Thédu'20

Thédu'20 Thédu'20... Nous portons les maux et revendications des opprimés à travers l'art. En ce sens, ils ont déjà proposé un spectacle sous le titre de "délicat cas".

Thédu'20 structure théâtrale sise à l'école normale supérieure (ENS), regroupant une vingtaine de jeunes étudiants de l'université d'État d'Haïti (UEH). Elle a pour mission de former ces jeunes dans de différentes disciplines artistiques ( le théâtre, le chant, la danse etc.) Et aussi elle veut à travers ses créations représenter des classiques de la littérature haïtienne et d'ailleurs. Thédu'20 s

e veut un espace de travail rigoureux car ces jeunes pensent que c'est en travaillant qu'ils peuvent promouvoir la culture haitienne.

N ap renmen nan tout dimansyon posib.Se vre nou poko janm sispann kouri, se atò Souf nou vle koupe, men nou pap sispann ...
15/09/2023

N ap renmen nan tout dimansyon posib.
Se vre nou poko janm sispann kouri, se atò Souf nou vle koupe, men nou pap sispann renmen.
Lanmou ap triyonfe kanmèm

Anpil fèy papye chire anba dlo je, tout panse fè yon sèl, anpil plenn , anvan nou resi grifonnen ti mo sa yo ki pap janm...
24/03/2023

Anpil fèy papye chire anba dlo je, tout panse fè yon sèl, anpil plenn , anvan nou resi grifonnen ti mo sa yo ki pap janm sifi pou Di w sa w te reprezante pou nou Tchad. W ap rete vivan nan lavi kanmarad atis ou yo. Limyè pou ou Zo Kòt nou.......

● Pou twazyèm jou aktivite a (mèkredi 24 dawout 2022), nan maten, nan lè 11è Tediven te fon kout pye nan kè mache salomo...
28/08/2022

● Pou twazyèm jou aktivite a (mèkredi 24 dawout 2022), nan maten, nan lè 11è Tediven te fon kout pye nan kè mache salomon, pou n t al viv on moman pataj, on moman lanmou. On moman ki prèske pèdi sans li nan lavi nou kòm pèp. Konte, rakonte listwa ki pase lontan lontan lontan...
Atò ti machann yo te tanmen rakonte listwa, sousi lavi kwense byen fon nan memwa yo. Paske tout moun gen listwa pou yo rakonte, chak moun k ap viv se yon rezèvwa listwa.

● Aprè devan ansyen lokal lekòl nòmal wo nivo a Twoup Teyat Tediven te depoze batanklan l devan lokal anba zanmann, nan ...
27/08/2022

● Aprè devan ansyen lokal lekòl nòmal wo nivo a Twoup Teyat Tediven te depoze batanklan l devan lokal anba zanmann, nan ri kamelo #13 (devan Kay Sonson). N ap envite w founi je gade kèk imaj espektak Zokòt, yon monològ ki te fèt madi 23 dawout nan lè 4rè.

● Tediven ap envite w jete on koudèy nan foto sa yo pou w kapab reviv espektak Zokòt li te reyalize jou madi ki te 23 da...
27/08/2022

● Tediven ap envite w jete on koudèy nan foto sa yo pou w kapab reviv espektak Zokòt li te reyalize jou madi ki te 23 dawout nan kad dezyèm jou aktivite Teyat San Sal (TSS).
11è devan lokal ENS ri monseyè voyou.

● Tediven pran plezi remesye tout Zanmi ki te kontribye nan jou a pou reyisit aktivite.

Espektak: Zokòt
Metè: Marc Edouard JEAN
Koregraf:Marc Henri Chery
Senografi: Marc Edouard JEAN, Daroosse J. Bourdeau ak Élisabeth Jasme
Kredi foto: Steven Aristil

Domini Resain se youn nan manm komisyon relasyon piblik Teyat San Sal, li met men nan lojistik lan tou.Pandan n ap solid...
24/08/2022

Domini Resain se youn nan manm komisyon relasyon piblik Teyat San Sal, li met men nan lojistik lan tou.
Pandan n ap solidarize avèk li, li envesti tan l ak enèji l pou li. Pita a 4trè sou plas Kalbwa, mache Salomon.

Paske li gen fòs kouray li lan pwojè a.

Aktivite sila se pou ou Domini Resain.

● Aprè K-Fou yo sou plas Bwaye Tediven mennen Foli Kontre Kalfou ayopò( kalfou rezistans) jou ki te 22 dawout la nan lè ...
24/08/2022

● Aprè K-Fou yo sou plas Bwaye Tediven mennen Foli Kontre Kalfou ayopò( kalfou rezistans) jou ki te 22 dawout la nan lè 3zè. Premye jounen aktivite Teyat San Sal.

● Ann reviv kèk imaj espektak Foli kontre avèk komedyen(èn) nou yo, dansè(z), mizisyen nou yo, chantè(z) nou yo...

Yon gwo ochan ak tout moun ki pèmèt aktivite sa reyalize...
Mèsi ak Ekip teknik Tediven, foto-jounalis yo( Edris FORTUNÉ ak Kanga zile), videyograf nou Steeven Aristil ak tout ekip lojistik nou an.
Mèsi ak bèl piblik kalfou ayopò a.

● Tediven ap envite tout moun alawonnbadè  founi je gade nan kalandriye twa (3) jou aktivite Teyat San Sal.● Men non esp...
21/08/2022

● Tediven ap envite tout moun alawonnbadè founi je gade nan kalandriye twa (3) jou aktivite Teyat San Sal.
● Men non espektak yo, dat yo ak espas yo...







● N ap tann tout moun
● Nan yon pwojè lari
● Nan yon pwojè lavi

●Sandrapoblan...

Konsepsyon: Ekip atistik Tediven
Reyalizasyon: Daroosse J. BOURDEAU et Elisabeth JASME
kredi foto: Rush photographer

●Thédu'20 remercie toute l'équipe de Mus'elles pour ce beau papier qui est un compte rendu fidèle du spectacle K- Fou yo...
17/08/2022

●Thédu'20 remercie toute l'équipe de Mus'elles pour ce beau papier qui est un compte rendu fidèle du spectacle K- Fou yo. Ce dernier a eu lieu le vendredi dernier à la place Boyer dans le cadre du lancement de Teyat San Sal (TSS).

Spread the loveEntre une histoire qui questionne et des comédien-ne-s à la mesure des rôles incarnés, amateurs de théâtre et simples curieux ont été transportés par un spectacle, agrémenté de chants, de danse et de textes scandés, autant émouvant que beau le week-end écoulé. « Thedu....

17/08/2022

● Wi Teyat San Sal se yon pwojè lari, yon pwojè lavi. Kisa ki kache dèyè pwojè atistik sila? Ki estetik pwojè sa ap trennen dèyè l ?
Ou vle konn plis?

Ann koute Edouard Jean Metè an sèn Tediven nan ti bout videyo sa.

Reyalizatè: Dorvilus

Adresse

Rue Monseigneur Guilloux
Port-au-Prince

Téléphone

+50931872772

Site Web

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Thédu'20 publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Contacter L'entreprise

Envoyer un message à Thédu'20:

Partager