Elite Prodz

Elite Prodz Informations de contact, plan et itinéraire, formulaire de contact, heures d'ouverture, services, évaluations, photos, vidéos et annonces de Elite Prodz, Arts visuels, 100, Delmas.

07/06/2023
07/06/2023

👐👐👐👐👐

26/08/2020

**************** Deni Gwosès ****************

Anpil fwa nou konn tande ap pale de Pitit an Pèdisyon, men gen yon sitiyasyon patikilye ki konn prezante lakay fi ki pi atiran, se sa yo rele 'Deni Gwosès la' ki se lè fi a ansent epi pyès chanjman pa opere lakay li e li pa menm okouran de sa. Li toujou ap regle aktivite li san gwosès pa evolye, li pa krache, li pa vomi, li pa santi anyen ki gen rapò a moun ki ansent, menm mouvman bebe a li pa resanti nan vant li. Nòmalman yo klase Deni Gwosès an 2:

*Deni Gwosès Patyèl : Kote ke se preske nan fen premye trimès gwosès la ke fi a okouran de gwosès la swa li resi santi yon mouvman, swa pandan li ale fè yon egzamen lopital, e anpil fwa apre yo finn dyagnostike ke li ansent, vant lan pouse rapid e pran menm koub kwasans ke li ta dwe genyen an
*Gen Deni Total: Kote ke gwosès sa se petèt nan denyè jou yo ke yo dekouvri li oubyen paske moun nan vini pou doulè epi lè yo gade yo wè se yon moun ki prèt pou akouche.

**********Kisa ki eksplike sa menm? *********
Annou wè ansanm sitou pou Deni Total la
Enben, jan yo di ke se Tèt ki mennen Kò a, spesyalis nan twoub mantal yo klase Deni Gwosès kòm yon twoub psichik, e yo eksplike ke gwosès la pa sèlman yon pwosesis fizyolojik ak fizik, gwosès pa sèlman vle di ke moun lan ap gen vant monte e ap pote yon bebe, gwosès se tout yon pwosesis psichik tou, e nan Deni Total la, se ke psichik la pa aksepte Gwosès la e pou konsekans, fizik la pa pran lòd e pa kreye kondisyon pou vant monte ak lòt siy ke yo rele siy senpatik Gwosès la. Si psichik ka bloke fizik la e fè moun lan pa prezante pyès siy gwosès, enben gen kèk bagay ki koze sa e pami yo nou jwenn :
*Yon istwa ak yon ekspeyans ansyen ki te petèt twomatize fi sa
*Diskisyon nan koup la e ke fi sa pat janm panse ansent pou patenè a oubyen wè ke gwosès sa pap abouti anyen
*Enstabilite familyal
E daprè Sikyat Benoit Bayle, gen plizyè kesyon ak enkyetid kay fi sa ki ap twomatize li tankou : Eske mwen ka fè timoun sa vre? Eske mwen pare? Eske mwen ka manman tout bon? Eske timoun sa pap viv menm twomatis anfans mwen yo akoz enstabilite? Eske patenè sa merite yon bebe tout bon? Anpil fwa se tout sitiyasyon sa yo ki konn konpile pou bay Deni Total la. Dèfwa mank edikasyon ak mank swivi medikal konn fè yo di fi sa yo se rizèz yap fè oubyen se mare yo te konn mare vant lan ak kòd kifè li pa monte. Yon Deni Gwosès Total pa yon jwèt e li mande yon bon akonpayman sikolojik pou eksplike fi a tout mekanis ki anglobe sitiyasyon ansent,pote bebe e devni yon manman!
Atansyon pa konfonn Deni Gwosès ak moun ki pa gen vant devlope ase akoz fizik yo ki piti anpil, paske nan premye trimès gwosès, moun ki piti anpil konn pa devlope ase vant e si yap plede mete gwo rad ou ka pa remake sa!
Kisa ou panse de Deni Gwosès la? Pataje pou yon lòt moun ka enfòme tou e pa bliye abone avèk nou sou lyen sa

