KonpaMizik

KonpaMizik This page is to honor all Konpa Music Bands & Konpa Artists that marked our culture or anyone that contributes to the Konpa World . let’s start the process

We might also post things that are related to us as Haitians. KonpaMizik is like an Umbrella..

PETERS BAKERY: Lè dimanch te gen gou souvni 🥐🇭🇹Te gen yon epòk kote, nan Pòtoprens, gen kèk kote ki te fè pati abitid la...
31/08/2026

PETERS BAKERY: Lè dimanch te gen gou souvni 🥐🇭🇹

Te gen yon epòk kote, nan Pòtoprens, gen kèk kote ki te fè pati abitid lavi chak jou. Nan Champ de Mars, Peters Bakery te youn nan kote sa yo.

Dimanch te gen pwòp rit li. Pou anpil moun nan Pòtoprens, pase nan Peters Bakery te fè pati ti abitid ki te bay jounen an yon gou espesyal. Se la moun te konn rankontre, kwaze ak figi yo te abitye wè, pase yon ti moman ak fanmi oswa zanmi.

Se pa t sèlman yon boulanjri; se te yon kote ki te mare ak anpil souvni, rankont ak yon sèten dousè nan lavi.

Sa ki pi enteresan an, se paske Peters Bakery pa t sèlman rete nan memwa moun ki te konnen l. Gen dokiman istorik ki konfime prezans li nan Champ de Mars epi ki montre jan kliyan yo te fidèl. An 1961, yon anons ki te parèt nan Haiti Sun te raple moun Peters Bakery nan Champ de Mars te toujou nan menm plas la, ak “menm kalite ak menm sèvis la.”

Jodi a, lè nou pale de ansyen kote moun te konn rasanble dimanch nan Pòtoprens, Peters Bakery fè pati memwa kolektif yon vil kote plizyè jenerasyon te konn rankontre natirèlman.

Gen kèk adrès ki disparèt, men yo kontinye viv nan souvni moun ki te konn frekante yo.

E nou menm, èske nou sonje Peters Bakery nan Champ de Mars? Ki sa dimanch te reprezante pou nou nan epòk sa a? ❤️🇭🇹

Sarita Manze Kreyol Papiyon

31/08/2026

Nou repati ak bagay lontan pou nou .

🇭🇹🇯🇵🎾 Naomi Osaka ap mete dife nan US Open 2026 la! 🔥🎾
30/08/2026

🇭🇹🇯🇵🎾 Naomi Osaka ap mete dife nan US Open 2026 la! 🔥🎾

UNIFORM LEKÒL — Jodi a, Jedi… 🇭🇹🎓Mwen panse fòk mwen ta fè yon ti pale sou jan elèv epòk pa m yo te ye. M ap raple nou t...
27/08/2026

UNIFORM LEKÒL — Jodi a, Jedi… 🇭🇹🎓

Mwen panse fòk mwen ta fè yon ti pale sou jan elèv epòk pa m yo te ye. M ap raple nou tou, post sa a pa la pou dévalorize lekòl, men se jis pou m rakonte jan nou menm, jèn epòk sa a, te konpòte nou.

Se te yon bèl bagay chak lendi maten pou w wè lari peyi nou an chanje ak koulè inifòm diferan lekòl yo. Sa te vle di yon sèl bagay: nou t ap prepare avni nou. Tout paran te kontan wè pitit yo pral chèche chemen lavi yo, kit yo te rich kit yo te pòv.

Fòk mwen di sa: depi ou chita sou menm ban lekòl ak yon moun, ou konn vin fè yon sèl ak moun sa a pandan tout tan nou pase ansanm lekòl la.

Kisa yon inifòm te ye pou nou? Repons lan fasil: se te drapo w, se te fyète w, e plis toujou, se te yon gid pou ou.

Lè w te nan lakou rekreyasyon an, inifòm tout moun te toujou pwòp, byen pase e byen prezante. Granmoun lakay mwen te konn ban m 2 pantalon ak 3 chemiz pou ane lekòl la. Se te yon bagay ki ta vrèman lèd si frè m ta voye m lakay paske mwen sal! 😂 Mwen t ap pran makak nan men papa m, epi manman m t ap oblije rale m bò zòrèy mwen.

Epòk pa m nan te gen anpil respè pou inifòm. Ou menm, ou te prèske pè pale fò nan lari ak inifòm ou sou ou. Inifòm ou te reprezante lekòl ou tout kote ou ale. Ou pa t ap jwenn yon elèv ap fè vagabondaj nan lari ak inifòm lekòl li sou li.

