11/05/2025
° L'impardonnable °
🍒À contre Cœur🍒
*Condamnée à tord , humilliée , rejettée*
Écrit par : Ruth Ashley
Page facebook : L'encre d'elle
✍✍✍Avec l'encre de ma plume✍✍✍
🥂Episode 99🥂
💃S2💃
Pòt salon an ouvri Angie ak Fendy antre Daniel tap desann mach yo li wè yo.
Daniel sezi : mes enfants mes amours.
Mesye dam yo kanpe ap gadel byen kalm.
Daniel paka kouri sou yo : nou lakay nou fe sa nou vle.
Fendy : wi nou te konn sa dja Daniel isi a se kay nou chè mèt chè mètrès
Angie : kote sòsyè yo bay pou Paola an kite panse ki fè viktwa a
Daniel gade kanape kote Paola kouche an Angie mache byen serye lale chita anfas li an.
Angie kwaze pyel : Coucou Paola!
Paola sote li leve chita : Fiona! Non mw pa touye Fiona mw pa touyel se pa mw se pa mw...
Li bouche 2 zòrèy li lap rele , Fendy ak Angie tonbe ri.
Mike : mw swete li ale mieux
Matt : yeah broh mesi pou prezans ou
Mike : ou konnen map tjr la pou ou broh.
Angie : ow alors se ou ki touye manman'm? (Li kanpe) epi Daniel poukisa li nan kay sa tjr pandanw konnen se li menm ki touye manman nou?
Daniel : li deja f***e Angelica mw kitel poul pran soufrans li konsa
Angie : lap pran soufrans lan wi men nan menm fason m te pranl lan.
Daniel : mw kontan wè nou
Angie : se kontrè a pou mw ou konn sa
Daniel : mw konnen e nou gen tout rezon nou pou nou rayim , m mande nou padon
Fendy : kenbe padon an pou ou(li pwoche Paola) pou Fiona kitew anrepo poul pa paret nan rev ou ank wap ale nan post polis ki pi pre a wap avwe krim ou an se yon denye chans Paola...
Paola tankou vè ki pran nan sann cho : non non non...
Fendy : ann ale Angie.
Daniel : mw dezole a koz de mw nou pa eritye de byenm yo
Fendy : éh...
Daniel : yo sou non Paola li fem siyen papye yo
Fendy ri : pa enkyetew Daniel Paola pa posede anyen
Angie : nou pa enbesil tankou kek moun
Li menm ak Fendy ale.
Daniel gade Paola : lè mennenw lopital fow pale ak bouch ou pouw inosante Angie poul ka lib (li vire)
Li fenwa net , Mike te rantre lakay li.
Matt ak Rosie rete lopital la ak Danielo ki pat deside ale.
Miche fin ranjel poul kouche lap pale ak James : li pa byen James mw byen pè pou li
James : pitit la pou Matt vre?
Miche : mw pa doute non
James : enbyen sil pou Matt se pou Mattéo pran afel
Miche : wi Mattéo kanpe ak li
Tout moun cheche wout kabann yo , Mike sou balkon an li rele Shane.
Mike : mw deranjew?
Shane : pa vreman se kouche m ta pral kouche
Mike : kmnw pase res apre midi a?
Shane : tre byen
Mike : koman prenses mw an ye
Shane : li tre byen lap domi
Mike : kile map ka pase yon bon moman avel stp?
Shane : ma gentan diw paske fom la tou
Mike : ou pap janm kitem soti avel a 2
Shane : non mw pa few konfyans ak tout fanmiw
Mike blese : ou gen rezonw tout sa se mw ki koz, men kounya m gen yon pitit fi ke papam paka konn egzistans li
Shane : Meesha pap mete pye anndan lakay modi ou an anndan kay ki fem pran plizye mwa prizon malgrem inosant kay ki fem rankontre ak ou ki koz malèm kay ou an se kay demon kay asasen
Mike : ou met papam ladan yo tou
Shane : non mw konnen mesye Guy se yon bgy apa map priye pou asasen an pa rive fel mal e Bondye ap gentan fem demaskel avan tou
Mike : ou konnenl poukiw pa dim kiyes direk
Shane : lew tal aprann avoka sa anba ban yo ou te chita ? Ou te dwe premye moun ki te pou wem inosan ew te dwe premye moun ki te pou sispèk moun ki pa bon moun nan, se pa mw kap diw se ou ki pou cheche konnen, mw gen somèy bye.
