18/07/2021
✅Yon fanatik pozem 2 kesyon an prive..
Mwen vin bal répons yo pibkik paske sa ap ede anpil lòt jèn Fi
🤔 USF ÈSKE MWEN KA TOUJOU AL LAKAY MENNAJ MWEN. FÈ JOUNEN, LAVE POULI, FÈ MANJE POULI, ECT?.
Domaj map kòmanse reponn ou ak yon vérité ki tris.😢. map disa kèm ap rachem ,men moblije dil...
👉🏽depiw twò prezan nan zye Ayisyen, respèw diminye.
👉🏽Depiw twò prezan pou ayisyen an, valèw Diminye.
Gen Moun la, Lèl ekriw malgre ou disponib.. men ou oblije kite mesaj lan fè on 5 minit avanw reponn.. paske gen moun depiw reponn mesaj li ala segond.. li Gentan konprann li menm poul fè stil sou ou, lèw ekril.
🥰Ala bèl satap bèl pouwap fè jounen a Mennaj ou
🥰Ala bèl sata bèl, pouw toujou al lave pou Mennaj ou.
🥰Ala bèl sata bèl, Pouw pase fè manje pou Mennaj ou.
😕Men domaj , anpil gason Ayisyen pa eklere pou sa..
Se valèw ki diminye lè nèg lan wè li jwenn ou toutotan.
😟Anpil paran Ayisyen pranw pou pat espere lèyo wèw toujou pase rann Mennaj ou sévis.
😑Anpil pranw pou ti egare, ti pantan, kap file pitit yo.. men yopa gen dimansyon pou sa.
Mwen pran kouraj mwen poum di nou.👇🏾
Ayisyen pa eklere.
Anpil ayisyen pakonn sa ki lanmou.
Anpil ayisyen pagen dimansyon pou konprann réalité sa
Anpil ayisyen Renmen jije.
Gen anpil bagay gason Ayisyen pa prè pou yo.
Paran ayisyen paprè pou yo.
Ou oblije fè respèw.
Ou oblije ap fè rezistans ak kèw.
Ou oblije ap di non pou kèk ti bagay trè senp..
Si on amerikèn dim... Eskè lika toujou al fè jounen rann Mennaj li sévis..
Map di WI ak kè ouvri.
Paske paran yo , nan peyi blan yo. Plis konn sak rele Renmen..
Yopa jije moun mal, lèwap manifeste lanmouw.
Moun yo gen lanmou nan kè yo.
Moun yo pagen tan nan fè vye jijman.
Men domaj Jèn fanm Ayisyèn, moblije diw enpozew..
Ouka fèsa yon fwa nan yon mwa.
Men papran sa Kòm pratik.
Papran sa Kòm abitid pouw plede al fè jounen kay Mennaj toutan..
Anpil gason poko prè pou Lanmou sa.
Anpil paran poko prè pou lanmou sa.
Se respèw yo pral desann
Se valèw yopral diminye.
Oupral gen tout non..
👉🏽pat espere,
👉🏽ti pantan,
👉🏽foli damou,
👉🏽chache maryaj,
👉🏽 fè paran Renmenw.
Li bèl pouw pataje tout Lanmouw ak moun ki nan viw lan.✔️
Li bèl lèw bay ou a 100% ✔️
Li bèl lèw fè tout bagay kika kenbe relasyon an an vi.✔️
Li bèl lèw envestiw nan couple lan.✔️
Men ayisyen pa konprann sa.. 😟
Olye pou yo onorew, yo pito desann ou 👎🏽
Gen fanm depiw moutre ou damoul 100% .. li Gentan sou fè tenten .😏
Gen gason depiw moutrel ou damoul a 100% .. li gentan prepare pou fèw soufri.😒
Se tris men m dil..🤷🏾♂️
2ème kesyon✅
🤔USF ÈSKEL NÒMAL POUMAP AL DÒMI AK MENNAJ MWEN PAFWA?.
Gen yon dimansyon anpil enfliyansè sou facebook pa genyen..
Se dimansyon Pouw fè on mesaj pase san santimanw pa degaje ladan.
Se dimansyon pouw fè on mesaj pase, san fistrasyonw pa ladan
Se dimansyon Pouw fè on mesaj pase.. pou se sa moun yo dwe tande oudi yo.. men sepa sa ou menm ou renmen tande.
Jèn fi map diw, se Vrèman dous lè gason an ap plede jwenn kè koko an.
Se Vrèman dous, lè chat lan ap dòmi nan bokit bè an
Se Vrèman dous, lèwap pase yon nwit anba bwa..
Pou leve anba bwa , epiw rive Lakay ou 2 zye koud.
Se Vrèman dous, lèw jwenn piwili an ap tranpe anndanw..
Men sèlsa map diw,
Gen limit depiw depase yo, se moun ki vrè gason.. moun ki konn sak rele renmen .. kap toujou baw menm respè an.✅
Gen limit ou franchi, si nèg ki nan viw lan pa Renmenw a 100%.. lika anvi fè tout bagay avèw, sof marye.✅
Gen limit ou franchi.. antouraj moun ki nan viw lan ap Tèlman di sou ou.. si moun sa pagen Tèt.. lap fèw tounen papye ijyenik.✅
Èskew te konnen sepa tout lè pouw obeyi a krèt ou?.
Pafwa li mèt ap danse, se kitel danse.. paske gen wout Ouwè kigen alsfat sevre, wap ale ak vitès.. men lipap mennenw kotew prale an.
Gen sistèm sosyete ou an pa prè pou li.❌
Premye jouman yon nèg ka baw aprè Maryaj
👉🏽chak swaw te konn ap drive anba vant mwen. M pakonn poukim te marye Avèw.
Gen plezi , 90% nèg peyim poko prè pou yo.
Nèg peyim poko ka fè diferans ant move fanm ak fanm damou😢
Nèg peyim poko ka Konnen lidwe fòs nan feblès fanm.. paske fanm fèb.
Nèg peyim poko ka konprann, yon fanm ki real 🥰
Sesak fè jèn fi , map diw fè respèw.
Map diw jere tèt ou.
Kontrole krèt ou, menm sil bat. Sepa tout lè pouw obeyil.
Pafè tout sakrifis sou pretèks ou damou.. Jodi an sakrifis moun prèske pase anba pye.
✍🏾👉🏽 Jee🦅
NB:: text sa se pou Fanm ak gran F.. sepa fanm ti f.
NB:: text sa se pou Fanm Gold cup, copa america men lipa pou fanm coupe d'Europe, coupe du monde, ligues des champions.
NB:: text sa se pou Fanm ki vivan. Lipa pou Fanm ki gentan antere.
Nou se Union sans frontière..
Lèw swiv nou sou tout rezo yo, sepa favè oufè nou..
Nou travay pou sa.. lèw Swiv nou , ou Aprann anpil Bagay oupat konnen.
Lèw swiv nou, siw echwe nan viw.. se esprew fè.
Pa Bliye Abòne ak channel YouTube nou. https://www.youtube.com/channel/UCKG9UQbe8UATApL8JVYMYTQ
Swiv nou sou instagram
https://www.instagram.com/invites/contact/?i=1o5k6u4ycxcql&utm_content=kulorqr
Université rezo yo.