21/03/2026
𝗦 𝗔 𝗡 𝗦 𝗡 𝗨 𝗟 𝗗 𝗢 𝗨 𝗧 𝗘
🩵🩵🩵🩵🩵🩵🩵
ℰ𝒸𝓇𝒾𝓉 𝓅𝒶 𝒲𝒶𝒹𝓃𝑒𝓇 𝒜𝓁𝒸𝒾𝓃𝑒́
🩵🩵🩵🩵🩵🩵🩵
⬅️ 🄴🄿🄸🅂🄾🄳🄴 24 ➡️
___
___
MARILINE 💇
*𝐁𝐲𝐞𝐧𝐤𝐞 𝐧𝐚𝐧 𝐤ò𝐦𝐚𝐧𝐬𝐦𝐚𝐧, 𝐦𝐰𝐞𝐧 𝐩𝐚 𝐭 𝐤𝐨𝐧𝐭𝐚𝐧 𝐩𝐨𝐮 𝐦 𝐟è 𝐯𝐰𝐚𝐲𝐚𝐣 𝐬𝐚 𝐚𝐤 𝐩𝐚𝐩𝐚 𝐦; 𝐧𝐨𝐮 𝐭𝐞 𝐭𝐨𝐮𝐣𝐨𝐮 𝐩𝐰ò𝐜𝐡, 𝐦𝐞𝐧 𝐫𝐞𝐭𝐰𝐨𝐮𝐯𝐞 𝐧𝐨𝐮 𝐚 2 𝐧𝐚𝐧 𝐲𝐨𝐧 𝐩𝐞𝐲𝐢, 𝐥𝐰𝐞𝐧 𝐚𝐧𝐭𝐫𝐞𝐩𝐫𝐢𝐳 𝐧𝐨𝐮, 𝐬𝐞 𝐲𝐨𝐧 𝐯𝐞𝐫𝐢𝐭𝐚𝐛 𝐛𝐨𝐧𝐡𝐞𝐮𝐫. 𝐍𝐨𝐮 𝐠𝐞𝐧 𝐤è𝐤 𝐣𝐨𝐮 𝐧𝐚𝐧 𝐩𝐞𝐲𝐢 𝐬𝐚 𝐤𝐢 𝐬𝐞 𝐎𝐬𝐭𝐫𝐚𝐥𝐢, 𝐤𝐢 𝐥𝐰𝐞𝐧 𝐝𝐞 𝐩𝐞𝐲𝐢 𝐧𝐨𝐮,, 𝐦𝐞𝐧 𝐰'𝐚𝐩 𝐛𝐞𝐳𝐰𝐞𝐧 𝐩𝐥𝐢𝐳𝐲è è𝐝𝐭𝐚𝐧 𝐩𝐨𝐮 𝐰 𝐫𝐢𝐯𝐞 𝐥𝐚 𝐠𝐫𝐚𝐬 𝐚𝐤 𝐚𝐯𝐲𝐨𝐧 𝐤𝐢 𝐬𝐞 𝐲𝐨𝐮𝐧 𝐧𝐚𝐧 𝐦𝐞𝐲è 𝐞𝐧𝐯𝐚𝐧𝐬𝐲𝐨𝐧 𝐥ò𝐦. 𝐃𝐞𝐩𝐢 𝐥è 𝐧𝐨𝐮 𝐫𝐢𝐯𝐞 𝐚, 𝐧𝐨𝐮 𝐭'𝐚𝐩 𝐚𝐦𝐢𝐳𝐞 𝐧𝐨𝐮 𝐚𝐤 𝐚𝐧𝐩𝐢𝐥 𝐤è 𝐤𝐨𝐧𝐭𝐚𝐧 𝐚𝐯𝐚𝐧 𝐥𝐢 𝐤ò𝐦𝐚𝐧𝐬𝐞 𝐚𝐛ò𝐝𝐞 𝐬𝐢𝐣è 𝐬𝐞𝐫𝐲𝐞 𝐚𝐯è 𝐦 2 𝐣𝐨𝐮 𝐚𝐯𝐚𝐧 𝐧𝐨𝐮 𝐫𝐞𝐭𝐨𝐮𝐧𝐞𝐧.*
*𝐉𝐨𝐮 𝐦𝐚𝐭𝐞𝐧 𝐬𝐚, 𝐧𝐨𝐮 𝐚𝐩è𝐧 𝐬𝐨𝐭 𝐩𝐫𝐚𝐧 𝐲𝐨𝐧 𝐭𝐢 𝐝𝐞𝐣𝐞𝐧𝐞 𝐥è 𝐩𝐚𝐩𝐚 𝐦 𝐤ò𝐦𝐚𝐧𝐬𝐞 𝐩𝐚𝐥𝐞:*
Jérôme : Wi Mariline,, ou se yon gran fi kounya, mwen ka menm di yon dam; ou gen 26 an,, gen bagay ou dwe konnen.