Mike : dk bye bonne soirée
Shane reponn Mike rakwoche.
Mike ap reflechi : Yon sèl moun ki nan tet mw , mw dwe dekouvri sak te pase a pi byen konsa ma lave mal m fe Shane yo.
Li rantre ale kouche.
Gabie vire bò : m tap tann ou antre
Mike : mw pansew domi de kisa?
Gabie chita : kisa sim few wap kitem?
Mike : pouki kesyon sa? Ou fe yon bgy?
Gabie : eske si yo akizem de yon bgy wap metem nan prizon
Mike f min : siw fe yon bgy ki mal dim sa sim ap ka edew ma edew
Gabie fe yon soupi : m jis bzwen konnen siw konsiderem enpe nan viw m bzwen konn siw sansib pou mw
Mike : avanw te deklare ou renmenm ou te yon ti sè pou mw Gabie pavre?
Gabie souke tet li : mw konn sa
Mike : ou gache sa ak yon koze ou renmenm bah...
Dlo soti nan zye Gabie, Mike pranl nan bral poul fel pa kriye.
Matt tap eseye rele Angie se kounya li panse avèl men malerezman li pa jwenn li , li kite yon tex pou li.
Nan mitan nwit lan Daniela fe yon kriz.
Paola fè yon rèv tipikman a jou li te ale touye Fiona a, li wè Tony vole tet mi yo apre li ouvri barye an bal antre yo file antre ale nan chanm Angie an li asomel epi yo ale metel nan chanm Fiona a yo marel sou yon chèz apre sa Angie revini li wè manmanl sou kabann nan ligote zam brake sou li.
Angie kale zyel li paka pale bouch li mare, Fiona ap kriye...
Paola tire Fiona 3 bal nan lestomak.
Apre sa li menm ak Tony pote kò an yale anterel deye kay la epi yo netwaye sèn krim nan yo mete san sou rad Angie yo bal yon piki epi yo remetel nan chanm li.
Apre Paola we se li ki poukol kap soti apre li fin antere Fiona an li kwaze Fiona devan barye a ak menm rad li sot mouri an ki plen san sou li.
Paola sezi li kale zyel : Fiona ou mouri ou mouri dja m sot tiyew.
Fiona : wèèèè se ou ki tirem se ou ki tiyem se ou se ou
Paola : wi se mw Fiona se mw ki tirew se mw kitem anpè
Fiona : bay verite map kitew anpè sinon map pranw avem
Fiona vole sou li Paola sote nan domi an ak souf li wo e ak pawol se mw ki tiyew lan nan bouch li.
Nwit lan fe plas ak nouvo jou an, tout moun leve nan aktivite yo.
Maten an Guy pa leve koz li pa santil twò byen.
Mike ale wel nan chanm li avanl ale travay : rele doktè an papa?
Guy : pa enkyetew gasonm map fe mye tale konsa se laj la kap mande larezon
Mike : m pa vle tande move nouvel nan mitan jounen an papa pa fe tet di
Guy : o ka ou sa ta agrave map fe Cédrick rele doktè a Kévin
Mike : enbyen ok pran swenw hein!
Li pase men nan tet Guy li ale.
Anita pote yon jus bay Guy : bwè sa mesye Danger
Guy pranl : mesi
Lale poul bwel aprel ezite.
Guy : Kote Johana?
