21/08/2026
🇭🇹🔥 Ricardo Adé ak LDU Quito nan kar de final Copa Libertadores!
Grenadye a ak ekip li a elimine Mirassol, klèb brezilyen an, nan seyans penalite 5-4 apre match la te fini san gòl nan 90 minit la.
Ricardo Adé te jwe tout match la epi li te pote kontribisyon pa l nan gwo viktwa sa a.
Yon lòt Grenadye k ap fè pale de li sou sèn Amerik di Sid la! 🔥👏🏾