12/02/2021
Medam li zè?
MC THUG
Se yon plezi pou nou jodia poun pale nou de yon bagay trè senp ,ke nou te ka pat konnen, kisak ka fè van sot nan vajen Medam yo nan moman yap fè sèks? Sa ki vin kreye yon bri...
Anpil koup konn eksperimante sa menm yon fwa, gen gason ki pa konprann mekanis ki mennen a sa, yo konn akize fi an dil nan lòt gason, gen fi ki konn wont patnè yo etc... bagay sa konn koze moun kite, konn koze divòs ,mw a Dr Casseus pral eksplike nou sal ye ak reyalite , pa bliye pataje tèks la svp
Sak fè Fi a fè van nan vajen li an nan moman rapò seksyèl la?☚
☛Nan moman relasyon seksyèl la sa ka rive ou tande yon bri ki parèt biza,ki sonnen tankou se van patnèw la fè,son sa soti direkteman nan vajen an vre,men li pa menm ak sa ki soti nan ti twou deye moun nan,li pa gen movèz odè. Sak kozel an reyalite ,se van ki penetre vajen an nan moman peni an ap antre an ,e lè van sa soti vin kreye bri an...
men kèk sitiyasyon Ki mennen a sa:
-Van sa konn rive soti pafwa se twò mouye Fi a mouye seksyèlman epi peni an nan mouvman va et vient an pwodwi bri a
-konsa tou sa depan de pozisyon Fi a ye pi souvan se nan pozisyon "back shot"sa fèt,sa ki favorize ouvèti vajen an, pi kreye yon depresyon paske tout òga'n yo panche jan Fi a enkline a ki pemet van antre nan vajenl epi peni an nan mouvman li yo ede bri sa fèt paske fòk van sòti.
- pandan ak sèksyel la, sa konn rive lè fi an ap jwi fon vajen an konn dilate e antre an sere, sa kreye yon aspirasyon,nan moman peni an ap antre li ka koze bri sa, pi lè van ap an soti li kreye bri sa
- aprè gwosès oubyen akouchman ,perine fi an konn afebli, nan moman penetrasyon an ,li konn vin paka sere tèt peni an jan poul serel la, pi penetrasyon an konn vin a van, ki pral koze bri sa.
- sa konn rive pandan ak sèksyel la, fi an bloke enspirasyonl sanl pa rann kont , pi" muscle " ki jwe yon gwo wòl nan respirasyon nou ki se "diaphragme " vin aji tankou yon piston ki tire òga'n ki nan basen anwo, ki vin kreye yon depresyon nan vajen an, pi lè fi an lage souf li , van briskeman sòti nan vajen an ,pi kreye bri an.
- si nou wè pèt la gen yon vye odè se ka yon ka ijans al lopital ,dèfwa se "re**um" ou ki antre an kominikasyon avèk vajen w , donk odè trip ou kap pase nan vajenw nou jwenn sa anpil nan sa yo rele "maladie de Crohn "fow al kay Dr
Anpil koup gen pwoblèm paske gason an ka panse se nati Fi a ki pa bon osinon se twonpe lap twonpel ak plizyè gason,donk se pa sa li ye ditou,jodia nou fè limyè sa pou nou, poun sot nan fè nwa,aprann konnen koman kò a fonksyone poun pa pran move desizyon nan relasyon nou.
NB: Si van sa sot nan vajen an ou ta remake li gen move sant,vizite yon medsen,paskel kapab yon pwoblèm.
like paj "TOUT SAVOIR SUR LA SANTĖ" pou plis Moun ka wè enfo sa yo☚
Like & pataje
Tag yon zanmi li avèw
DrJoseph Casseus Djezy & Kerry Norbrun