Anita : li anba nan kwizin nan wi mesye se li menm ki voye jus a pou ou
Guy : ouvri tiwa sa gade pouw we siw we yon flakon konprime pou mw
Anita egzekitel : mw pa wel non mesye Danger
Guy : gade nan kwizin nan siw wel , pa kite Johana remake sa dk
Anita souke tet li : wi mesye
Guy : pote yon flakon oubyen yon po ki konsève pou mw tanpri.
Anita : dk mesye (li soti)
Guy pran vè jus an li serel anba kabann nan.
Yo te remete Daniela nan oksijèn li bay nwit lan men nan maten sa agrave, doktè a pale ak Matt li dil eske li dk pou yo pran bb an nan vant li malgre li pa sou mwal.
Matt : si sa ap bon doktè fel tanpri sove vi yo pou mw tanpri tnpri.
Matt vreman panike li pavle pedi bb a e li pavle Daniela mouri.
Doktè a gade Matt ak yon pèn komsi li konn yon bgy ki pral pase ki pap fe Matt byen : byen dk mesye (li deplase)
Jan Guy di an Anita pote yon ti po ki konsève ak flakon konprime an.
Guy : Johana pa we?
Anita : non mesye li deyo a ap pale nan telefon
Guy : mesi ou met ale.
Anita soti, Guy pran jus a li videl nan konsève lan li serel li mete vè an sou pwent tab de nwi an...
Lè ap mache , Mike nan buwo Shane nan.
Mike : si se li konfimem
Shane : kisa wap fe?
Mike : sam te dwe fe depi 2 ane avan
Shane : ou pa gen preuve kont li se ap pawol ou kont pal la
Mike chita : Meetsh mw vle edew mw vle jwenn jistis pou Mama mw vlew lib mw vle lave nonw
Shane : yon non kew te fin sal
Mike : stp sispann ak pawol blesan sa yo m dja konnen m antò
Shane : degajew de rechech paw ou pi byen plase ke mw
Mike : se vre li te few manyen zam nan?
Shane : ou pat kwem lem te dil lan
Mike : se paske se pa zam li an yo te jwenn sou sèn krim nan
Shane : ou se avoka fe sevow travay ou mye plase ke mw pouw konprann ti sa , stp mw vle travay an pè
Mike fe yon soupi epil soti.
Daniela nan sal operasyon pil doktè sou li pil aparèy branche sou li, doktè yo ap file gan enfimyè ap prepare zouti pou operasyon an.
Matt nan koulwa a pa gen bouda chita lap priye nan kèl , Miche te vini ak Chloé , Rosie ale nan ti chapèl lopital la lal priye , Danielo chita tet atè lap sekwe 2 pyel lap krake dwèt kèl ap bat fò... Aly ak Harry la tou yo kanpe apiye nan mi yo.
Paola kanpe devan anfas komisarya a li fe pre de 5 minit kanpe apresa li travèse antre li mande pou yon enspektè yo mennenl bay enspektè a.
Paola chita : mw tiye Fiona David
Enspektè a mare min li : ou ok madam? (Li konnen moun tet dwat pap avwe yon krim parey)
Paola souke tet li : li pavlem domi nan nwit mw vin di sa poul ka kitem domi
Laaa Enspektè a wè se konsyans Paola kap pale : komanw te fe tiyel?
Paola explike sak te pase yo byen el di Tony se konplis li , li bay pouki rezon li te tiye Fiona li di ki kote yap jwenn zam li te tiyel lan sa yi te jwenn nan se pa li kite tiye Fiona vre , li tou pale de afè Kerby li te fe monte plan pou akize Fendy an. Yo oblije metel nan gadavi pou yo ale cheche prev yo.
Johana pran lari nan objektif poul jwenn Paty li bzwen konn moun ki kache deye menas li yo , li ale nan yon sant sante...
Johana : Paty Méus se kouzin mw , mw te pedi kontak li paskem pst Haïti kounya mw vini gen yon pwoch li ki dim li te etène isit la a koz li te malad.
Miss lan ap cheche nan dosye : mw pa kwè gen non sa nan dosye yo nn madam, se te nan ki mwa li te etène an?
