ANN PALE VODOU

ANN PALE VODOU Vin nou pale vodou 🔥 Vin nou mete kilti an nou an valè 💧 Vin sipòte peyiw 🌬️ Vin devlope enèji ⛰️

Savalouwe konpatriyòt yo kijan nou yeOu bezwen délivré ou blokeLiminasyon sa se pou ou kontaktem pouw konn tout detay  f...
18/05/2026

Savalouwe konpatriyòt yo kijan nou ye
Ou bezwen délivré ou bloke
Liminasyon sa se pou ou kontaktem pouw konn tout detay fanatik yo

Savalouwe, konpatriyòt! 🕯️Èske sa rive w deja w ap fè demann chak jou, epi w pa janm jwenn repons? Èske w janm mande tèt...
16/05/2026

Savalouwe, konpatriyòt! 🕯️
Èske sa rive w deja w ap fè demann chak jou, epi w pa janm jwenn repons? Èske w janm mande tèt ou si w fè demann lan jan sa dwe fèt la?
Ann poze pou n pale sou yon sijè ki enpòtan anpil nan pratik kiltirèl nou: Demann lan. Kisa yon demann ye egzakteman nan Vodou Ayisyen an?
Kisa yon demann ye?
Yon demann se fason yon moun chwazi epi aranje kèk mo ansanm pou l mande yon favè, yon benediksyon oswa yon sekou nan men yon lòt moun, yon kominote, oubyen yon antite espirityèl.
Demann nan Vodou a
Nan Vodou Ayisyen an, demann lan se fason yon vèditè, yon sèvitè, yon oungan, oswa yon manbo aranje yon seri mo ak aksyon pou l mande yon bagay nan men Ginen yo (Lwa yo, gad yo, mò yo, elatriye).
Kijan demann yo fèt jodi a?
Chak jou, n ap fè demann pou n mande Lwa yo sa nou panse nou bezwen (lajan, kay, viza, rezidans, travay, elatriye). Sepandan, nou raman pran tan pou n analize fason n ap fè demann sa yo.
Souvan, nou mande san rete, nenpòt ki kote, ak nenpòt ki jan. Nou fè demann nan mitan salte, nan mitan fatra, oubyen san n pa pirifye kò nou. Nou bliye ke fason nou prezante tèt nou detèmine fason yo resevwa nou.
An jeneral, lè n pral chèche yon viza oswa pase yon entèvyou travay, nou mete n pwòp, nou benyen, nou santi bon, epi nou abiye kòmsadwa tankou moun ki pral nan fèt. Nou fè tout efò pou n byen prezante kòz nou. Men, pouki nou pa konprann ke Lwa yo merite menm respè sa a tou? Yon demann pa fèt nan salte, ni nan fènwa, ni nan mitan move enèji.
4 Prensip pou w byen prepare espas la
Anvan w fè yon demann, asire w kote w pral fè l la pwòp epi li gen bon enèji:
Pirifye espas la: Netwaye kote w pral fè demann lan ak tout anviwònman l.
Pirifye tèt ou: Pran tan pou w wete tout move enèji ki ka bloke demann ou an.
Chèche lapè: Evite antre nan diskisyon ak kòlè, epi evite kote ki pa gen respè ak lapè anvan w fè demann lan.
Chwazi yon kote ki apwopriye: Fè demann lan yon kote ki kalm, kote pyès moun ni pyès bri p ap deranje w.
Etap pou w byen kòmanse demann lan
Remèsiman: Premye bagay pou w fè, se remèsye antite yo pou sa yo fè pou ou deja (sa w konnen ak sa w pa konnen), ak sa yo gen pou yo fè pou ou pi devan.
Ofrann: Prezante yon ofrann bay antite w ap kontakte a (ronm, diven, oswa sa Lwa a renmen).
Klète ak Senplisite: Apre ofrann lan, mande sa w bezwen an san w pa surcharge demann lan ak twòp bagay anmenmtan.
Pwomès: Lè w fini, fè yon pwomès klè pou w di kisa w ap bay an retou lè demann lan fin reyalize.
Rete pozitif epi rete reyalis
Pandan tout pwosesis la, kenbe yon lespri pozitif paske sa w panse a se li k ap tounen ba ou. Mete nan tèt ou ke demann lan deja reyalize depi nan moman w ap fè l la avèk fwa. Lè w fini, rete ak kè poze pandan w ap tann rezilta yo.
An rezime, yon bèl demann baze sou 4 poto: Remèsiman, Ofrann, Bezwen, ak Pwomès.
Men, sa nou dwe konnen tou, se pa tout demann ki fèt pou reyalize. Lanati konn kisa nou bezwen egzakteman ak kisa ki bon pou nou. Ou ka pase tout yon vi ap mande yon bagay san w pa jwenn li; sa pa vle di ou mal mande, men pafwa sa w mande a ka mete w sou yon chemen ki pa t ap bon pou ou.
Si w respekte prensip sa yo, demann ou yo ap gen plis chans pou yo reyalize rapidman ak siksè. Nou dwe fè demann lè sa nesesè, men nou pa dwe lage tout bagay nan men Lwa yo sèlman. Demann lan se yon etap, men rès travay la se nan men w li ye.
Pafwa, n ap mande Ginen yo yon machin aloske nou pa menm gen yon espas pou n sere l lannwit, oubyen n ap mande viza san nou pa menm gen yon paspò nan men nou. Asire w ke pou chak demann w ap fè, ou pare epi w dispoze fizikman ak mantalman pou w resevwa l.
Ayibosalouwe pou nou tout! Kontinye pataje, renmen, epi abòne ak paj ansanm ak chanèl nou yo sou tout rezo yo.
Otè tèks: Samy APV