Mariline : Dakò papa, m'ap koute w.
Jérôme : sitou, pa jije m,, koute m, pa entèwonp mwen.
Mariline : c'est promis.
Jérôme : ma princesse,, tout moun komèt erè nan lavi a; e mwen menm papa w, mwen fè anpil erè ; mwen lwen pou m se egzanp yon moun ki vertueux.
*𝐀𝐩𝐫è 𝐥 𝐟𝐢𝐧 𝐝𝐢 𝐦 𝐬𝐚,, 𝐦𝐰𝐞𝐧 𝐭𝐞 𝐩è 𝐩𝐨𝐮 𝐬𝐚 𝐥 𝐩𝐫𝐚𝐥 𝐝𝐢 𝐦 𝐲𝐨. 𝐏𝐚𝐩𝐚 𝐦 𝐩𝐫𝐚𝐧 𝐲𝐨𝐧 𝐩𝐨𝐳, 𝐥𝐢 𝐩𝐨𝐮𝐬𝐞 𝐲𝐨𝐧 𝐬𝐨𝐮𝐩𝐢 𝐞𝐩𝐢 𝐥 𝐤𝐨𝐧𝐭𝐢𝐧𝐲𝐞 :*
Jérôme : Mwen gen 2 bagay trè enpòtan pou m di w; premyèman, mwen pa t toujou yon nèg ki pwòp. Pou divès rezon, mwen te plonje m nan mond dyabolik la pandan plizyè ane.
Mariline : kisa w vle di egzakteman papa? Mwen pa konprann.
Jérôme : mwen vle pale de pratik tankou : alchimi, divinasyon, maji ak lòt bagay toujou.
Mariline : Men, sa pa vrèman fè m sezi,, paske w konn gen raj lè yo site non Bondye nan kay la; e yon moun ki rayi Bondye, li renmen dyab la.
Jérôme : ou konprann tout bagay.
Mariline : Sa pa vrèman yon revelasyon papa; kanmèm, mwen pa kwè se pou sa ou fè m vwayaje vin la.
Jérôme : Jan m te di w la, mwen te vle nou retwouve nou a 2, lwen antrepriz la pou n amize nou ak pou n pale. Rezon ki fè m pale w de pratik dyabolik mwen te konn fè yo se paske ou enplike ladan yo san w pa konn sa.
Mariline : kisa!
Jérôme : Pou m te pwoteje w,, mwen te dwe ale lwen, mwen te nan obligasyon pran yon seri kondisyon sou non w avèk lòt bagay toujou.
Mariline : kisa ! Oh!
Jérôme : Wi, se yon reyalite.
Mariline : ou menm ki fè sa papa! Bagay sa yo pa angaje m .
Jérôme : Yo angaje w paske w benefisye de yo menmsi ou pa t konsyant de sa. Anplis ou dwe konnen lè gen jan de alyans sa yo nan yon fanmi, l'ap etann li de jenerasyon an jenerasyon jiskaske l brize. Ou dwe alò brize malediksyon sa pou l pa touche lòt jenerasyon k'ap vin de ou akoz de alyans sa mwen te fè a.
Mariline : men kòman ?
Jérôme : Meyè bagay ou ka fè se bay Bondye lavi w atravè pitit li Jezi. Pou kounya mwen kwè nan li, m'ap ba l lavi m, donk, si w pa fè menm jan an,, w'ap fè tout vi w ap batay avèk annwi. Mwen rive kounya nan premye sijè mwen te vle pale a: Bondye.
Mariline : Mwen pa t janm kont Bondye papa;.menmsi ou te konn anpeche m apwoche l; alò si w chanje ide se tant mieux. Se avèk anpil jwa mwen akeyi nouvèl sa, men fò m di w mwen poko prè pou m adapte m ak okenn kontrent relijyez. Yo pral kòmanse di m pa fè peche; men papa, peche a dous tankou myèl, li difisil pou w pa fè l.
Jérôme : ma chérie, sali nanm ou se li ki pi enpòtan, e ou dwe adapte w ak tout sakrifis ou dwe fè pou w jwenn li. Sa p'ap sèvi anyen si w gen mond lan epi w pèdi nanm ou; lè w mouri yon jou, kisa w pral di Bondye ?
