03/01/2026
2 janvye 2026, jou dèzaye, Mesaj Gué-Marie CASIMIR, Nèg Lakay pou Ayisyen konsekan.
Lizay pou chak grenn sitwayen, chak Ayisyen ki konsyan peyi nou pa merite sa l ap viv la a. Mwen menm avèk ou dwe viv tankou moun.
Jodi a se 2 janvye," jour des Aĩeux" Jou ki resève pou memwa zansèt nou yo ki te defye tan an kòm premye gwoup Moun po nwa ki te kase chenn lesklavaj la, ki te oze di non ak maltretans, ak move tretman e ki te mete tout pwa yo nan balans lan avèk de grenn chwa, swa yo viv lib menm jan ak tout moun oubyen yo tout nèt mouri pou lalibète fleri.
Se menm detèminasyon sa a, menm enèji sa a, menm konplo pozitif sa a jounen jodi a k ap wete Mwen menm avèk nan twou san fon Nou ye la a, ak tout kalite pwoblèm n ap andire yo.
Ane 2025 lan se te ane ki te pi fènwa devan wout devlopman nou, sitou nou menm ki nan depatman ki bloke yo, ki oblije koutkekout, ak tout kè kase, tout laperèz sitiyasyon ensekirite a te ka mete chita nan lespri nou, jwenn lajan ameriken pou travèse, nan lòt depatman yo, si tout fwa ta gen ijans ki mande sa, andedan pwòp peyi nou an. Sa a se pou moun ki nan sant vil yo.
Kanta sila yo, leta bliye nan lokalite ki pi lwen yo menm, se tèt chaje nèt : pa gen dlo potab pou yo, pa gen lopital pre yo, tout bagay se lavil pou yo desann, alòske pa gen wout pou yo pase.
Fas ak sitiyasyon sa yo, mechan yo chwazi se nou menm ki deja viktim nan ki pou peye po kase a ankò, yo monte pri tout bagay disèt wotè, yon fason pou nou ka rete mouri kote nou ye a paske yo konnen byen kijan yo demantribile agrikilti a ki se sèl vrè alye ekonomik nou te genyen.
Fas ak sitiyasyon lamantab sa a, Nou paka dakò mouri asfizye san nou pa defann tèt nou, si nou ta kite sa rive, se pi gwo lachte li t ap ye. Nou bezwen prepare ak fòme Moun pou komite yo, Nou bezwen konstui yon sotwayènte patriyotik pou nou jwenn yon demen ki miyò pou pitit ak pitit pitit nou menm jan zansèt yo te fè li.
Pou sa nou paka rete inaktif, pesonn lòt moun p ap vin fè l pou nou, okontrè, tank nou pi mal, tank nou viv nan plis kras, plis salte, plis mizè, li ale plis nan favè moun nou chita ap tann yo.
Si nou pa nan mizè, ONG yo p ap egziste ankò nan peyi a, si nou pa nan eta ijans toutan, patripòch p ap jwenn pil lajan sal pou y al sere nan bank peyi etranje, si nou pa rete san yon bon lekòl ankò, lòt peyi yo p ap jwenn nou pou vin fè restavèk lakay yo toujou paske n ap edike, nou p ap rive konfonn richès ak byennèt ankò, nou p ap boukante kominote nou ak peyi nou pou plat manje ak timoso bèlètès ankò.
Ayisyen frè m ak sè m yo, peyi nou an paka desann pi ba ankò, kominote nou yo paka kraze pi mal pase jan yo ye la a.
Fas ak sitiyasyon lamantab sa a, an n chwazi mete kominote yo nan eta pou omwen nou ka viv ladan yo.
Pi gwo mwayen nou genyen pou nou fè sa epi kanpe ankò ak tout diyite nou kòm moun, san nou pa oblije ranpe devan pesonn, li rele konbitiis.
An nou kontinye fè konbit tout kote, pou tout bon kòz : pou nou fè wout kòm prevansyon pou fanm ansent ak ti granmoun nou yo pa gentan mouri anvan yo rive lopital, pou nou ogmante valè machann pwodui agrikòl nou yo ki se sèl sous finansye nou genyen paske depi gen wout, Moun ap vin achte nan men nou epi n ap ka al vann penitans nou nan mache tou san pwoblèm, elatriye.
An n fè konbit pou nou distribiye bonjan ledikasyon bay fiti sitwayen nou yo, se sèl mwayen nou genyen pou nou konstui konsyans ak konviksyon sitwayen Ayisyen nan tèt pitit nou yo.
An n fè konbit pou nou retounen nan kilti nou, anverite anverite se nan kilti nou sèlman n ap rive jwenn ti moso byennèt sosyal ak ekonomik, an n fè konbit pou nou retounen nan tè a ankò paske se li menm k ap ede nou kraze grangou a san efè segondè paske pwodui agrikòl nou yo pa gen okenn pwodui chimik ki pou benyen nou ak maladi, an n fè konbit pou nou plante lavi nan kominote yo, pou nou plante ledikasyon, konfyans, lespri patriyotis ak ideyal konbitis nan tèt timoun nou yo paske se konbitis la k ap mete vivte nan mantal nou, se lespri priyotis la k ap nouri angajman ak volonte pou nou travay nan devlopman ak pwoteksyon lavi nan kominote nou.
Zantray Mwen yo, Mwen garanti nou konbitis se dènye baton nou genyen pou Nou pare kou lavi, an n sèvi ak li pou nou rive viv tankou moun, se lè nou fè konbit tout kote, nan tout domèn, rezilta a ap vin jwenn nou vre, sinon se pou bouwo a n ap kontinye travay e depi se pou li n ap travay, nou travay nan sak bounda kreve, nou travay kont pwòp tèt nou.
Mwen salye tout vanyan konbitis ki kwè se Ansanm Nou Kapab e ki mete fòs yo youn ak lòt, ki mete fòs yo nan feblès lòt yo tou pou nou vanse ansanm.
Ane 2026 sa a dwe yon ane espesyal nan lavi chak kominote, chak lokalite, gras ak travay konbitis yo pou rann lavi miyò, lavi posib andedan peyi a.
Pa bliye, Ayiti nou reve genyen an, Ayiti nou vle tout bon vre a, li egziste nan lespri nou deja. Nou pa gen gwo mwayen finansye, puiske se ansanm nou fò, se Ansanm Nou Kapab konstui li.
Ayiti pa w la, se ti kwen kote w ap viv la; transfòme l, modle l jan ou reve wè Ayiti a bèl la. E w ap wè l vre.
Bon fèt endepandans pou ou zantray, byen selebre memwa zansèt nou yo. Konbit se lavi, konbit se lanmou, konbit se pwogrè pou tout moun, an n fè konbit pou nou pote laviktwa.
Se te zanmi w, frè w, sèvitè ou, Gué-Marie CASIMIR, Nèg Lakay.