Sant Kiltirèl Yaya Mazandou

Sant Kiltirèl Yaya Mazandou Centre culturel YAYA MAZANDOU de Gros Morne

25/05/2026
01/02/2026
29/01/2026

Nan lokazyon fèt patwonal komin nan (Gwomòn), Asosyasyon Kiltirèl Jenerasyon Za nan tèt kole ak Sant Kiltirèl Yaya Mazandou pote pou nou yon festival atizay sou non : Festival Lespwa.

S on festival k ap fèt ak yon ansanm atelye fòmasyon ak kreyasyon k ap chita sou tèm « Lespwa » yon fason pou moutre malgre tout difikilte ap konnen nan dènye jou sa yo, atizay ap toujou rete yon zouti, yon etensèl lespwa pou n kontinye vanse, vanse sou chimen byennèt la.

Si ensekirite a, zak malvèsasyon yo pa chome; kreyasyon atizay, lespwa dwe toujou doubout limenm tou.

Nou envite tout moun ki vle patisipe nan atelye yo fè rezèvasyon pou sa.

N ap fè 3 jou atelye ak yon jou pou restitisyon tout atelye yo k ap fèt nan youn nan ri nan vil la.

Pou plis enfòmasyon, kontakte youn nan nimewo ki nan flayèz la, oubyen ekri n sou adrès elektwonik nou an.

22/01/2026
28/11/2025

Remèsiman pa sifi pou chak Kanmarad ki kontribye pi pre oubyen pi lwen nan egzistans Asosyasyon Kiltirèl Jenerasyon Za ak Sant Kiltirèl Yaya Mazandou. Jenerasyon Za, plis pase yon òganizasyon sosyete sivil jèn, se yon estrikti k ap patisipe nan edike popilasyon an nan kreye bèl espektak, valorize patrimwàn epi pwopoze lide nou yo nan lide pou konstwi yon komin diy jan zansèt nou te goumen pou sa.

Erbens ISMAT kise Administratè medya an liy TOUT TI DETAY epi Kolaboratè nou depi nan fondalnatal nou ajoute grenn sèl pa l la nan bouyon lavi n ap mete nan komin Mango fransik la depi 2020.

P.S : Jenerasyon Za pa resevwa nan men nenpòt moun, nou toujou kenbe diskou nou : "nan Jenerasyon Za, kochon an gen ase grès pou l kwit tèt li".

08/09/2025

Adresse

Rue Du Centre
Gros Morne

Téléphone

+50940031658

Site Web

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Sant Kiltirèl Yaya Mazandou publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Partager