Mariline : ou gen rezon, se yon sijè ki ase pwofon, nou pa ka abòde l sipèfisyèlman konsa,, men papa, di m non, èske lajan w genyen yo se gras ak pratik sa yo ?
Jérôme : non Mariline; mwen travay di pou m rive la. Mwen ranmase milyon sa yo ak fòs kouraj mwen, efò m. Mwen sakrifye anpil nwi somèy pou m rive la. Mwen fyè de sa, Mwen pa dwe okenn fòs dyabolik nan sans sa. Mwen te tèlman gen ènmi, mwen te dwe pwoteje m, ni pwoteje w tou paske w se trésor presye m.
Mariline : men papa, kisa k fè w chanje ?
Jérôme : se yon long istwa,, m'ap rakonte w li pi devan. La kounya, mwen dwe abòde dezyèm sijè a.
Mariline : m'ap koute w papa.
*𝐏𝐚𝐩𝐚 𝐦 𝐩𝐨𝐮𝐬𝐞 𝐲𝐨𝐧 𝐬𝐨𝐮𝐩𝐢, 𝐬𝐞 𝐤ò𝐦𝐬𝐢 𝐥𝐢 𝐩𝐫𝐚𝐥 𝐝𝐢 𝐦 𝐲𝐨𝐧 𝐛𝐚𝐠𝐚𝐲 𝐤𝐢 𝐠𝐫𝐚𝐯.*
Jérôme : pitit fi m, lè m te jèn,, mwen te gen yon pitit ke m pa t vle pran.
Mariline : Evre!
Jérôme : se verite chérie.
Mariline : Men papa, jan w renmen timoun. Ou te toujou ap di m ou ta renmen gen yon lòt pitit si lanati ta deside sa.
Jérôme : Mwen renmen timoun, e m ta renmen gen plizyè. Men oparavan, mwen te pè reyaksyon paran m, epi m nye gwosès la,, mwen te gen 17 an lè sa. Kèk ane aprè, mwen te vle pran kontak ak manman timoun nan, men mwen pa rive jwenn li. Se sa k fè m te pran tan pou m te marye ak manman w e pou m te fè w.
Mariline : mwen pa ka kwè sa papa; ou twò bon moun pou w ta aji konsa.
Jérôme : mwen bon nan zye w paske m se papa w; an reyalite, se pou sa ki fè m prezante m nan eleksyon an, se pa fòseman pou m genyen.
Mariline : ki lyen sa genyen ?
Jérôme : ou konnen nan moman eleksyon, gen yon medyatizasyon entans, y'ap pale de ou nan tout medya. Petèt lè dam sa tande m nan medya li ka chèche wè m.
Mariline : ou se yon homme d'affaire trè connu nan peyi a, si l te vle rankontre w li t'ap gentan fè sa; ou pa wè sa?
Jérôme : ou gen rezon ; mwen konn fè menm ide sa tou, men mwen te vle tante yon lòt chans pou m jwenn li. Kounya m'ap priye pou m mande Bondye pou m rewè dam sa avan m kite tè a, pou m ka rekonèt pitit mwen an, anfen pou m repare tò mwen yo; se sèl bagay sa ki anpeche m totalman heureux.
Mariline : timoun sa s'on fi oubyen yon gason?
Jérôme : mwen pa konnen ; mwen pa janm gen nouvèl li ankò depi lè m refize gwosès la.
Mariline : Men fi sa sòt, li pa t ka pwopoze w pou n fè yon test Adn aprè timoun nan fèt ?
*
𝐏𝐚𝐩𝐚 𝐦 𝐫𝐢 𝐛𝐲𝐞𝐧 𝐟ò 𝐚𝐯𝐚𝐧 𝐥𝐢 𝐫𝐞𝐩𝐨𝐧𝐧 𝐤𝐞𝐬𝐲𝐨𝐧 𝐚𝐧*
Jérôme : La se ou ki sòt chérie,, epòk sa test Adn pa t yon bagay ki fasil ditou. Epitou nou te trè jèn, li te gen 15 an epi m te gen 17 an,, nou pa t'ap gen mwayen pou sa.
Mariline : Ou pa panse gen posibilite pou timoun sa pa egziste ? Petèt, li te mouri pandan l'ap fèt, oubyen pandan l'ap grandi ?
Jérôme : wi, se yon posibilite, men ou wè à l'intérieur de nou, gen bagay ou ka resanti. Mwen santi pitit sa egziste e li toujou ap viv; mwen pa konn kòman pou m'eksplike w sa, men mwen santi l; si se pa t sa, mwen pa t'ap santi m preokipe konsa. Mwen espere w pa choke pa nouvèl sa.
