28/08/2023
Menm jan tan an pa sispann modènize, se konsa nou menm tou nou pa sispann reflechi pou nou kreye pwodui ki mache ak tan an , yon fason pou toujou satisfè kliyan nou yo.
Se ak kè kontan nou ap prezante w yon nouvo koleksyon bwat en katon ke Ermie-Decor et Bricolage fabrike pou ou. Sa yo se pa sèlman bwat, men se yon opòtinite kreyatif pou utilize bèl anbalaje lè ou bezwen ofri yon kado tankou ofri yon gato, anbale yon gam pafen, yon gam pwodui pou bb, elatriye... Ou ka itilize l nan fason ou vle pou nenpòt pwodui ki fèw plezi.
Mèsi pou supò w chè kliyan.