Team PROMO

Team PROMO Agence de promotion et de Spectacle

02/10/2025
Deja 5 lane, depi Satellite TV limen sou ekran w. 5 lane depi lakilti, espò, sosyete, politik ; jwenn yon lòt tablo ak k...
14/08/2025

Deja 5 lane, depi Satellite TV limen sou ekran w. 5 lane depi lakilti, espò, sosyete, politik ; jwenn yon lòt tablo ak koulè diferan.

Zèv da sila a, pa t ap posib san kout penso tout swivè, z, kòmanditè ak kolaboratè n yo. Chapo pou nou chak, pou nou tout.

Pou ane k ap vini yo, nou swete rete men nan men ak ou, pou n klere lòt chimen, trase lòt chantye, kanpe lòt poto. Se ansanm n ap toujou monte sou tèt mòn yo, pou n konnen lanbi a, limen flanbo a.

Satellite TV renouvle angajman l pou l pwodui kontni kalite, k ap itil kominote a.

Bòn fèt Satellite TV. Pou toujou : « Au delà des planètes »

06/07/2025

🔥⚽️JOU A RIVE!
Chanpyona été AJSL lan ap kòmanse dimanch sa!
TANN POU TANN vs FC MOTIVE
📍Parc Gérard Christophe, Léogâne
🕓 4 PM | 🎫 300 HTG
Pa rate Match sa a.
Animasyon ak DJ Easy & DJ Djass!

Pral gen Boul epi ap Gen PEPSI!!!
Ki ekip w ap chofe nan chanpyona ane sa?

23/05/2025

Wiii enskripsyon an lanse depi Jodi a menm.

Èske w pare pou w bay talan w angrè ?
Pare pou w wouze rèv la ki t ap dòmi anba boujon ?

Wi moman an rive, pou flanm anndan w lan jèmen...
« ON STAGE »





Adresse

25, Rue Lavandiere, Leogane-Haiti
Ville De Léogane
HT6210

Site Web

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Team PROMO publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Partager