Mariline : non,, mwen p'ap jije w, e w konnen tou mwen pa t janm vle pou m yon 'enfant unique'; sa fè m plezi paske m gen yon frè oubyen yon sè. Mwen te konn toujou santi vid sa men ou pa t janm vle marye aprè depa manman m; alò, si gen yon espwa ke m pa sèl, mwen kontan sa.
Jérôme : Alò, priye avè m; soutni m nan priyè sa pou nou ka jwenn yo paske jou yo konte.
Mariline : poukisa w pale konsa papa? Ou gen sèlman 60 an, ou ret anpil ane pou w viv toujou.
Jérôme : non Mariline, mwen soufri yon maladi ki ka pote m ale petèt nan 3 an ankò ; se ti tan sa m rete pou m viv.
Mariline : Oh papa! Non! Di m se yon plezantri !
Jérôme : Pas du tout. Alò, ou konprann kounya poukisa m chanje a. Lè m te resevwa anons sa, mwen te kòmanse wè lavi a yon lòt jan. Malerezman, lavi a souvan vin pi kout devan w lè w vin konprann sans li; tout bagay se vanite; nou pa pote anyen nan mond lan, ni tou nou pa prale ak anyen. Jan n vini an se konsa nou prale. Men nou dwe batay pou n make pasaj nou sou tè a epi kite yon eritaj moral, materyèl, finansyè, etc... Puiske m gen pou m'ale pa twò lontan, mwen dwe rekonsilye ak Bondye, kreyatè m nan; se konsa pitit fi m,, se sa k fè m kite tout vye bagay mwen te konn ap pratike yo, just pou m asire pwoteksyon m ak pwoteksyon w. Mwen vin konprann anpil bagay, sèl Bondye ki ka bay vrè bonheur a, vrè pwoteksyon an,, epi avèk li, mwen gen espwa m'ap jwenn pitit mwen an.
*𝐌𝐰𝐞𝐧 𝐩𝐚 𝐣𝐰𝐞𝐧𝐧 𝐨𝐤𝐞𝐧𝐧 𝐩𝐚𝐰ò𝐥 𝐩𝐨𝐮 𝐦 𝐝𝐢 𝐩𝐚𝐩𝐚 𝐦, 𝐦𝐰𝐞𝐧 𝐭𝐞 𝐬è𝐥𝐦𝐚𝐧 𝐚𝐩 𝐤𝐫𝐢𝐲𝐞. 𝐋𝐢 𝐭𝐞 𝐝𝐢𝐟𝐢𝐬𝐢𝐥 𝐩𝐨𝐮 𝐦'𝐚𝐩 𝐢𝐦𝐚𝐣𝐢𝐧𝐞 𝐤𝐞 𝐩𝐚𝐩𝐚 𝐦 𝐩𝐚 𝐫𝐞𝐭𝐞 𝐚𝐧𝐩𝐢𝐥 𝐭𝐚𝐧 𝐩𝐨𝐮 𝐥 𝐯𝐢𝐯. 𝐎𝐡 𝐁𝐨𝐧𝐝𝐲𝐞 ! 𝐤𝐢𝐬𝐚 𝐦'𝐚𝐩 𝐝𝐞𝐯𝐧𝐢 𝐬𝐚𝐧 𝐥𝐢? 𝐃𝐞𝐩𝐢 𝐥è 𝐦𝐚𝐧𝐦𝐚𝐧 𝐦 𝐩𝐚𝐭𝐢 𝐚, 𝐬𝐞 𝐚𝐯è 𝐥 𝐦'𝐚𝐩 𝐯𝐢𝐯; 𝐞𝐩𝐢 𝐬𝐚 𝐠𝐞𝐧 5 𝐚𝐧 𝐝𝐞𝐩𝐢 𝐦𝐚𝐧𝐦𝐚𝐧 𝐦 𝐦𝐨𝐮𝐫𝐢; 𝐤𝐢𝐲è𝐬 𝐦𝐨𝐮𝐧 𝐤'𝐚𝐩 𝐩𝐰ò𝐜𝐡 𝐦𝐰𝐞𝐧 𝐬𝐢 𝐩𝐚𝐩𝐚 𝐦 𝐤𝐢𝐭𝐞 𝐦? 𝐏𝐚𝐩𝐚 𝐚𝐩 𝐞𝐬𝐞𝐲𝐞 𝐤𝐨𝐧𝐬𝐨𝐥𝐞 𝐦.*
Jérôme : Ou wè chérie, se pou rezon sa mwen potko vle di w sa.
