Lyon Recording Studio

Lyon Recording Studio Lyon Recording Studio

Se nan pa gen chwa yo desizyon k fè plis mal yo pran tete Te pedi tet mwen nan chache men lòt se pye m yo pran tekeVH7 F...
06/09/2026

Se nan pa gen chwa yo desizyon k fè plis mal yo pran tete
Te pedi tet mwen nan chache men lòt se pye m yo pran teke
VH7 Ft Prince Voltaire & Herman Oyee - Papa
Mixed & Master : Ranmase Son
Out now ...
youtu.be/i0Ju0gHOX1

31/08/2026

Double Fresh Ft Energy Speak4G - Nan Pick-UP
Nouvo Son Disponib

29/08/2026

| KILTI : Ranmase Son : yon pakou ki ap konstwi etap pa etap ! 🎼🎻

Datus Macken, plis konnen sou non Ranmase Son, se yon pwodiktè k ap evolye nan Gonayiv, orijinè Sen Mak Senkyèm Seksyon, nan lokalite Defouno. Pou li, non Ranmase Son an reprezante yon nouvo depa nan pakou mizikal li.

Anvan li te adopte non sa a, Datus Macken te yon rapè ki t ap evolye sou non Moylove Lyon. Men, pwodiksyon te toujou fè pati pakou li depi nan kòmansman. Premye janvye 2025, li pran desizyon pou l mete aktivite rap la sou kote pou l konsakre tout tan li ak enèji li nan pwodiksyon mizikal, sitou akoz angajman li nan Lorizon Mizik, kote kantite travay ak responsablite yo te vin ogmante.

Nan estrikti li, Lorizon Mizik reprezante banyè ak label la, pandan Lyon Recording Studio se espas kote travay pwodiksyon an ap fèt. Ranmase Son, li menm, se idantite atistik ak pwofesyonèl li kòm pwodiktè.

Depi li te antre nan nouvo etap sa a, li kontinye make pakou li atravè plizyè pwojè.
Nan dat 7 mas 2025, li te soti Vieux Son, yon SP. Yon ane apre, 7 mas 2026, li te pibliye EP En Attendant LPA. Epi, 7 out 2026, li prezante yon nouvo pwojè ki rele Vèt Kap Mi.

Vèt Kap Mi pote yon mesaj ki mache dirèk ak filozofi Ranmase Son : siksè pa fèt yon sèl kou Dèyè pwojè a gen lide ke tout bagay bezwen tan pou l grandi, devlope epi rive nan matirite. Se yon travay ki fèt etap pa etap.

Sou pwojè a, Ranmase Son kolabore ak Doo-G & MCM Powèt Revòlte. Apre li te fin anrejistre premye vès la avèk Doo-G, li te wè MCM kòm yon moun ki ta byen adapte ak lide pwojè a. Li kontakte l, MCM antre nan vizyon an, epi kolaborasyon an pran fòm.

Ranmase Son se direktè atistik Vèt Kap Mi. Se li menm ki vini ak lide ak tit pwojè a. Pwojè a ekri pa Doo-G ak MCM Powèt Revòlte, pandan Ranmase Son pran responsablite pou mixage ak mastering lan.

Men pakou a poko fini. Ranmase Son deja ap travay sou plizyè lòt pwojè. Nan mwa k ap vini yo, yon vèsyon remasterize EP En Attendant LPA ap vini, pandan yon lòt nouvo EP prevwa pou fen ane a.

Atravè tout etap sa yo, Ranmase Son pa ap chèche pwodwi plis mizik sèlman. Li vle konstwi yon idantite, yon siyati ak yon travay ki ka rete nan rap ayisyen an. Pakou li se yon rapèl ke siksè se yon konstriksyon, e chak etap konte.

✍🏻 KAJOU MEDIA X

📸 X Magazine Gonaïvienne

27/08/2026

Don Wawa - Alo
Dat Ofisyèl la se pou byento

Don Wawa Pwalou 🔥🔥
27/08/2026

Don Wawa Pwalou 🔥🔥

Nouvo Son Pou ByentoBet Move Ft Ke De Lyon & Djab Bensley & Elilye - Matadol
26/08/2026

Nouvo Son Pou Byento

Bet Move Ft Ke De Lyon & Djab Bensley & Elilye - Matadol

24/08/2026

Ranmase Son Dèyè Manèt La : Yon idantite sonò k ap pran plas li nan mizik ayisyen an.

