OUCA OUCA la pou devlopman espò nan Ti Goâve. Nou kwè nan pouvwa espò pou transfòme lavi jèn yo, ankouraje solidarite, ak bati yon kominote ki pi solid.

Misyon nou se kreye opòtinite pou jèn atlèt yo devlope potansyèl yo.
OUCA angaje l pou devlopman espò nan kominote Petit-Goâve lan. Nou kwè ke nou ka itilize espò a pou chanje lavi jèn yo, ankouraje solidarite, epi bati yon kominote ki pi soude ak pi solid. Misyon nou:

Kreye opòtinite pou jèn atlèt yo devlope tout potansyèl yo nan yon anviwònman ki favorize ekselan

s, entegrite, ak fair-play. Valè nou:

-Respè : Nou fè pwomosyon respè pou pwop tet ou, pou lòt moun, ak pou règ jwèt yo.

-Disiplin: Pwen sa gen anpil enpòtans pou nou, Se ak disiplin n'ap reyalize objektif yo.

-Pèseverans: Nou motive atlèt yo pou pa janm abandone rèv yo, kèlkeswa difikilte yo.

- Espri ekip: Nou mete yon gwo enpòtans sou kolaborasyon ak solidarite. Aktivite nou yo:

- Òganize konpetisyon espòtif nan plizyè disiplin.
- Ofri pwogram antrènman ak fòmasyon pou devlopman jèn atlèt yo.
- Sensibilize kominote a sou enpòtans espò pou sante ak devlopman. Objektif nou:

- Fè espò a vin aksesib pou tout jèn nan Petit-Goâve.
- Ede jèn atlèt yo devlope kapasite yo pou yo ka reyalize ekselans nan nivo nasyonal e entènasyonal.
- Patisipe nan devlopman sosyal ak ekonomik Petit-Goâve atravè espò.

Anvi konnen plis sou OUCA?  Voye yon mesaj sou WhatsApp!  Ekip la ap tann ou.
22/10/2024

Anvi konnen plis sou OUCA? Voye yon mesaj sou WhatsApp! Ekip la ap tann ou.

20/06/2022

Volonte se yon fòs enbatab.
Volonte pemèt moun jwenn kouraj an kantite pou kontre kare ak ranvèse kelkeswa obstak peu enpòt anplè li.

Reyalite sa, mwen aprann li de yon group jènòm, san mwayen, san eksperyans, ki nan yon sinèji ekstraòdinè gras ak volonte yo, yo te prodwi yon fòs ki te fè pale anpil de li, depi se kote volley ball jwe sou tout teritwa haiti.

Mwn vle lonje dwèt sou Volley ball ti gwav, ki nan yon epòk te atenn dimansyon sila. Se te grandioz. Mwen espere yon lhr ap gen mwayen dokimante istwa sa. E itilize l pou remobilize fòs sa ki dormante!

16/06/2022


Tigwav
Volleyball World
Banzai Volley-ball
Petit-goave Original Dous Makos
Petit-Goave Chérie

An pale volley ball kreye pou rezon sa yo: Ti gwav se vil ki ekri pi bèl paj listwa nan zafè volley ball an Haïti.  Nou ...
15/06/2022

An pale volley ball kreye pou rezon sa yo: Ti gwav se vil ki ekri pi bèl paj listwa nan zafè volley ball an Haïti. Nou se vil ki bay anpil potorik gason pami yo regrete memwa ke n'ap ekri nom l ak lettre en or JEAN RAYMOND FLEURIVAL, de gro bout jwè ki reprezante n valableman kit nan nivo nasyonal ak nan pi wo nivo nan entenasyonal. lejand sa yo, Talan sa yo ki chaje ak eksperyans, se yon min l'or ki pa eksplwate, yo pa sipoze pase san ke yo pa pataje veku yo, eksperyans yo ak sa yo ki gen pou vini. Istwa yo dwe ret vivan pou galvanize oubyen kenbe moral ak logey generasyon fiti yo. Memwa yo la, enèji yo toujou la, yo ka ede nan prosesis chanjman ak devlopman espo poukwapa devlopman vil ti gwav.

Tout pays serye, toujou kwè ke baz devlopman yo ap pi solid si e selman si yo depoze pilye devlopman yo sou resous lokal yo. Resous lokal bay plizye avantaj. li pemet ou gen garanti sou disponibilite, kalite e sekirite a lon tem.

se pa yon mistè pou peson! vil ti gwav chaje ak resous eksplwatab ki soti nan matris vil la nan domèn volley ball. Men malerezman manke konsantrasyon ak desizyon stratejik pou kanalize resous sa yo e ran itil pou 1 vann imaj vil la e 2 pemet ak jeune nan populasyon an jwen mwayen pou rann yo prodiktif. kidonk, Se possibilite pou non selman benefis koletif, men endividyelman tou se ap gro debouche ki ap pemet ke jèn gason ak jèn fanm jwen debouche e oryante la vi yo yon fason ki pemet yo wè denmen ak plis pwen pozitif.

Adresse

Rue Bijoux
Petit Goâve

Téléphone

+50936696157

Site Web

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque OUCA publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Contacter L'entreprise

Envoyer un message à OUCA:

Partager