11/02/2023
https://www.facebook.com/100053302551907/posts/709131947540217/?app=fbl
Gen konpatriyòt ki di
Tchovi Thòy'Art yo monotòn
Ki vle di tout prezante yo menm Jan
Pale menm Jan Elatriye.
E si tout Tchovi k ap leve
Te gen chans kwaze Thòya
Epi pou tout ta gen menm monotonie an?!
M kontan remak la.
Sa n dwe konnen
Pa gen yon Tchovi Thòy'ARL
Ki pa ta renmen sanble ak Thòya
SE THÒYA KI MODÈL YO
E SE THÒYA KI MENTOR YO TOU MEZANMI.
Nou wè foto sa
M di tout moun ap pati
Men yo pa konn ki koulè m ap abiye
Lè m resi soti deyò
Yo wè m an nwa
Epi tout ale chanje yo
Pou yo abiye menm koulè ak mwen.
Nou pa imajine nou menm
Ki di n se LIDÈ,nou menm ki gen ORA,
nou menm ki di n se ENFLIYANSÈ
Nou pa imajine ki ENPAK nou fè sou tout yon SOSYETE.
E m ale pi LWEN pou m di
Si n gen MODÈL SOSYETE sa jounen jodi a
Se FÒT nou.
O mwen
MONOTONIE ki nan Tchovi Thòy'Art yo
A fè nou konprann REYALITE a pi BYEN
Nou menm JENN,nou menm GRANDÈT
Ki lage nan tout VAGABONDAJ
Na konnen o mwen Tchovi k ap vini yo
Tchovi nou di
se yo ki LESPWA demen an
Na konnen Se NOU yo pran KÒM modèl.
Kounya mande TÈT ou
Kijan de MODÈL ou ye.
Kite m di w sa
MODÈL ou ye jodi a
Se MODÈL sa w ap kite demen
Pou m di w
Thòya asime MONOTONIE an
E Thòya pa KONTE rete la
Paske MONOTONIE an pote fwi jiskaprezan.
🖤❤🖤