Mwen menm, mwen te konn mache ak yon mayo blan nan valiz mwen, si m ta bezwen fè yon ti chapat nan lari a. 😂

Depi ou gen inifòm sou ou, te gen yon seri bagay ou pa t kapab fè: manje nan lari, jwe foutbòl, goumen, fè dezòd, elatriye.

Elèv yo te konn respekte lòt elèv parèy yo tou. Se pa t fasil pou w antre nan yon batay ak yon lòt lekòl si se pa t nan Gymnasium lan, vandredi, Télé Génie, elatriye. 😄

Elèv lekòl yo te yon gwo pyè nan mouvman sosyal peyi a, paske se la tou ou te konn rankontre elèv lòt lekòl, kote ti zanmitay te konn fèt.

Tout moun te konn jere imaj lekòl yo ak inifòm yo. Se te yon bèl bagay lè w jwenn elèv ki pa nan menm lekòl avè w ap fè wout lakay yo ansanm paske yo rete lwen. Yo t ap pale sou jan jounen an te pase, sou kou Matematik, Fizik, Chimi, elatriye.

Sosyete nou an toujou vle mete yon divizyon nan tèt nou ant elèv lise, lekòl prive ak lekòl leta. Men lè nou tout kanpe ak inifòm nou, gen yon sèl bagay ki kenbe nou ansanm: EDIKASYON.

Mwen toujou rete kwè Ayiti mwen te konnen an gen pou l retounen sou kat nòmal li ankò. 🇭🇹

M ap voye yon gwo kout chapo pou tout elèv nan peyi mwen an. Mwen konnen bagay yo pa fasil, men chemen edikasyon an se verite. Kenbe fèm, pa lage! 🎓🇭🇹❤️

E ou menm k ap li post sa a, mete yon foto w ak inifòm lekòl ou a nan kòmantè yo. Ann fè yon ti vwayaj nan tan ansanm! 📸❤️🇭🇹

Yereswa mwen regade youne lan pi gwo kòbòy mwen wè la timoune mwen😜Les Sept Mercenaires se pa t yon ti kòbòy konsa. Se y...
27/08/2026

Yereswa mwen regade youne lan pi gwo kòbòy mwen wè la timoune mwen😜

Les Sept Mercenaires se pa t yon ti kòbòy konsa. Se youn nan fim kòbòy ki gen tout engredyan yo: zam, duel, bandi, cheval, dezè, onè, sakrifis… epi yon ekip mesye ki pare pou mete lavi yo an danje pou yon ti vilaj.

Epi lè ou wè l ankò apre anpil ane, ou konn remake bagay ou pa t menm pran nan je w lè ou te piti. Charles Bronson kòm Bernardo, Steve McQueen, Yul Brynner… tout ekip la te gen yon prezans ekstraòdinè. 🔥🤠

Mwen ta menm di: si se fim kòbòy klasik yo n ap klase, Les Sept Mercenaires antre fasil nan Top 10 lan.

Gade sa ki vini lan tet mwen
27/08/2026

Gade sa ki vini lan tet mwen

Good Job to my bro Gerald Kebreau bon bagay
27/08/2026

Good Job to my bro Gerald Kebreau bon bagay

Chak basis gen yon istwa, yon eksperyans, yon pakou ak yon vizyon s...

27/08/2026

Aprè Coupe Cloue men yon lòt lejand mwen pense tèks li yo pat inosan nèt🤣🤣 Ki moune ki konnen atis ki ap Chante la

Estati Alexandre Pétion se sou Champs-de-Mars, Pòtoprens, nan zòn ki te rele Place des Héros de l’Indépendance . Epi sou...
27/08/2026

Estati Alexandre Pétion se sou Champs-de-Mars, Pòtoprens, nan zòn ki te rele Place des Héros de l’Indépendance . Epi sous istorik yo di Prezidan Paul E. Magloire te fè mete plizyè moniman an valè nan Champs-de-Mars pandan peryòd li a.Si ou ap hade byen gen yon Siy “VIVE PAUL E. MAGLOIRE” ak piblisite Coca-Cola a fè foto a tounen yon bèl dokiman vizyèl sou Pòtoprens nan ane 1950 yo….

Fito Kredi : Vintage Haiti

Pandan Leta en zabèlbòk nou yo ap kite yon peyi kraze lan men yo men ki jan Kenscòff te ye an 1979  Foto Kredi Vintage H...
26/08/2026

Pandan Leta en zabèlbòk nou yo ap kite yon peyi kraze lan men yo men ki jan Kenscòff te ye an 1979

Foto Kredi Vintage Haiti

Adresse

Palais National, Chalmas
Port-au-Prince
000761

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque KonpaMizik publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Contacter L'entreprise

Envoyer un message à KonpaMizik:

Raccourcis

Partager