07/11/2019
Si yon moun deside soti nan vi'w, ouvri pòt la pou li, e asire'w ke'w take'l lè'l fin ale. Si yon moun kite'w lè'l vle epi'l tounen nan vi'w ankò lè'k fè'l plezi, sa vle di se ou ki mayon fèb la se ou ki ti jwèt la se ou ki pa ka jwenn lòt la. Li pa fè sans pou'w toujou chita ap tann moun ki te brize kè'w la vi'n geri'l pou ou anpil fwa lè yo tounen se paske yo wè'w an vi toujou yo vin touye'w nèt.
Moun nan di'w ann pran yon poz paske'l pa santi'l pare pou relasyon serye, men fòk li toujou wè'w fòk li toujou kouche'w. An reyalite Li jis bezwen yon poz paske li bezwen plis tan pou nouvo moun nan li bezwen plis tan pou moun li vle serye avè'l la. Li renmen'w men li pa renmen'w ase pou'l fè vi'l avè'w, ou manke'l men ou pa manke'l ase pou'l tounen nan vi'w. Li jis vle rete an kontak avè'w pou'l ka konnen biznis ou, pou'l ka enpoze prezans li nan vi'w, pandan l'ap kontinye fè chemen'l li vle pou'w chita ap tann li jous ou tounen pwa tann. Pafwa tou yo bezwen pou'w la si tout fwa kote yo ale a pa ta pi bon, lè sa y'ap tounen vin gaspiye tan'w ankò jiskaske yo jwenn sa yo panse ki pi bon pase'w la.
Si yon moun pa ranpli kondisyon nesesè pou ret nan vi'w kite'l ale, pa janm kite moun mete'w sou poz epi pou'w chita ap tann li fè'w favè pou'l repran'w ankò. Kenbe men ak moun ki vle'w ouvri pòt bay sak vle ale. Lavi a trò kout pou n'ap di tan ak moun kap fè jwèt manje tè.
Siw renmen poste la
Like partage epi commente
Invite zanmiw like page la ou pap regret