20/10/2019
💕💓💓💓Bèl tèks💓💓💓💕
Yon 18 oktòb konsa pandan'm paka dòmi nan 3 zè nan maten , Mwen monte sou Facebook, se konsa'm wè you jenòm ki rele David voye mande'm Zanmi , epi'm asepte demann lan,
li di'm :
-"Salut, sa'w ap fè sou Facebook nan lè sa?
-M'jis di'm ke'm paka dòmi Mwen konekete pou'm distrè'm avèk Moun ki an liy,
-li di'm evre?
- M'dil "wi" e ou menm sa'w ap regle la?
- Li di'm lap chèche Zanmi pou'l dyaloge
épi nou kontinye pale , se konsa li kòmanse fè'm ri nan mesaj li yo , lè'l vin 4trè m'santi dòmi an mache sou Mwen m'di'l m'pral dòmi wi epi'l mande'm fè echanj nimewo avè'l san fè tèt di Mwen ba'l nimewo'm, lè'm reveye nan lè 6 zè m'gentan jwenn plizyè mesaj ap tann Mwen ,
m'leve avèk you kè kontan paske'm wè'm gen Moun kap panse avè'm you bagay ki pa rive pou Mwen fasil, nou kòmanse pale nan videyo call sou WhatsApp , li tèlman felisite'm m'santi'm kontan pou premye fwa'm jwenn you nèg fè'm tout konpliman sa yo
se konsa nou vin kòmanse you'n paka dispanse lòt, li toujou disponib pou Mwen , se nan peryòd ke'm te an vakans inivèsite'm te fèmen épi li menm te pran konje anyèl li nan travay li , aprè 22 jou li kòmanse koutize'm, menm pa ba li okenn espwa menm damou nèg la pou jan'l fè'm santi'm byen, mete lajwa nan kè'm
aprè 'm fin pale avè'l m'toujou dòmi san reveye , 5 jen sou yon mwa li vin mande'm pou'm vin lakay li , papa'm al travay Ladwàn , manman'm al vann mache Ipolit, sèlman Mwen avèk you ti sè'm ak sèvant lan kite nan kay la , kè'm te kontan jou sa paske'm Pat ka tann pou'm al wè'l e pou'm deside vrèman si'l fè'm santi'm byen nan prezans li tou, lè'l vini rankontre'm bèl akolad , nou chita nan salon an épi m'santi yon ti bagay koule nan Kilòt Mwen lè'm ale nan douch la al gade m'te gentan sal kò'm
pandan'm wè'l la tèlman'm te santi'm gentan atire pa li menm , m'pat ka lave bouboun Mwen e chanje Kilòt paske'm pa lakay mwen, lè'm retounen chita kote'l, nou kòmanse gade seri , anpil bèl blag m'te santi'm trè byen ,
lè'l fè 2 zè li chwazi mennen'm nan yon bar dansan, na'l manje ansanm , nou danse épi nou arive fè lanmou , m'anvi di'l m'anvi'l menm santi'm jennen paske'm patka reziste tèlman klitoris Mwen tap vibre , nèg la santi bon, li konn pale anfen , epi'l chéri mennen'm lakay mwen, aprè nou fin byen bo, li di'm chérie Mwen anvi'w , m'di Mwen menm tou men yon pwochèn fwa , lap pèsiste'm nan tèt Mwen Map di gen you konsekans aprè pou jan'l ap pèsiste'm nan, epi'm fè sanblan fache li deside mete'm nan machin li al depoze'm,
nan mitan wout la li kanpe machin nan pou'l touche'm, karese'm e pwopoze'm fè sèks nan machin nan , m'dil chéri Mwen te lakay ou, nou sot nan resto e gen Otèl poukisa'm ta vin kouche avè'w nan machin nan epi'l souke tèt li, m'gade'l m'pa di'l anyen, lè'm prèske rive m'desann m'rantre lakay Mwen epi'l ale , nou anbrase pou'n separe.
Nan aswè Mwen mande'l si'l rive li di'm wi epi'm ekri'l yon tèks pou'm di'l ke se pi bèl moman ke'm te ka pase nan vi'm nan prezans li pou janm santi'm byen epi'l ekri'm pou'l di'm li renmen'm anpil e'l vle fè vi'l avè'm , mesaj sa fè'm souri kote'm te reponn li mèsi pou Lanmou'l , Mwen renmen'l bòn nwi, nan demen'm leve m'pa jwenn mesaj li, m'rele'l li pa pran apèl Mwen, ekri'l okenn répons , m'rele sou Facebook menm Jan m'kòmanse toumante
Map reflechi kisa'k pase'l , ki sak rive'l Mwen fin abiye'm pou'm al lakay li al gade sa'l genyen lide'm di'm pa sòti, Mwen fè nwit lan ap rele'l anyen pa mache , chak fwa'm tande fòn Mwen sonnen m'panse se li se yon lòt m'tchuipe
se konsa you mesaj monte lè'm gade m'wè se nom David ki monte m'santi'm soulaje ke'l an vi , lè'm ouvri mesaj la li di'm: Sarah chérie m'vrèman dezole , Mwen te nan you ti diskisyon avèk Ex Mwen , m'retounen avè'l.
Dlo kòmanse sòti nan je'm epi'm ekri'l "Que la volonté de Dieu soit faite".
M'kriye paske'm te gentan damou nèg la , m'te gentan prè a tou, m'kriye paske'm wè si'm te gentan ouvè pye'm ba li kijan'm ta pral viv sikatris lanmou 1 jou sa , m'kriye paske'm wè Jan bèl moman sa ta pral rete pi move eksperyans nan vi'm.
Mwen pou nou medam , mefye'w de lanmou nèg Facebook ap ofri'w,
-mefye'w de yon nèg kap pran woulib sou lanmou pou'l kouche'w nan premye jou'w sòti avè'l , dèfwa Moun nan pa bezwen'w , li ba'w tout bèl avans ki genyen pou'l jwenn mot de passe kilòt ou, aprann fè rezistans devan anvi nou pou nou pa regrèt demen.
Ilistrasyon: Rigo Cross
Crédit Photo : Ad-Lysa