Sòti nan rap pou rive nan pwodiksyon mizikal, Ranmase Son Dèyè Manèt La reprezante yon nouvo etap nan pakou yon atis ki chwazi mete karyè li kòm rapè sou kote pou l konsakre tèt li nèt nan pwodiksyon. Anvan sa, li te evolye sou non Moylove Lyon, men li te santi li nesesè pou l kreye yon idantite ki pi byen reprezante nouvo oryantasyon li.
Non Ranmase Son Dèyè Manèt La tradui travay li kòm pwodiktè: ranmase diferan eleman sonò yo, travay sou yo epi bay mizik la fòm ak kalite. « Dèyè Manèt La » vin reprezante pozisyon li kòm moun k ap travay nan dèyè pou kontwole epi konstwi son final la.
Menm lè li te toujou ap fè pwodiksyon pandan li te rapè, se evolisyon aktivite li, sitou nan kad Lorizon Mizik, ki pouse l pran desizyon pou l konsakre tèt li sèlman nan pwodiksyon. Chanjman sa a vin ofisyèl Premye janvye 2025. Jodi a, li espesyalize nan recording, mixage ak mastering, sitou atravè Lyon Recording Studio nan Gonayiv. Li se tou CEO Lorizon Mizik, yon label li fonde ansanm ak Doo-G ak Wensluby PDN.
Pami travay ki make pakou li, gen « Verite Envisib », dezyèm track sou EP En Attendant LPA, ki soti 7 mas 2026. Pwojè a fèt sou baz yon enspirasyon ki soti nan mizik « Sa Je Pa We » Vanessa Jeudi, epi li vin tounen yon kolaborasyon avèk Vanessa Jeudi ak Doo-G. Men, pi lwen pase aspè atistik la, mizik la pote yon refleksyon sou reyalite sosyal peyi a, kote mizik sèvi kòm yon temwayaj sou epòk la.
Yon lòt pwojè enpòtan se « Vèt K ap Mi », li reyalize ansanm ak MCM Powèt Revòlte ak Doo-G. Tit la chita sou lide kwasans, evolisyon ak espwa. Pou Ranmase Son Dèyè Manèt La, siksè pa yon bagay ki rive yon sèl kou, men se yon pwosesis kote chak eksperyans kontribye nan fòmasyon moun nan.
Nan travay li, li chwazi mete aksan sou rap poètik, mizik sosyal ak boom bap, yon direksyon Lorizon Mizik ap defann. Li site Filip A La Prod, ansanm ak Benkele PhatBeatz ak Dedy Styl, pami pwodiktè ki enfliyanse fason li konprann pwodiksyon mizikal la. Pou li, yon pwodiktè pa sèlman la pou fè son an bèl, men li dwe konprann atis la, tèks la ak mesaj mizik la.
Pou fen ane 2026 la, Ranmase Son Dèyè Manèt La ap prepare yon EP ansanm ak Doo-G ak Prince Voltaire. Pou 2027, li anonse yon pwojè ki gen plis anvergè, kote plizyè powèt ta dwe patisipe, menm si li poko pare pou revele tout detay yo.
Nan kèk ane, objektif Ranmase Son Dèyè Manèt La se vin yon non ki asosye ak kalite, idantite ak mizik ki gen mesaj. Pi gwo eritaj li ta renmen kite se pa sèlman kantite mizik li patisipe nan yo, men enpak travay sa yo ka genyen sou atis yo, sou jèn pwodiktè yo ak sou evolisyon mizik ayisyen an.

Sesyon Anrejistreman | Whidden ClasicNouvo Son Pou Byento
19/08/2026

Sesyon Anrejistreman | Whidden Clasic
Nouvo Son Pou Byento

Adresse

Gonaïves

Téléphone

+50942091286

Site Web

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Lyon Recording Studio publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Contacter L'entreprise

Envoyer un message à Lyon Recording Studio:

Raccourcis

Partager