24/03/2020
VMPAM ki se yon jèn asosiyasyon pa ka rete san li pa di mo pa l fas ak maladi fatal sa kap toumante lemond
Men konsèy nou an plis pou frè ak Sè nou yo, Ayisyen nou yo...
Fas ak maladi sa nou tout gen sipò nou pou n pote jis pou n ka kwape e pote viktwa sou korona...men pou korona pa kourone nou fok nou kolabore
Premyeman pa konfan n politik ak maladi a se vre gen anpil moun kap di maladi a se yon bgay politik se lajan ki tonbe yo bzwen pran lajan sa men nap diw se pavre siw tande yon moun kap di sa jis poul ka montre w ke maladi a pa egziste dil se pavre
E lenpòtan se gade kijan ki mwayen w ka proteje fanmi m zanmi w pitit ou e peyi w pou kounye a Pa gade ki sa leta a itil ou, gen moun ki di bon Prezidan an pa itil moun anyn se kounye a lap pran pòz li .kite m di nou VMPAM pa yon asosiyasyon politik men li itilize mwayen sa pou l diw li tande tout agiman sa yo men maladi a se la ki fòs li lè li wè gen chirepit mesaj ke otorite yo mete anplas pa pratike pa pèp la kèl kontan lap danse lap ponpe jis poul mache ak kouron li pou l mete nan tèt nou poul ka toupizi nou, paske li konnen depi leta a pale akoz nou pa kwè nan leta a nap di se bobin oubyen fab sa pou nou fè nap fèl pran lari a nap fèl men ou konnen se la ou menm tou ou ka patisipe nan detwi fanmi w tou , sevre ou ka dim nou pa pare pou maladi sa nou VMPAM nou dakò men ak sa yo di nou yo, nou ka montre corona nou pa pèl paske si nou pratike konsèy yo : pa mache san bezwen evite kote ki gen anpil moun respekte distans yo ba nou an paske depi nou pa respekte l maladi a ap kokobe nou pa janm bliye lave men nou avan nou manje lèw fin manyen yon bagay kelkeswa lave men an se yon eleman ki enpòtan anpil pa bliye l , pa bay lanmen, pa bo, pa bay akolad, ou konnen si nou respekte prensip sa yo se kòmsi nou te pare paske fòs li se nan tout sa yo nou tap di la yo
Pou VMPAM slogan nou se respekte règ ijyèn yo e korona pap ka kourone nou, non selman ou menm , zanmi w fanmi w legliz ou pastè w fidèl ou mennaj ou madan n ou mari w pitit ou Tonton w Ma tante ou Cousin cousine anfen peyi nou kise Ayiti paske peyi a pa pou leta sèlman men li pou nou tou an nou mete men an nou kolabore ak Leta respekte prinsip li ba nou yo, pou n ka sove peyi cheri nou an ki se Ayiti....
Ak prinsip yo korona pap ka kourone peyi n 🙏🙏🙏🙏🙏🙏🙏🙏🙏