Mariline : Papa, si w kite m m'ap san fanmi.
Jérôme : Bondye ap ba w yon nouvèl fanmi, mwen sûre de sa,, pa tris.
Mariline : papa, nou ka priye pou Bondye geri w,, li kapab fè sa.
Jérôme : mwen konn sa, men mwen konn di tèt mwen si mwen pa peye mal mwen te konn fè advèsè m yo, tout sa m'ap mande Bondye se pou l fè m jwenn pitit mwen an.
*2 𝐣𝐨𝐮 𝐚𝐩𝐫è 𝐧𝐨𝐮 𝐭𝐨𝐮𝐧𝐞𝐧 𝐀𝐲𝐢𝐭𝐢, 𝐲𝐨𝐮𝐧 𝐧𝐚𝐧 𝐛𝐚𝐧𝐧 𝐝𝐞𝐭𝐞𝐤𝐭𝐢𝐯 𝐩𝐚𝐩𝐚 𝐦 𝐭𝐞 𝐚𝐧𝐠𝐚𝐣𝐞 𝐩𝐚𝐧𝐝𝐚𝐧 𝐩𝐥𝐢𝐳𝐲è 𝐚𝐧𝐞 𝐲𝐨 𝐭𝐞 𝐫𝐚𝐧𝐧 𝐥𝐢 𝐯𝐢𝐳𝐢𝐭.*
Jeff: Bonjour Mlle Mariline.
Mariline : Bonjour mesye Jeff.
Jeff: Mwen vle pale ak papa w.
Mariline : li nan fon somèy la wi; ou mèt di sa w te vin di l la.
Jeff: Non, se yon bagay konfidansyèl.
Mariline : papa m pale m de sa deja; se apwopo rechèch sou pitit li a; mwen konnen w t'ap vini, mwen pa pral reveye l.
*𝐌𝐞𝐧𝐦 𝐦𝐨𝐦𝐚𝐧 𝐚𝐧 𝐦𝐰𝐞𝐧 𝐭𝐚𝐧𝐝𝐞 𝐩𝐚𝐩𝐚 𝐦 𝐤'𝐚𝐩 𝐩𝐚𝐥𝐞.*
Jérôme : mesye Jeff, Mariline konn tout bagay; lè m absan ou ka pale avè l. Ou jwenn bon nouvèl ?
Jeff: Mesye Lubin, Mwen gen yon nouvèl ki alafwa bòn e movèz.
Jérôme : kòman yon nouvèl ka alafwa bòn e movèz ? Ebyn kòmanse ak bon an.
Jeff: Bon an, sèke nou gen nouvèl sou dam w'ap chèche a.
Jérôme : Gloire à Dieu ! E move ?
*𝐃𝐞𝐭𝐞𝐤𝐭𝐢𝐯 𝐥𝐚 𝐟'𝐨𝐧 𝐫𝐚𝐥𝐞 𝐬𝐨𝐮𝐟 𝐥𝐢 𝐚𝐯𝐚𝐧 𝐥 𝐫𝐞𝐩𝐨𝐧𝐧.*
🆆🅐🅓🅝🅔🅡 🧑🌾
Germine : mwen pa wè poukisa w twouble a; mande l yon odyans, di l ou se pitit li, ou gen dwa a pati pa w nan eritaj li yo. Li vle al nan eleksyon kounya. Men moun ki vle vin dirije nou yo, yon malonèt konsa!
*𝐌𝐰𝐞𝐧 𝐟è 𝐲𝐨𝐧 𝐬𝐨𝐮𝐩𝐢 𝐚𝐯𝐚𝐧 𝐦 𝐫𝐞𝐩𝐨𝐧𝐧 𝐦𝐚𝐧𝐦𝐚𝐧 𝐦.*
Wadner : Ou vle konn sa k twouble m nan manman ?
Germine : Wi cheri.
Wadner : si se toutbonvre moun ou di a, alò li t'ap pi bon pou l pa janm konn egzistans mwen.
Germine : kisa ! Poukisa?
Wadner : mwen p'ap santi m alèz pou m rankontre mesye sa ak manb fanmi l.
Germine : Si Bondye fè m tonbe sou li,, ou dwe pwofite l; m'ap fè syèl la touche ak tè a pou m wè l, li dwe rekonèt ou kèlkeswa jan sa ye. Mwen pa nayiv ankò menmjan dans le passé ; kounya m ka defann mwen. Poukisa w gen papa w ki rich epi w'ap demere nan soufrans ?
Wadner : se pa sa ki pwoblèm nan.
Germine : kisa ebyen ?
