Cefpah

Appeler Itinéraire Contacter l'entreprise

Cefpah cefpah centre culturel pour enfant

Gen nan Timoun yo ki souvan pa bay 50 goud yo.Men gen Youn ki nan kou anglè a ki patko janm bay, yon samedi li dim sim b...
07/06/2026

Gen nan Timoun yo ki souvan pa bay 50 goud yo.
Men gen Youn ki nan kou anglè a ki patko janm bay, yon samedi li dim sim baw 25 goud wap pranl?
Mwen gadel mpa ni pran 25goud la, ni reponn li.

Ebyen yè samedi a li banm 1000 goud.
Lèl ap pran monnen an mdil se 750goud WI,
Li Dim no problem!

Nou konprann oubyen explike Nou...

Imajine sim pat kitel swiv kou Avan yo, pou premye fwa li tap vini paske li jwenn kòb la, epi li tap banm pran 50 goud la nan 1000 goud.

Msanti mpap ka jere lajan antrepriz mwen si se Konsa.

Men se Kòman sa tap deranjem lèm wè se genyen li pat genyenl vre e ki enpak sa te ka fè sou li.

Eksperyans mwen ak timoun yo tèlman aprann mwen
Msantim k ekri

Anpil fwa se rezilta Nou wè gen nan Nou ki ka wè li pat fè ase, li fè Efò, li te ka fè plis,Konsa gen Moun ki pase etap ...
03/06/2026

Anpil fwa se rezilta Nou wè gen nan Nou ki ka wè li pat fè ase, li fè Efò, li te ka fè plis,
Konsa gen Moun ki pase etap la ki konn Kòman sa difisil pou atenn
Genyen ki pako janm eseye
Genyen ki nan pwosesis la tou

Rive atenn objektif ou sou nenpòt pwen an sa mande anpil
Sipò emosyonel
Volonte, kouraj, disiplin
yon bon antouraj, ekip solid ak Moun kap boustew malgre moman parèt pi fè nwa.

Nan moman Nou lanse aktivite Cefpah Nou vin gn plis timoun Nou vin gen plis egzijans, Nou te nan yon premye espas ki pat ka reponn a kantite timoun yo e egzijans Nou yo.
Nou vin jwenn yon lòt espas tout bagay ta prale byen,
Sa ki vin prezante
Yo lwe chèz yo kote sa te ka yon blokaj pou Nou men timoun yo di yap Chita atè yo pap ret Lakay yo. Nou kontinye travay
Vin gen kèk Moun ki vin fè vakans nan espas la yon lòt ka ki prezante kote Nou pap ka travay pou evite deranje Moun yo
Paske kote Timoun reyini Toujou gen bri
Sa t fè Nou pat travay yon samedi.

Ebyen se timoun mwen yo ak fòmatè yo kap dim fè sa pito, fè sa pito tèlman yo pa vle ret chita. Sanm pat janm montre yo feblès mwen kote gen nan yo ki panse mpa gen pwoblèm Pou aktivite a kanpe.
Chak yap mandem Kòman sa ye kilè nap travay, mte Toujou rete nan kalm Mwen, menm tap mennen yon gwo batay nan lesprim.
Ebyen nan konsèy yo banm yo mwen te aplike yo.
Pou kounyaa Nou jwenn yon lòt espas pou samedi demen an.
Tout sa poum di Nou avan Nou pote kritik negatif oubyen dekouraje yon ide, yon pwojè yon aktivite chèche konnen
A Kisa Moun yo ap fè fas
Ki pwa sa gnyen pou Moun nan kominite a
Ki gwo batay kap fèt ak Lespri ak nanm Pou kenbe.

E ou menm ki responsab toujou kwè nan sa wap fè e felisite chak ti pa, paske se ou ki konnen ki sakrifis ou fè pouw bay saw bay la.
Pou Yon lòt li ka pa anyen
Men pou ou se rezilta refleksyonw pandan lòt yo ap domi kontak wap miltipliye tan ak enèji.

Tout ti detay konte!
Tout sakrifis ou yo gen pri!

