30/05/2026
Flash: 🚨‼️ Twa polisye ki fè pati Inite Taktik Anti-G@ng (UTAG) pèdi lavi yo pandan yon operasyon kont gwoup ame k ap opere nan rejyon an yè vandredi aprè midi a nan zòn Mòn Wobè, toupre Sen Mak, nan depatman Latibonit.
Apre atak la, plizyè imaj k aap sikile sou rezo sosyal yo montre sèn ki boulvèsan anpil.
Selon plizyè sous, kò polisye yo ta toujou nan men bandi yo.
Pou kounye a, swadizan otorite yo poko bay okenn rapò sou sikonstans egzak ensidan an.
Nouvo trajedi sa a rive menm jou Police Nationale d'Haiti - PNH la t ap òganize seremoni gradyasyon 36yèm pwomosyon li a, yon evènman ki te dwe make espwa ak renouvèlman fòs polis la.
Olye de sa, enstitisyon an ap fè fas ak doulè ak lapenn apre pèt twa ajan ki te angaje lavi yo nan batay kont ensekirite.
Nou prezante senpati nou ak kondoleyans nou bay fanmi, zanmi ak kòlèg twa polisye UTAG sa yo ki pèdi lavi yo nan sèvis peyi a.
Ke tè a lejè sou yo e non yo rete grave nan listwa kòm ewo ki te sèvi peyi a avèk kouraj. 🕊️
Flash: 🚨‼️ Twa polisye ki fè pati Inite Taktik Anti-G@ng (UTAG) pèdi lavi yo pandan yon operasyon kont gwoup ame k ap opere nan rejyon an yè vandredi aprè midi a nan zòn Mòn Wobè, toupre Sen Mak, nan depatman Latibonit. Tony Dieudonne