Johana : euh... mwa ki sot pase a
Miss lan ale nan ranje dosye mwa pase an li cheche malerezman pa gen non sa la Johana remsyel li ale nan yon lot ti sant.
Doktè yo opere Daniela yo pran bb ki fèt tou zwilit , yon miss pranl poul netwayel pou yo ka metel nan kouvèz kounya yap okupe yo de Daniela...
15 minit pase aparèy ki branche sou li ki pou bay siy de vi an pran kriye , epi liy lan vin tou dwat. Doktè yo youn gade lòt.
Yo pran aparèy pou yo reanimel men domaj.
Doktè : Heure du decès 1h 23 minutes.
Mike rete ap reflechi : Johana Johana eske se ou? Ou pat janm gen bèl lè ak Mama vre men pouki rezon ou mete sa sou do Shane? Pouki rezon ou ta touye Mama pou tout ane sa yo nou fe ansanm???
Tan de kesyon san repons.
Guy nan salon an Cédrick rantre ak yon mesye mennen ba li.
Cédrick : mesye Danger.
Guy kanpe : Docteur Georges , merci Cédrick.
Dr.Georges : monsieur Danger siw fem vin la se sur ke kò a pa twò bon
Guy : pran plas pran plas , mw pa two oke men se pa pou sa mw few vin la
Dr. Georges chita : men pale ak mw mon ami...
Angie nan buwo Shane nan : li ekrim m pa menm li mesaj la
Shane : ou pa dwe konsa fow tandel boo
Angie : mw mal mw wont Shane
Shane : ou we depi jou a li pa vin travay ou pa menm mandel sak pase ou pat renmenl vre
Angie : sak pase a se ke madanm li akouche li rete ap bal lanmou
Shane souke tet li : ou pa posib...
Nou sonje yè Sabine te ale jwenn yon mesye byen kosto... enbyen mesye a te demantibilel li kouche depi maten li pa janm leve.
Sabine : si Karina te la li ta edem mezanmi m pa ret anndan ank non oh epi malbourik la pa peyem non hmmm map tou kite...
Lap plenyen.
Doktè a soti bay mesyedam yo nouvèl la.
Doktè : nou fe tout sa nou kapab men madam nan pa siviv kondoleyans fanmi an.
Matt akwoupi 2 menl bare bouch li.
Danielo telman sezi lèl rele manman li pa konnen : nonnnnn m pako jwil non mesye m pako dil pitit li renmenl non m pako relel manman non mesye.
Aly ak Harry kenbel.
Miche kriye kanmenm se te zanmil. E Rosie kite gentan two abitye ak Daniela pa ka kenbe dlo nan zyel.
Guy : mw vle pouw analize sa yo pou mw nan laboratwa.
Dr. Georges gade flakon an : e kiyes ki preskriw medikaman sa ?
Guy : jis analizel Docteur
Dr. Georges : dk men se pa tou swit wap jwenn rezulta yo
Guy : depi map jwenn yo tant mieux.
Yo pale lot bgy Dr an tcheke tansyon ak s*k Guy yo nomal apre kek konsey medikal li fini par ale.
Polisye yo te rive kay Tony paske Paola te ba yo adres la Tony pa la men yo fouye kay lan kanmnm yo jwenn plizyè zam yo pran tout.
Daniel ap soti nan buwo an pandanl ap pale nan telefon : dk enspektè mw dja nan wout map vini.
Li soti ale pran machin li.
Paola chita atè anndan gadavi an lap ri lap pale poukol : mw di sa Fiona mw di sa , wap kitem domi kounya hein? Hein ti baz? Ou pap vin chechem ank pavre? (Tout danl deyo)
Nan travay Fendy an se rete mesye yo rete yo wè yo vin pran Kerby.
Franck : ou pale sa?
Fendy : non mw te diw non dja
Kerby : mw pa fe anyen
Polis : wa ale reponn kesyon nan entewogatwa a
Kerby gade Fendy dlo soti nan zyel : padon , mw dezole mw te bezwen kob se pa sam te vle dezole Fendy.