Wadner : ou konnen ex-fiyanse m mwen t'ap pale w la,, li marye ak pitit gason l lan, donk frè m.
Germine : kisa !
Wadner : Vwala, Kerwine se bèlfi Nickson Duverseau.
Germine : se pa posib !
*𝐌𝐚𝐧𝐦𝐚𝐧 𝐩𝐫𝐚𝐧 𝐲𝐨𝐧 𝐩𝐨𝐳 𝐚𝐯𝐚𝐧 𝐥 𝐫𝐞𝐲𝐚𝐣𝐢.*
Germine : ou dwe prezante w ak papa w; ou ka pa menm deranje ex ou.
Wadner : kòman m pral konpòte m avèk mari l? Kerwine avè m te renmen, gen bagay nou fè, ou konnen ; e kòman mari l la pral wè sitiyasyon sa? Manman, ann fè kòmsi pa gen anyen ki rive; yon jou m'ap gen anpil lajan tou, m'ap goumen pou sa; pitit mwen yo p'ap soufri tankou m.
Germine : Mwen pa konn kisa m dwe konseye w pitit gason m, mwen perdue; poukisa w vle pwoteje Kerwine sa?
Wadner : se pito mari l ke mwen konnen ki se frè m mwen vle pwoteje. Pito nou bay sa vag manman, stp.
Germine: Ou fou Wadner, si Bondye pèmèt sa, se paske moman an rive pou w rekonèt papa w; kiyès ou ye pou w opoze ak sa?
*𝐌𝐰𝐞𝐧 𝐟è 𝐬𝐢𝐥𝐚𝐧𝐬, 𝐦𝐚𝐧𝐦𝐚𝐧 𝐦 𝐚𝐩𝐰𝐨𝐜𝐡𝐞, 𝐥𝐢 𝐠𝐚𝐝𝐞 𝐦 𝐩𝐚𝐧𝐝𝐚𝐧 𝐲𝐨𝐧 𝐦𝐨𝐦𝐚𝐧 𝐞𝐩𝐢 𝐥𝐢 𝐝𝐢 𝐦 𝐚𝐯è𝐤 𝐚𝐧𝐩𝐢𝐥 𝐚𝐟𝐞𝐤𝐬𝐲𝐨𝐧.*
Germine : mwen se manman w menmsi ou pa grandi nan men m; donk, mwen ka resanti kèk bagay ki ka konsène w; ou toujou renmen Kerwine sa, pa vre?
Wadner : mwen pa ka rive bliye l manman. Se pa yon bon ide pou m kotwaye yo pandan m konnen li se madanm frè m; dayè mari l ap mal alèz.
Germine : pitit gason m, si Bondye deside, se moman an ki rive,, ou pa gen lechwa.
🅚🅔🅡🅦🅘🅝🅔 💇
*𝐅𝐢𝐧𝐚𝐥𝐦𝐚𝐧 𝐧𝐨𝐮 𝐭𝐞 𝐫𝐚𝐧𝐭𝐫𝐞 𝐧𝐚𝐧 𝐩𝐞𝐲𝐢 𝐧𝐨𝐮 𝐚𝐩𝐫è 𝐛è𝐥 𝐯𝐰𝐚𝐲𝐚𝐣 𝐬𝐚, 𝐟𝐚𝐧𝐦𝐢 𝐀𝐧𝐠𝐞𝐥𝐨 𝐭𝐞 𝐤𝐨𝐧𝐭𝐚𝐧 𝐫𝐞𝐭𝐨𝐮 𝐧𝐨𝐮. 𝐍𝐚𝐧 𝐝𝐞𝐦𝐞𝐧, 𝐦𝐰𝐞𝐧 𝐭'𝐚𝐥 𝐫𝐚𝐧𝐧 𝐟𝐚𝐧𝐦𝐢 𝐦 𝐲𝐨𝐧 𝐯𝐢𝐳𝐢𝐭. 𝐌𝐰𝐞𝐧 𝐩𝐨𝐭𝐤𝐨 𝐣𝐚𝐧𝐦 𝐟è 2 𝐦𝐰𝐚 𝐩𝐚 𝐰è 𝐟𝐚𝐧𝐦𝐢 𝐦,, 𝐦𝐰𝐞𝐧 𝐭𝐞 𝐚𝐧𝐯𝐢 𝐰è 𝐲𝐨 𝐚𝐧𝐩𝐢𝐥. 𝐀𝐩𝐫è 𝐧𝐨𝐮 𝐟𝐢𝐧 𝐛𝐚𝐲 𝐛𝐥𝐚𝐠, 𝐫𝐢 𝐞𝐩𝐢 𝐩𝐚𝐥𝐞 𝐚𝐧 𝐟𝐚𝐧𝐦𝐢, 𝐦𝐚𝐧𝐦𝐚𝐧 𝐦 𝐯𝐢𝐫𝐞 𝐬𝐨𝐮 𝐦𝐰𝐞𝐧.*
Magda : ou sot vwayaje poutan mwen pa santi kè w kontan pase sa.
