13/03/2026
Peterson PLAISIR : yon vwa angaje pou edikasyon, kilti ak medya an Ayiti
Jan sosyete a prale la nan Ayiti,sitou nan kapital la ,pòtoprens
kote nou genyen yon jenès kote majorité nan yo konsakre tan yo ak: Alkòl,dwòg, Aza.
Yo chache tout pretèks pou évite kwaze ak lekòl epi lite pou yon lòt Ayiti.Peterson Plaisir se youn nan jèn ki chwazi fè diferans.
Peterson PLAISIR se yon ekriven, edikatè, jounalis ak antreprenè kiltirèl ayisyen ki ap travay aktivman pou devlopman edikasyon ak pwomosyon kilti nan sosyete a. Li fèt 5 me nan Delmas, Ayiti, epi li grandi nan Taba, nan yon fanmi monoparantal. Depi byen bonè, lavi li te make pa volonte pou aprann, transmèt konesans, epi sèvi kominote li.
Pou fòmasyon li, Peterson PLAISIR fè etid primè ak segondè li nan plizyè lekòl nan zòn Tabarre ak Damien, tankou École Nationale de Tabarre, Lycée Guy François Malary de Damien, ak Institution Éducative Manitane de Luc (APJ). Apre sa, li kontinye ak yon chemen akademik pluridisiplinè ki gen ladan jounalis, dwa, lang ak kilti franse, ansanm ak sinema. Li etidye journalisme nan Maurice Communication, dwa nan École de Droit et des Sciences Économiques des Gonaïves, lang ak kilti franse nan Institut Français de Port-au-Prince, epi sinema nan Cine Institute / Artists Institute de Jacmel.
Ant 2016 ak 2021, Peterson PLAISIR travay kòm pwofesè nan plizyè lekòl nan zòn metwopoliten Pòtoprens. Li te anseye lang vivan, syans sosyal ak atizay plastik. Angajman li nan domèn edikasyon an pa limite sèlman nan sal klas, paske li toujou ap chèche fason pou ankouraje jèn yo devlope kapasite yo.
Nan sans sa a, an 2014 li fonde Optimiste Centre Littéraire et Artistique (OCLA), yon òganizasyon ki gen objektif fè pwofi. Atravè estrikti sa a, li lanse plizyè pwojè sosyokiltirèl ki vize ankouraje edikasyon ak kreyativite lakay jèn yo. Youn nan pi gwo inisyativ li yo se “Pour la Promotion de l’Éducation en Haïti (Promodéu-Haïti)”, yon konkou entèskolè anyèl ki ankouraje ekselans akademik pami elèv yo.
An menm tan, Peterson PLAISIR devlope yon karyè nan jounalis ak medya. Li kolabore ak plizyè medya an Ayiti tankou Radio Télévision Espace, Haitian Slogan, ak Vantbèf Info, kote li travay kòm redaktè ak prezantatè. Li gen eksperyans tou nan medya nan Repiblik Dominikèn, kote li kolabore ak Tele Pete.
Kòm antreprenè kiltirèl, li antre nan lòt domèn kreyatif tou. An 2019, li kreye( Perle Rare Agency), yon ajans ki travay nan mòd ak manken. Li devlope tou aktivite nan evènman, piblisite ak pwodiksyon odyovizyèl atravè antrepriz multisèvis li ki( rele Plaisir Production.)
Sou plan literè, Peterson PLAISIR se yon otè ak powèt ki itilize ekriti kòm yon zouti refleksyon ak fòmasyon. Pami travay li yo genyen “L’art et littérature : essence d’une vie meilleure”, yon liv ki sèvi kòm zouti pedagojik nan plizyè lekòl. An 2025, li pibliye roman “La Flamme du Leader”, yon istwa inisyatik modèn ki abòde kestyon diyite imen, responsablite pèsonèl ak rezilyans nan yon kontèks sosyal ki difisil.
Jodi a, Peterson PLAISIR kontinye travay pou fè pwomosyon edikasyon, literati ak kilti, pandan li sèvi ak medya, pwojè sosyal ak antreprenerya kiltirèl kòm zouti pou pote chanjman pozitif nan sosyete ayisyèn nan.
Li toujou prè pou li sipòte tout projè ki kapab pote frui pou kominote li, li renmen bay ti blag ak moun ki pròch li.
Lè wap gade li ou wè li parèt yon moun trè dou,poutan andedan li genyen yon tanpèt ki ka deklanche lè ke li an kòlè.
sèl defo yo di Plaisir genyen li tèlman detèmine pou li sòti sa ki andan li a, pafwa yo di ke li egosantrik.
pou fanmi li ak zanmi li, li se yon chouchou, paske pou yo li se yon defansè a k yon protektè.
Lè ke ou fin li istwa lavi jèn gason sa ki detèmine fòme tèt li, epi mete li o sèvis peyi li , malgre difikilte lavi, epi enstabilite ki genyen ayiti. Eske wap toujou gen kouraj si ou chwazi antre tèt ou nan move bagay ki pou fè sosyete kap ekzijew men,ki pap edew la, ale kondane ou san jije ou la, sou pretèks ke ou pat gen lòt chwa ke fè betiz?
N.B . média ak rezo sosyal entènèt gen pouvwa pou touye moun pandan ke li ap viv,e pou resisite moun pandan ke li antere deja.
Francene Oblin jounalis kiltirèl angaje !