31/12/2020
*VODWIZAN RESPEKTE TRADISYON MAKAYA*
_*Makaya se Makaya, Nwèl se Nèl, Chak fèt yo gen sans pa yo.*_
_("Jwaye Makaya" *pa ekziste* nan Vodou.)_
*Makaya* se yon ansyen koutim payen vodwizan yo adopte. Se fèt *fèy*, se fèt pa noumenm Ayisyen. Nan epòk Makaya, vodwizan regle zafè yo: yo pile fèy, yo pran beny, yo fè manje gad pou yo _danble_ tèt yo (sa vle di: devlope rezistans yo kont maladi).
_Fèt Makaya se yon tradisyon ki te ekziste avan Nwèl._
*Nwèl* se moman kretyen yo selebre dat nesans Jezi, ki se Sovè pou yo. Nan moman Nwèl, kretyen yo kontan paske Sovè yo rive.
Depi apre 2èm Gè Mondyal, Nwèl pa sèlman yon fèt kretyen. Nwèl ak fendane vin makonnen ansanm pou yo tounen yon gwo evenman komèsyal sou latè. *Li vin yon moman kote yon gwo pati nan pèp sou latè yo ap selebre lajwa ak lafratènite.* An Ayiti, moun lavil selebre Nwèl anpil, menmsi li pa gen menm enpòtans nan monn riral la.
Yon vodwizan se yon moun tankou yon lòt. Li fè pati fratènite lèzòm. Yon vodwizan pa bezwen wont di yon moun "Jwaye Nwèl".
Menm si Nwèl pa yon fèt vodwizan, sa pa dwe fè yon vodwizan santi l koupab poutèt kè l kontan nan yon moman kote pifò lèzòm sou latè ap fete.
Nwèl pa premye fèt pataj ak fratènite ki ekziste sou latè. Sa te ekziste deja nan tan Lejip ansyen e nan lòt kilti. Kanaval se yon lòt gwo fèt lajwa ak fratènite sou latè. _Premye janvye se fèt fratènite kay Ayisyen ki pataje yon bòl soup kòm senbòl Libète._
Nan tolerans ak respè, tout moun dwe respekte tradisyon lòt nasyon, lòt kilti.
Vodou pa nan "pa m pibon". Ann viv moman fratènite sa a avèk Ayisyen parèy nou, avèk lòt pèp epi lòt nasyon, san nou pa gate tradisyon enpòtan pa nou.
*"Jwaye Nwèl" pou tout moun ki ap fete Nwèl, anatandan "Bòn Ane" epi _"Bòn Fèt Endepandans"_ pa nou!*
*Danti Pitifè Tèniye*
LAKOU SAVALOUWE
24 desanm 2020