https://www.facebook.com/Sante-Anba-Tonèl-2339884806074912/

Mèsi
Exama Jean Rodrigue Junior

30/05/2020

Demen nap distribye 75000g a 30 manman diferan! Answit nap bay 25000g sou fòm minit telefòn! Epi nap bay manje nan lari a ak sa ki nan bezwen!
Se fi sèlman kap ka genyen, kit ou manman, kit ou poko manman!
Pita nap jwenn lè ak rès enfòmasyon yo!
Yon ti jès men ki ka konte kanmèm🙏

04/05/2020

Dlo antre nan zòrèy ou deja?
Se yon vye sansasyon lè sa rive yon moun swa pandan lap benyen lakay li, oubyen nan pisin ou nan lanmè, enben men kèk teknik ki ka ede ou soulaje sa. Pataje tèks sa lè ou fini.
* siye zòrèy la ak yon ti moso twal pwòp ke wap antre tou piti e pa twò fon, e tanzantan wap fè sa, toujou chanje pwent wap siye avèk li a.
* Panche zòrèy sou kote li antre a, rale pwent zorèy la dousman, virel nan plizyè sans epi antre ti dwèt ou tanzantan pou pwovoke yon efè sisyon.
* Kouche sou kote dlo antre nan zòrèy la pandan yon bon ti tan.
* Eseye seche zòrèy la ak yon bagay ki fèt pou sa, men pa pwoche li twò pre zòrèy la.
* Achte chiklèt epi mastike epi san rann ou kont, sa ap ede ou debloke ti pòch dlo ki bloke nan zòn Twonp Estach ou.
* Baye, sa ap pèmèt ou debloke dlo a tou nan zòn Twonp Estach la.
* Pense 2 twou nen ou ak dwèt ou, fèmen bouch ou epi pouse lè soti, sa ap pèmèt dlo a debloke pi fasil.
Jan tèks sa itil ou a, pataje li pou li ka itil yon lòt tou, li pap koute ou anyen!
Abone ou ak paj la sou lyen sa
https://www.facebook.com/Sante-Anba-Tonèl-2339884806074912/
Mèsi
Exama Jean Rodrigue Junior

02/05/2020

Medam, eske nou konn wè fouk kilòt nou ap chanje koulè malgre nou lave li, kòmsi yon bagay kap tèni? Sonje pataje tèks sa fè li rive pi lwen pou plis fi ka okouran
Enben jodi a mwen ba ou rezon ak sa li vle di.
Chanjman koulè sa se akoz konpozisyon sekresyon kap soti nan bouboun ou, ki gen yon yon ph asid, ph se sa yo rele Potansyèl Idwojèn nan, yon Ph ki egal a 7, yo di li net, li o milye, yon PH ki pi ba li asid e si li pi wo ke 7, li bazik!
Enben sekresyon ki sot nan bouboun yon fi gen preske menm ph ak diven nou bwè a, li ozanviwon 3,8 pou rive 4,5, kidonk li vrèman asid, esak fè li dekolore fouk kilòt nou konsa
Eske se yon bon bagay?
Daprè anpil jinekològ, siy sa bon tou menm si gen fi pa alèz lè yo wè kilòt yo konsa, men siy sa vle di ke bouboun ou anfòm paske si ou gen maladi IST yo, sa yo atrape nan fè bagay oubyen lòt enfeksyon, sekresyon sa yo ke ou te konn abitye bay la pap ka pwodwi menm jan ankò akoz bakteri yo!
Pataje e pa bliye abone ou a paj sila!
Mèsi
Exama Jean Rodrigue Junior

