18/12/2020
Lèw anpwazonnen pa CO(monoxyde de carbone) yo ka vin jwenn ou mò rèd oubyen pèdi konesans pataje tèks sa ayisyen dwe konn sa pou yo pran prekosyon...
Nou sonje istwa ki te pase nan yon fanmi okap, kote yo te jwenn manb fanmi yo mouri ,anpil moun te panse se pwazon yo bay yo nan labouyi ,yo te jwenn yon dèlto anndan kay la, lè yo fè otopsi voye laba, rezilta yo bay yo te anpwazonen pa monoxyde de carbone delko an tap degaje an ,gon ka similè ki pase jodya men rezilta otopsi yo pako revele anyen ,anpil moun gen panik
pa panse se Ayiti sa yo ap fèt sèlman son fenomèn ki toujou ap pase nan mond lan yap vin jwenn pil moun mouri san okenn mak, oubyen pèdi konesans, dayè selon rapò CDC gen anviwon 500 ameriken ki mouri chak ane de anpwazonnman envolontè de monoxyde de carbone ke yo vin jwenn san vi swa lakay yo oubyen deyò, ann wè sak pase
Monoxyde de carbone la son gaz ki sot nan konbisyon matyè òganik ki pa yon mank okjijèn olye poul ta transfòme an dioxyde de carbone(CO2) transfòme an monoxyde de carbone(CO)
Monoxyde de carbone,son gaz ou pa wèl,li pa gen okenn sant, li pa irite zyew ni nenw sil la ou pap menm konnen , lèw pran ladann wap respirel komsi de rien n'etait
Lèl antre nan kòw li pran plas oksijèn lan nan sanw, sa ki fè selil yo paka jwenn oksijèn pou pwodwi enèji e selil yo tonbe ap mouri, dega li ka pwodwi depann de kèk faktè tankou:
-siw fon bann tan ekspoze avèl sa ka andomaje sèvo ki ka mennen swa a koma oubyen lanmò
-kantite wap respire an
-sansibilite moun gen avèl
-e de eta sante moun nan
-si kote an fèmen pa gen ase oksijèn
Ki kote moun plis a risk anpwazonnen pa monoxyde de carbone
-kote ki gen jeneratè kap pouse lafimen yon kote ki femen
-kote ki gen aparèy motè kap bay lafimen
-kote ki gen fou a aparèy chofaj ki alimante pa propane oubyen butane ki flite
-outil mekanik ki pran gaz
-aparèy yo netwaye a ot presyon yo
Etc... tout kote ki gen yon aparèy a motè kap degaje nan yon espas ki femen sa ki fè gaz la konsantre
Kounya w ka ap poze tèt ou kisa moun ki anpwazonnen an ap santi?
Sentòm yo lejè lè pa ekszanp moun nan nan yon espas ki gen eleman m mansyone yo epi l ka santi:
-tèt fè mal
-fatig
-noze
-vomisman
Lè bagay la kòmanse serye moun nan ka gen :
-Etoudisman
-fatig
-doulè nan pwatrin
-twoub vizyon
-li paka konsantre
Lèl grav kounya :
moun nan paka fè mouvman nòmal e bagay la agrave li ka paralize moun nan lè sa moun sa paka deplase menm poul kite kote an, li ka pèdi konesans e menm touyel nan kèk minit
Youn nan fason wap konnen wenpwazonnen pa monoxyde de carbone se lè w kite espas ou te santi sentom yo ,ou wè w pa santi sentom yo ankò, se sak fè siw ta wèw yon kote ou ta remake siy a sentom britsoukou sa yo se demake
Malerezman plis gen pwoteksyon ke prevansyon ,paske m sot di nou monoxde de carbone nan,ou pa wèl,li pa gen sant nil pa irite jew a nenw pouw ta konnen l la ,pouw pa anpwazone pa monoxyde de carbone kote ki ap sèvi a aparèy sa yo m te mansyone yo ekipe yo de yon ti aparèy ki se detektè "monoxyde de carbone" lè nivo monoxyde de carbone nan wo li lanse yon alèt epi tout moun yo kite kote an e yal vantile kote an , gen gwo konpayi ki genyen yo pou pwoteje anplwaye yo
Nivo pwoteksyon se rete nan espas kote lè byen penetre lèw nan foul, oubyen lèw ap sèvi a aparèy sa yo
Like & pataje pou plis moun ka jwenn konesans
Idantifye yon moun li avèw
Kerry NORBRUN