14/05/2026

Gwo salitasyon pou nouvo fanatik mwen yo! Rose Vital, Speedg Anvaleur, Claudette Claudette

Savalouwe konpatriyòt kijan nou yeVin Fon ti pale sou koze Sila ki se Reklame Kisa ki reklame On reklame se on Moun enèj...
14/05/2026

Savalouwe konpatriyòt kijan nou ye
Vin Fon ti pale sou koze Sila ki se Reklame
Kisa ki reklame
On reklame se on Moun enèji yo bay on misyon
E misyon Sila ka varye nan plizyè branch
Nan vodou Ayisyen an on reklame se on Moun ginen yo chwazi Poul fè sèvis lwa yo
Ou ka reklame pouw kenbe Lakou, pouw ougan, manbo, samba, tanbourinè, elatriye
Kisa ki ka fèw konnen ke ou se on reklame ?
Men kèk siy ki ka moutrew ke ou se on reklame
Pi souvan rèv ou yo konn mistèrye epi ou konn wèw nan kèk andwa ki trè mistik.
Entwisyon Moun sa yo souvan fò Anpil.
Yo gen kapasite pou kominike ak lanati on fason spesyal
Li fasil pou on Moun vin kote yo ak on poblèm mistik pou yo jwenn on solisyon rapid.
Yo toujou ap kominike san rann kont ak espri yo
Sa vle di espri yo toujou ap pale nan zòrèy yo pou ede yo avanse ede yo konprann lavi.
Pou tanbourinè yo menm yo konn wè yo gen don pou fwape tanbou
Pou medsen fèy yo menm espri yo konn ba yo on konesans avanse sou fèy lanati yo
Nan APV nap edew konprann kijan sa ye ann kontinye
Pou fanm saj yo menm depi on fanm ansent rive douvan yo espri kominike yo kijan pou yo edel
On reklame pa nenpòt Moun, men se on Moun ki spesyal Anpil.
Lavi reklame yo pa fasil li difisil Anpil
Sa konn rive souvan yo pa kwè nan tèt yo nan kapasite yo e sa konn rann yo echwe nan misyon yo.
Kèk bagay ki ka rivew lèw se Reklame menw pa bezwen pè
Wap jwenn Anpil difikilte men difikilte yo se pou aprann ou
Ou ka afwonte ka maladi pouw ka aprann trete
Ou ka kwaze ak gwo poblèm pouw aprann koute e pale lè sa nesesè
Yap fòmew yap Jere karaktèw e metew nan dimansyon ou dwe ye ya
Lèw se Reklame ou pa dwe janm neglije sa ou sipoze travay sou don yo baw la.
Siw reklame pouw ougan oubyen manbo wap toujou twouvew nan enpas kote Moun pa ka edew spiryèlman fasil pou moutrew ke plas ou enpòtan e siw travay sou li wap ka ede tèt ou ak antouraj ou lè sa nesesè pa neglije pale Ak espri yo.
Konséy Mwen samy pou nou
