Artiste Didley

Artiste Didley des médicaments pour combattre le stress

29/01/2023

Mwen grandi
-Mwen grandi an plen strès
-Mwen grandi nan yon katye kote grangou fè timoun ap kriye san sès
-Mwen grandi nan yon fanmi tèlman sa di menm granmoun pa kite rès
-Mwen granmoun depi nan jenès mwen paske chak jou m fè fas ak lamizè
-Mwen grandi nan yon peyi kote nan vwayaj rèv mwen fè nofraj nan lanmè
-Mwen grandi nan yon peyi kote chimen siksè m trase sou wout lamizè
-Mwen grandi nan yon peyi malgrem pa konn lanfè men m fè fas ak lisifè
-Rèv nou yo echwe
-Frèm yo (malfektè) dejwe
-M pa fouti pale de peyim paske deyò a gen twòp move je
-Se premye peyi kap dirije men se pa leta
-Se pito bandi kap fè aplike la lwa
-Yon bann san konsyans ki pa gen fwa ni lwa
-Ki kenbe peyi a an notaj pou ka fè parèy yo fè dega
-Se yon fyète pou youn mande lòt prete zam pou l fè de bal
-Nan yon peyi kote tout moun gen zam menm si l pa legal
-Fòse nou kouri kite peyi nou anba manchèt dominiken pou nou al mouri mal
-Wi, mwen grandi
-Men domaj mwen pa gen chans rejwi
-Male, si nou pa tandem demen kounen m mouri.
Didley

27/01/2023

Kibò peyi saa prale
-Nap viv nan yon peyi kote dwa mou pa respekte
-Yon peyi kote lapolis ap manifeste pou ensekirite
-Yon peyi kote menm leta pa an sekirite
-Ti malere menm se pa pale
-Pa etonew si lè ou antre ou jwenn kay ou boule
-Tè a konn glise se pa lapli men se dlo je,
-Ti malere kap kriye pou fanmi yo yo kidnape
-San konte sa yo pa wè yo gentan boule
-Pa gen fouye tou mete ankò kounya a se boule
-Pa etonew si yo metel nan asyèt pou yo manje
-Yon peyi kote pyès moun pa epanye
-Kote menm lavi yon ti bebe an danje
-Paske nan yon masak li se premye moun ya touye
-Mizè nan bouda nou paske nou pa menm ka manje
-Nap mande BonDye kibò peyi saa prale
-Si nou la se paske nap respire,
-Men se pa viv nap viv vre
-Yon peyi kote avni nou menase
-Rèv yo toujou anpil men sa pa anpeche nou echwe
-Nou menm etanke jèn espwa, nan lari se nou menm yo plis touye
-Vwazen nou USA met men nan figi ap gade
-Nou menm konpatriyòt nou paka rete debra kwaze
-Ann met tèt ansanm pou sa chanje
-Desalin te moutre nou chemen an nou paka pè revòlte
-Ann pran konsyans de eta nou pou sa ka chanje.
Didley

18/09/2022

Al bay ti jèn saa yo love la sou Facebook , YouTube non anh se Solide prods 509

28/08/2022
edem pataje l please💗💗💗
02/07/2022

edem pataje l please💗💗💗

Didley...
29/06/2022

Didley...

Adresse

Port-au-Prince

Téléphone

+50946497764

Site Web

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Artiste Didley publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Contacter L'entreprise

Envoyer un message à Artiste Didley:

Partager

Type