon san parèy yon jou ki pa menm jan ak tout jou ,!
Yon jou lavi ak anvi
Sou wout san retou a ,!
Mwen pa gen anyen men souvni yo toujou rete,!

Depi jou'm fèt la ,!
Se mwen ki pi beni
Pou jwenn kèk konesans ak bon sans
Ak esperyans anpil moun pa genyen !

Nan bèl jou fèt sa a
Menm si lavi pap kanpe
Men souvni yo afekte'm
Anpil bagay ap pase nan tèt mwen ,!

Souvni kèk bon moman!
Ak kèk trè bon rankont
Men tou nan move moman anh
Nan sa ki mache nan sans opoze a !

Mwen sonje san kenbe ,!
De tout sa ki ale yo
Kreye yon vakyò'm nan lavi'm
E yo pap janm tounen

Mwen sonje kèk konesans
Ak nouvo opòtinite sa yo
Kite rekonfòtab egzistans mwen
E mwen te vrèman asire enstabilite mwen ,!

Pafwa mwen jwenn lajwa mwen
Lè mwen rive jwi lavi a ,!
Men lè ou panse ak lanmò tou ,!
Remò souvan manje nou,!

Nou ramase konpetans lan
Nou vin gen plis matirite
Nou pa rive plenitid
Omwen nou chanje nati a ,!
Sèl mèsi mwen ka di bondje
Senyè 'm nan ki nan syèl la
Li menm ki fè tout bagay pi byen
Pa gwo ponyèt li ki gen tout viktwa ,!

Pou papa'm ak manman'm ki repoze salte
Mwen rekòmande yo nan priyè ou
Se pou bondje fè yo favè
Beni yo proteje yo
Resevwa rekonesans sensè mwen bondje papa,!
Mèsi pou jou a mèsi pou gras ou proteje'm

# La relève se tèt jenès la
Se yo men'm ki fè'm sa 'm ye a ,!
# Jay le diplomate
# Wanderson
Noël
# 2 kp
# Pitit gadò a
# Michelson powèt delivrans
# Happy Birthday To me

Fanm vi'm💍Fanm ki nan vi'm lan dwe entèlijan        Li dwe bon sitou , padone        Menm sil pap bèl men mize        Li...
11/07/2022

Fanm vi'm💍
Fanm ki nan vi'm lan dwe
entèlijan
Li dwe bon sitou , padone
Menm sil pap bèl men mize
Li dwe janti anplis sa ki amezi'm nan

Fanm vi'm nan dwe konpetan
Li dwe kapab yon fanm konbatan tou ,
Li ta dwe yon fanm ki anfòm e edikatè,
Fanm sa dwe fidèl e rekonfòtab

Mw pral marye 💍ak yon fanm ki briyan
E ki konn alfabetize
Moun k'ap edem chwazi rout yo
Fanm lèt ki byen edike a moun ki pral defann tèt li sim k admèt sa

Fanm vim pa dwe enfidèl
Li dwe dirije yon modèl , li dwe yon modèl
Li dwe sosyal poukisa li pa akeyi l malerezman vizit pou wè lap bay

Fanm vim nan ap yon fanm ki trè diskrè
Fanm sa ta dwe modès e sekrete vre ,
Li dwe fanm ki pi enb nan mond lan
Moun ki gen plizyè vèti ke sal

Mw pa tap janm marye ak fanm nan pou fòm li ,
Kit bote li ,si li la m'ap enfòme li
Mw pa nan koze pwa , ann pa pale de gwosè li
Epi bote mwen tou pa bèl

Fanm m'ap marye a dwe gen respè
Li dwe responsab e mwens pretansye
Mw pap marye ak fòm li men ak fonl
Map marye ak moun kap gen respè pwofon

Fanm vim nan ap gen plis chans kanmenm
Lèl jwenn vrè lanmou an lap pi kontan
Map renmen l nan fon kheur'm sil mache ak nivo'm
Map renmen l anpil e lap renmen pèsonalitem

le diplomate✒
# Wanderson optimiste✒
noël ✒

# Steeve nation Designe ✒
# Fils du berger ✒
# Michelson poéte✏✒ Délivrance

VWAYAJ SAN RETOU🀄🀄Nou pa konn ki lè ni ki jou     Ki kote nou prale pou tout tan      Nan ki kondisyon nan ki sikonstans...
29/06/2022

