11/08/2026
Kolekte Limyè ✨
Mwen te disparèt yon ti tan, pou-m al ranmase limyè.
Latè pat sispann vire... men anpil bagay gentan pase.
Mwen fini pa aksepte ke mwen pa renmen mache prese :)
Se yon fason pou-m pran plezi-m goute chak moman , pou-m kite yo fonn andedan-m, epi sere foto yo nan lesprim ...pou-m sonje bote chak eksperyans .
Souvni-m yo se yon panyen lò , mwen sere yo tankou meday lavi ban mwen.
Pou-m retounen fouye ladan-n lè syèl la pare lapli , epi repase bèl vwayaj ki mennen m kotem ye-a.
Anvan -m louvri pòt sou pwochen chapit la...
Mwen ta renmen pataje avèk nou kèk bèl souvni ki dekore miray kè 'm...
Bèl rankont ,bèl nanm , ki enspire m, ki kontinye klere chemen mwen.
Ak lajwa ak rekonesans , map di mèsi
Pandan map louvri kè-m poum akeyi tou sa kap vini pi devan.
E.M❤️
Collecting Light ✨
I drifted off the grid for a little while to collect light…
Meanwhile, our world kept turning, changing more quickly than any of us could have imagined.
I have come to accept that I move through life in slow motion. :)
Perhaps it is my way of savoring each moment, allowing myself to truly feel, absorb, and delight in the beauty of every experience.
I collect my memories like precious keepsakes, I saved them like my badges of honor.
Little treasures of joy and gratitude that I can return to on rainy days, reminding myself of the extraordinary journey that has brought me here.
Before stepping into the next chapter, I would love to share a few flashbacks from my own curated wall of unforgettable moments, encounters , souls who inspired me, and milestones that continue to illuminate my path.
With joy and gratitude I am saying THANK YOU!
Here is to honoring where I have been, while embracing all that is yet to come...
E.M❤️
Credit Picture: Happyman_Photography