01/03/2024
Kisa ti chodyè 3 pye 👑🍍🌿🐝🗡 an senbolize ou vle di ?
Èzili Dantò di Madan Lenba, Boran pou moun nan nò.
Li se 1 Rèn nan eskòt lwa Petro(Gad) ki gen Dantò, Manbo Nansi, Mapiang, Balyann, Severin, Marinèt....
Koulè prensipal li se ble ak wouj, gen dimansyon li pote jòn solèy, ble syèl ak ble maren ak wouj e nwa.
Sou regleman petro ou gad li manje kochon, sou regleman Mètrès fran li manje kabrit...
Depi wap pale de panteyon lwa Dantò yo pami objè rityèl nou wè se ti chodyè 3 pye ak ponya, diven wouj, anana, boutèy tranpe li, florida ....
An nou rete sou koze ti chodyè 3 pye an,kisa li senbolize ou reprezante.
Nan chanm Èzili Dantò a travè chante sa mwen te fini pa aprann signifikasyon senbolis chodyè 3 pye an.
Nan Tradisyon Vodou an Ayiti senbolis chodyè 3 pye reprezante Manman chodyè yo te konn kwit manje pou tout moun manje ak 3 wòch dife , ki se yonn nan premye fason zanzèt nou yo te konn kwit manje.
🎵🎶 Èzili Dantò eya dantan kay lan🎵Madan Lenba eya dantan eee.
Èzili Dantò senbolize E reprezante Metrès dantan tout