Kerwine : manman, pwoblèm yo pa kite m; men mwen byen kanmèm.
Magda : kisa k gen ankò ?
*𝐌𝐰𝐞𝐧 𝐩𝐚 𝐭 𝐯𝐥𝐞 𝐩𝐚𝐥𝐞 𝐝𝐞 𝐬𝐚 𝐚𝐤 𝐦𝐚𝐧𝐦𝐚𝐧 𝐦, 𝐦𝐞𝐧 𝐚𝐩𝐫è 𝐫𝐞𝐟𝐥𝐞𝐤𝐬𝐲𝐨𝐧 𝐦, 𝐬𝐢 𝐦 𝐩𝐫𝐞𝐩𝐚𝐫𝐞 𝐲𝐨 𝐚𝐯è𝐤 𝐲𝐨𝐧 𝐞𝐯𝐚𝐧𝐭𝐲è𝐥 𝐬𝐞𝐩𝐚𝐫𝐚𝐬𝐲𝐨𝐧 𝐚𝐤 𝐀𝐧𝐠𝐞𝐥𝐨, 𝐜𝐡ò𝐤 𝐲𝐨 𝐭𝐚 𝐤𝐚 𝐫𝐞𝐬𝐞𝐯𝐰𝐚 𝐚 𝐚𝐩 𝐦𝐰𝐞𝐧𝐬.*
Kerwine : manman, vrèman vre, Angelo te enpisan, sa vle di li pa t ka bande,, li pa gay.
Magda: Ah!
Kerwine : Men, pandan vwayaj la, li t'ap swiv trètman, li geri.
Magda : Oh! Bòn nouvèl. Talè la ou pral fè m grann?
Kerwine : Mwen pa konnen ; Angelo annik fin geri li tou mande m divòs.
Magda : kisa!
Kerwine : li di li pa t janm renmen m vre,, li te marye avè m se pou l te fèmen bouch tout moun ki t'ap pale sou do l.
Magda : Sa pa gade m, nou marye nèt.
Kerwine : manman, Mwen panse mwen dwe aksepte.
Magda : kisa!
Kerwine : Mwen pa gen lòt chwa sinon m'ap fè tout vi m ap soufri ; li p'ap janm konsidere m kòm madanm li.
Magda: Ou vle pou rès fanmi an ak zanmi m yo ap fawouche m? Sa Angelo panse li ye la? M'ap ede w; ou pral sedui l; li se gason malgre tou.
Kerwine : kòman m'ap rive fè sa manman?
Magda : Kalkile byen peryòd w'ap ovile,, se nan moman sa nou pral kòmanse frape; w'ap ansent, li p'ap gen lòt chwa ke rete avè w.
Kerwine : Ou kwè timoun sa ap garanti m yon vi heureuse ?
Magda: Ann fè sa avan, epi n'ap wè.
Kerwine : Gen sè adoptif Angelo a ki konseye m pou m priye, tann, obsève.
Magda: Hmmm, moun sa pa renmen w ; anplis, èske l marye?
Kerwine : non.
Magda : Depi kilè yon selibatè konn bay bon konsèy ak yon fanm marye? Èske nan fon kè w ou vle divòse ?
Kerwine : Non, mwen vle aprann renmen Angelo ak tout kè m.
Magda : Nan ka sa, swiv konsèy mwen yo epi w'ap rete avèk Angelo.