Pa neglije liminen pou mande direksyon epi chache koneksyon fòs yo chache konn misyonw konekte ak rasin ou
Pa neglije rèv ou yo
Pa neglije entwisyonw
Pa neglije ti detay yo paske enèji yo pale tout jan
Évite kite Moun manyen kote enèjetik ou yo
Fè charit Anpil ede moun ki nan bezwen
Bay éd lè sa nesesè
Pa janm moutrew konnen pouw ka aprann plis
Metew Piti pou espri yo levew.
Pa janm eseye pote Chay Moun
Si wi ou aksepte
Ou dwe mete disiplin ak sajès Lakay ou
Paske se ak sa yo lwa yo antite yo mache
Pi bon zanmiw se balèn ou se zoryew se meditasyon
Lèw reklame li fasil pouw gen Anpil ènmi pou enèji ou ap gen Anpil Moun ki pwal chache zanmiw pou jwi e gache enèji ou
Men fè lanati konfyans kwè nan tèt ou epi kite yo fè rès la kwèm siw swiv konsèy sa yo wap rive lwen
Pa bliye kite on like oubyen on emoji pouw ankouraje travay Sila se zanmiw PDG APV ya Samy
Ann viv vodou ANN PALE VODOU

28/04/2026

Ollyrich & Double &doublemoment

26/04/2026

mpap sèvi lwa mwen poum a moun o

26/04/2026

mpap fè byen

26/04/2026

towo Map jije

26/04/2026

Jou wa la e

26/04/2026

kore avadra

✨ ANN PALE VODOU ✨Se pa sèlman lafwa… se konesans, gidans ak transfòmasyon.Nou la pou ede w jwenn limyè ou, konprann che...
25/04/2026

✨ ANN PALE VODOU ✨
Se pa sèlman lafwa… se konesans, gidans ak transfòmasyon.
Nou la pou ede w jwenn limyè ou, konprann chemen ou, epi avanse ak fòs espirityèl ou.
🔮 Sèvis nou yo :
• Gidans
• Numewoloji
• Beny espirityèl
📲 Kontakte nou :
📧 [email protected]
🕯️ Vin dekouvri verite ki kache dèyè enèji ou.
✨ ANN PALE VODOU ✨
Ce n’est pas seulement une croyance… c’est une voie de connaissance, de guidance et de transformation.
Nous vous aidons à comprendre votre chemin et à révéler votre énergie spirituelle.
🔮 Nos services :
• Guidance
• Numérologie
• Bains spirituels
📲 Contact :
📧 [email protected]
🕯️ Découvrez la vérité cachée en vous.
fanatik yo

Adresse

Port-au-Prince

Téléphone

+50955333006

Site Web

https://whatsapp.com/channel/0029VaEfa0SBFLgMmTKDtQ20

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque ANN PALE VODOU publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Contacter L'entreprise

Envoyer un message à ANN PALE VODOU:

Partager