30/04/2020

#3 'Vayeris' (Jòf! )
Nanpwen bagay gou la, si nap tande mesye yo kap pale, enben yo rele li 'Vwayeris'! Se youn nan Parafili yo, li menm li pa nesesite pou moun lan gen yon moun li ap touche, pa kont se satisfaksyon ke moun lan jwenn nan gade yon moun ki ap fè bagay, oubyen yon moun ki ap benyen, ki ap mete rad, oswa yon moun ki mal chita epi yap pran ti plezi gade anba jip moun sa yo! Gen gason ki menm rapòte ke yo konn pran plezi ap pran jòf nan pwòp mennaj ou madanm yo!
Men gen ti deba, selon kèk seksològ, si ou pantan sou 2 moun ki ap fè bagay ou youn nan lòt sitiyasyon nou sot eksplike la yo, sa pa fè de ou yon moun ki gen twoub oubyen ki soufri Vwayeris, paske gade pa peche sitou si sa fet sanzatann😀!
Men yo plis kalifye Vwayeris la si moun sa pran plezi ap cheche sitiyasyon sa yo menm, si li rive ejakile, e si menm apre sa li toujou ap retounen imaj la nan tet li e resanti menm sansasyon an kòmkwa li nan moman an ankò, la yo ka kalifye ou de moun ki soufri de Vwayeris! An pasan, nap di ou se pa sèl gason ki renmen jòf, fi renmen sa tou men gason pi adikte!
Ou renmen ti jòf ou tou? Eske gen fi renmen jòf tou? Tag yon moun ou ta renmen pran Jòf li😉
Pataje pòs la e pa bliye abone ak paj sila pou pa rate bel seri atik sa yo
Mèsi
Exama Jean Rodrigue Junior

26/04/2020

Hey mesye, nou pa konn wè lè maten nou leve a drapo nou tou kanpe, ti koulout nou kanpe rèd kou Kaporal! Yo rele li nan langaj medikal la ' timesans penyèn noktin ' ( tumescence pénienne nocturne )! Yo konn di kòk la chante, yo konn di se li ki reveye yo tankou alam, yo konn di madanm yo men drapo a ap monte, medam yo rele li bann p**i, men se kisa li ye ojis!
Kibò ereksyon sa soti?
Kisa li itil?

*** Nòmalman se yon fenomèn natirèl e fizyolojik ke li ye, nan gran sistèm nève kay moun gen 2 sistèm ( sistèm senpatik e sistèm parasenpatik ) sa youn fè lakay ou lòt la fè kontrè a, enben pandan lannwit la kay gason sistèm nève parasenpatik la yon ti kras domine sistèm senpatik la e li anpeche sekresyon yon òmonn ki rele noradrenalin ki, nan tan nòmal anpeche ereksyon lakay gason e otomatikman gen yon lòt òmonn ki rele testostewòn ki se yon eksitan natirèl ki vinn fè san an sikile pi fasil e desann nan peni gason an e favorize ereksyon sa yo! Nou ap fè ou konnen tou ke yo plis ke 10 ereksyon pandan lannwit la, menm si se dènye a ou pi fasil remake

*** Ki enpòtans ereksyon sa yo?
Se yon sòt antretyen ke kò a ap fè, se tankou yon moun ki mennen machinn li nan garaj, ereksyon sa yo pèmèt tisi peni gason an jwenn oksijèn nòmal e gen yon pati spesifik nan peni gason an yo rele ' kò kavène ' ke ereksyon sa yo kenbe an sante! Se yon bon siy!
Men moun ki soufri pwoblèm ereksyon, tibebe, e moun ki kòmanse antre nan laj pa fasil sibi fenomèn sa!
N.B : Ereksyon sa yo pwodwi lakay fi tou o nivo klitoris fi a chak swa men li pa evidan menm jan a pa gason an!
Tag madanm ou vinn li
Pataje pou yon lòt pwochen konnen tou e pa bliye abone ou a paj sila a! Mèsi
Exama Jean Rodrigue Junior

Enpòtan
21/01/2020

Enpòtan

Adresse

100
Delmas
HT4110

Téléphone

36967248

Site Web

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Elite Prodz publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Contacter L'entreprise

Envoyer un message à Elite Prodz:

Partager