*𝐦𝐰𝐞𝐧 𝐬𝐚𝐧𝐭𝐢 𝐦 𝐩𝐞𝐫𝐝𝐮𝐞 𝐚𝐧𝐭 𝐉𝐮𝐥𝐢𝐞 𝐚𝐤 𝐦𝐚𝐧𝐦𝐚𝐧 𝐦; 𝐦𝐰𝐞𝐧 𝐩𝐚 𝐤𝐨𝐧𝐧 𝐤𝐢𝐬𝐚 𝐩𝐨𝐮 𝐦 𝐟è. 𝐉𝐮𝐥𝐢𝐞 𝐩𝐚𝐧𝐬𝐞 𝐁𝐨𝐧𝐝𝐲𝐞 𝐠𝐞𝐧 𝐲𝐨𝐧 𝐩𝐥𝐚𝐧 𝐩𝐨𝐮 𝐦𝐰𝐞𝐧, 𝐦𝐰𝐞𝐧 𝐝𝐰𝐞 𝐫𝐞𝐭 𝐭𝐚𝐧𝐧 𝐩𝐨𝐮 𝐯𝐨𝐥𝐨𝐧𝐭𝐞 𝐥 𝐦𝐚𝐧𝐢𝐟𝐞𝐬𝐭𝐞; 𝐦𝐞𝐧 è𝐬𝐤𝐞 𝐥 𝐩𝐚 𝐠𝐞𝐧 𝐭ò ? 𝐊𝐢 𝐥ò𝐭 𝐩𝐥𝐚𝐧 𝐁𝐨𝐧𝐝𝐲𝐞 𝐭𝐚 𝐠𝐞𝐧 𝐩𝐨𝐮 𝐦𝐰𝐞𝐧 𝐥𝐚? 𝐖𝐚𝐝𝐧𝐞𝐫 𝐭𝐞 𝐤𝐚 𝐚𝐤𝐬𝐞𝐩𝐭𝐞 𝐦 𝐬𝐢 𝐥 𝐭𝐚 𝐭𝐨𝐮𝐣𝐨𝐮 𝐥𝐢𝐛, 𝐚𝐤 𝐬𝐢 𝐦 𝐚𝐯𝐰𝐞 𝐥 𝐦𝐰𝐞𝐧 𝐚𝐤 𝐀𝐧𝐠𝐞𝐥𝐨 𝐩𝐚 𝐣𝐚𝐧𝐦 𝐟è 𝐬è𝐤𝐬. 𝐌𝐞𝐧 𝐥è 𝐦 𝐩𝐚𝐧𝐬𝐞 𝐚𝐤 𝐝è𝐧𝐲𝐞 𝐫𝐚𝐧𝐤𝐨𝐧𝐭 𝐧𝐨𝐮 𝐚𝐧, 𝐦𝐰𝐞𝐧 𝐩𝐚 𝐟𝐢𝐧 𝐬û𝐫𝐞 𝐥'𝐚𝐩 𝐝𝐚𝐤ò 𝐬𝐚; 𝐚𝐥ò, 𝐤𝐢 𝐥ò𝐭 𝐦𝐚𝐫𝐢 𝐦 𝐤𝐚 𝐠𝐞𝐧𝐲𝐞𝐧 𝐚𝐩𝐫è 𝐀𝐧𝐠𝐞𝐥𝐨?*
*𝐅𝐢𝐧𝐚𝐥𝐦𝐚𝐧, 𝐦𝐰𝐞𝐧 𝐝𝐞𝐬𝐢𝐝𝐞 𝐬𝐰𝐢𝐯 𝐤𝐨𝐧𝐬è𝐲 𝐦𝐚𝐧𝐦𝐚𝐧 𝐦 𝐲𝐨 𝐩𝐚𝐬𝐤𝐞 𝐯𝐢𝐳𝐢𝐛𝐥𝐞𝐦𝐚𝐧 𝐥è 𝐦 𝐚𝐣𝐢 𝐣𝐚𝐧 𝐥 𝐩𝐰𝐨𝐩𝐨𝐳𝐞 𝐦 𝐧𝐚𝐧, 𝐦𝐰𝐞𝐧 𝐤𝐚 𝐫𝐞𝐤𝐢𝐩𝐞𝐫𝐞 𝐀𝐧𝐠𝐞𝐥𝐨. 𝐌'𝐚𝐩 𝐩𝐫𝐞𝐩𝐚𝐫𝐞 𝐭𝐨𝐮𝐭 𝐛𝐚𝐠𝐚𝐲 𝐩𝐨𝐮 𝐦 𝐚𝐣𝐢 𝐥è 𝐩𝐞𝐫𝐲ò𝐝 𝐟𝐞𝐤𝐨𝐧𝐝𝐚𝐬𝐲𝐨𝐧 𝐦. 𝐀𝐧𝐠𝐞𝐥𝐨, 𝐦𝐞𝐧𝐦𝐬𝐢 𝐬𝐞 𝐤𝐨𝐧𝐭 𝐯𝐨𝐥𝐨𝐧𝐭𝐞 𝐥, 𝐥𝐢 𝐝𝐰𝐞 𝐫𝐞𝐭𝐞 𝐧𝐚𝐧 𝐦𝐚𝐫𝐲𝐚𝐣 𝐬𝐚..*
=================>
| . . . . À s u i v r e ✈️