VWAYAJ SAN RETOU🀄🀄

Nou pa konn ki lè ni ki jou
Ki kote nou prale pou tout tan
Nan ki kondisyon nan ki sikonstans?
Nou pral anbrase silans lan

Eske se jodi ou byen demain
Semèn sa ou byen lòt mwa ,
Ah! Yon jou pou nou viv yon jou pou nou mouri
Se yon sipozisyon ,plis ke setèn

Vini nou
Nou pap fè back
Dayè nou lage toutouni
Debwa pandje
Ak nwit doulè yo

Kò san vi nou yo
Pa gen okenn bato
Anba pye, anba tè
Kò nou pral dekonpoze

Wi! N'ap vwayaje san retou
Sèlman zèv nou yo ak aksyon nou yo k'ap kontinye
Pou pale de nou , de lavi nou
Souvni ak omaj pral koule

Alò n'ap panse sou sa ,?
Pou lavi k chanje
Nan fè bon aksyon
Pou nou k kite yin souvni memorab ............................. .......... Esktrè nan koleksyon powèm yo (SÈVÈ'L ZYE'M✏✏)

# 2KP

#
JaJay Le DiplômateeJay Le DiplômateiJay Le Diplômate # la relève se tèt jenès la

# WaWander OptimistepWander Optimisteanager

# NOËL WIKEN

# RoRocky JulienuRocky Julienpitit godò a

BŒUF✏✏

# MiMichelson Poète DelivranceoMichelson Poète DelivranceeMichelson Poète Delivrance✏

Manman Manman manman manman ,mwen vini devan tron ou jodi a , se pitit gason w ki vini adrese w ak kèk kozman nan  jou ,...
29/05/2022

Manman

Manman manman manman ,mwen vini devan tron ou jodi a , se pitit gason w ki vini adrese w ak kèk kozman nan jou , fèt tout manman ,

Byen ke mwen konnen w pa egziste kote w ye a , kanmenm ak kozman m yo wap atriste , mwen vini pou mwen di w bòn fèt se ak tout nanm mwen ak fòs mwen ,

Mwen te vle siye tout dlo ki nan zye w , tout kalamite w te konn ap pase pou mwen , tout soufrans ou te konn ap andire pou mwen , men elas lavi pap banm chans pou m genyen w nan lavi m

, mwen santi m trist mwen santi m pèdi egziste mwen lè moman sa yo rive , koz tout ti moun ap pran piko ap ale nan radyo pou yo di manmi yo bòn fèt , epi mwen se tristès ak ògèy ki nan kè m ,

mwen te vle retire mizè nan lavi w chak jou men elas lavi pa t banm chans posede w yon dezyèm fwa ankr


mwen te vle w fè w sispann panse ak la mizè li koz li se yon rèv fènwa , mwen te toujou wè lavi pou mwen an roz koz ou te bò kote 'm , men kounya bondye prete souf la mwen wè tout koulè , mwen santi tout doulè ,

Se kè m ki ekri w vèsè sa yo e pa yon prose , ou te toujou kanpe bò kote nou , mèsi pou souri w ak kouraj ou te konn toujou motive m , san ou lavi m tap tankou yon pyano ki pèdi dwèt flè li ,bondye ki konnen tout sa mwen dwe w manman ,

Ou menm ki genyen pa w egziste toujou pran swen'l proteje l tankou de je nan tèt , pa fè tankou ti jan tankou ti pyè k'ap frape pye sou yo k'ap joure sou li , toujou onore l tou bal love li merite a , se pa nan jou fèt la pou w fè l santi onè tete'l se tout tan'l egziste , bon fèt ak tout manman

# Michelson poète delivrance
# la relève se tèt jenès la
# jay le diplomate
# 2kp production
# les mecs du NS2
# Manager wanderson optimiste
# Fils du berger
Tristesse pa m nan jou fèt tout manman yo 😢

Adresse

Ville Des Gonaives

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Michelson Poète delivrance publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Partager

Type