Mpaka di kilè vrèman mkòmanse travay ak timoun mka di se Youn nan pasyonm Men depi 2019 mwen lanse CEFPAH chak rankont c...
31/05/2026

Mpaka di kilè vrèman mkòmanse travay ak timoun mka di se Youn nan pasyonm
Men depi 2019 mwen lanse CEFPAH chak rankont chak gwoup timoun chak espas aprann mwen yon Bagay

Sa mwen aprann pandan Nou relanse pou moman sa yo
Se pa paske wap dirije se pa paske ou posede se pa paskew pi wo pouw panse ou gen dwa pase lidew yo sa konsantman lòt yo.
Pouw paka mande Moun wap ede yo sa Yo vle ou k vin ak tout planw pouw ede e satisfè Yon kategori poutan yo pat janm vle ni bezwen sa men siw aprann tande yo travay la ap fèt pibyen e ou k rive atenn objektif ou pi vit.

Pou premye fwa Mgen yon aktivite ki pa touche fonm ki se pwogram fòmasyon 3 mwa.
E se pat lidem se lide Timoun yo kote yo satisfè, mwen satisfè, paran yo satifè e nou rive kouvri frè transpò fomatè yo ki pat konn fèt avan e ki pèmèt kad la elaji pou plis timoun.

Moral istwa ekilib la fèt lèw deside mande moun wap sèvi yo sa yo vle, epi ou aprann koute yo, pandan w ap devlope pwòp vizyon pa w.

19/05/2026

fason timoun yo evolye
satisfaksyon yo
satisfaksyon paran yo
satisfaksyon fòmatè yo
satisfaksyonm
Satisfaksyon tout yon nasyon
lanmou pou peyi nou nan yon ti jès san nou pa posede milyon

19/05/2026

fason timoun yo ap evolye
satisfaksyonm
satisfaksyon yo
satisfaksyon fòmatè yo
satisfaksyon paran yo
satisfaksyon tout yon nasyon
lanmou pou Peyi nou nan yon ti jès san nou pa posede milyon

12/05/2026
Les jeunes et les enfants ont profondément besoin d’un espace où ils peuvent se divertir, évoluer et s’exprimer libremen...
11/05/2026

Les jeunes et les enfants ont profondément besoin d’un espace où ils peuvent se divertir, évoluer et s’exprimer librement.
Un espace qui valorise leurs capacités, révèle leurs talents, et leur permet d’apprendre de nouvelles choses chaque jour, des métiers, des activités pratiques.
Parce qu’investir en eux, ce n’est pas seulement les occuper…
C’est construire des citoyens conscients, confiants et engagés.
Pour une Haïti prospère, il faut commencer maintenant.
L’avenir n’attend pas.
L’avenir, c’est maintenant.

Notre deuxième séance
Très fougueux
Remplie d'amour

Se t an 2019 Mwen t chita ak Youseline Geffrard Mt proposal sa, Nou t rankontre nn MC nou pat menm trop zanmi menmNou di...
10/05/2026

Se t an 2019 Mwen t chita ak Youseline Geffrard Mt proposal sa, Nou t rankontre nn MC nou pat menm trop zanmi menm
Nou diskite anpil poun t rive dakò sou non sa ki dwe yon patrimwàn.
Epi Nou lanse CEFPAH tout ekip la se t Moun ni ki vin Moun Mwen,
Nan site doudoune Marassa ki t prèske yon dezyèm lkay Pou Mwen si peyi a tap dirije.
Nou tonbe, Nou leve, men CEFPAH (Centre d'épanouissement et de formation des pépinières pour l'avenir d'Haïti) ap fè chimenl
Reyini 55 timoun mete prè de 30 fanmi en confiance se Konsa Nou t reyisi premye aktivite Nou .
Mt gn Sèlman 21 lane
Trop ane pase, trop enèji deyò, Trop sakrifis fèt, trop Konfyans MPako janm regrèt desizyon sa.
Pou mwen se Youn nn bèl akonplismanm se Youn nn misyonm.

Nou pap fèl pou fè wè nap fèl paske gen yon koz nap defann

Sarendia Lebon kòdonatris CEFPAH

Adresse

Port-au-Prince

Téléphone

+50938985112

Site Web

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Cefpah publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Contacter L'entreprise

Envoyer un message à Cefpah:

Raccourcis

Partager

Catégorie