Yo ale ak li.
Fendy gade Franck ki gadel tou.
Mesye dam yo bouyi rèl nan lopital la pou Daniela. Komsi se ban yo ak mi yo ki touye fi a paske se sou yo ase Matt devide kòlèl pou telman li bay mi yo kout pwen plen ban yo ak kout pye.
Apre midi tonbe , yo mete Daniela nan mòg.
Mike ap kite travay la li rele Matt ki bal nouvèl la.
Mike sezi : oh Lord dam nan mouri! E bb a? Kouraj Matt mw nan wout ap vini tiens bon mon frère.
Angie tande paskel te tou deye Mike ap soti kel kase : mesye Danger
Mike : wi Nellie
Angie : Matt gen moun mouri?
Mike pa konn sil dwe dil sa : euh... se konplike
Angie : dam kite ansent pou li a?
Mike souke tet li : domaj li mouri.
Angie : mw prale avèw
San ezite Mike dk yo monte machin nan yale.
Johana tjr ap cheche li bouke nan cheche Paty jamè jwenn yon bon repons. Li rive nan yon mòg nan gran sipriz li se yon ansyen kondisip li kap travay nan mòg lan.
Johana : Josué
Josué : Johana (li anbrasel) dat mw pa wew ou devni yon gran fanm
Johana : wi euh.. m pa vreman gentan se yon enfo map cheche...
Li di Josué sal bezwen an Josué dil pa kwe men lale cheche kanmenm poul we sil we non moun sa nan mòg lan...
Daniel te nan komisarya a yo explikel tout bgy li explike koman sa pase nan vil tou explikasyon yo konfime ke Paola koupab vre , e Kerby bay verite sof Tony yo pa jwenn.
Daniel ale wè Paola nan gadavi an : ou ok kounya? (Paola gadel) se plas sa ou tap cheche pavre?
Paola kanpe : m bay verite Daniel , Fiona ap kitem domi kounya pavre hein? Hein? Daniel?
Daniel : à Dieu Paola.
Li vire lale.
Paola komanse relel : Daniel Daniel pa kitem poukom Daniel ale avem m bay verite Fiona ap kitem domi Daniel...
Daniel pa okupel li ale alel.
Mike ak Angie rive lopital la.
Mike anbrase ak Matt : kouraj broh.
Dlo ap koule nan zye Matt, Angie rete kanpe.
Mike : nou regle tout bgy dja?
Matt : wi , bb anan kouvez paske li piti anpil li pat sou mwal,, Nellie.
Angie apwochel li pranl nan bral.
Matt kriye : dezole paskem te kachew sa
Angie : chuuuu se pa moman pouw pale de sa kouraj m vle la pou ou.
Matt souke tet li Angie pase menl poul siye dlo nan zyel...
Josué cheche li pa jwenn Paty men li jwenn Patricia Merci.
Johana : Paty kpb diminutif Patricia fotol , non moun ki te responsab kò a?
Josué gade : Fendy David.
Johana fe min : m pa konn moun sa(Josué montrel foto Paty) wi se li se li se Paty... Gen kamera la pavre? eskem kpb wè videyo jou fineray kò sa te fet lan stp?
Josué : m pa plase pou tout enfo sa yo Johana se pa legal yo entedi sa yo
Johana ouvri valiz li , li bay Josué jòf yon sòm
Josué gentan tante : se paskem rekonet ou wi se kondisip mw ou te ye , depi lontan ou reve gran ou anbisye ou renmen lajan ou patap ka pa granfanm vre.
Johana : aah monchè depi wap viv fow reve gran.
Yo file nan sal kamera yo.
Devan gran prizon gason yo Ralph rewè solèy yon mesye ki sou yon moto kròs ki vin chechel.
Ralph ouvri 2 bral : mesi kouzen
Mesye a anbrasel : m te diw m patap kitew net kouzen
Ralph : bon Ralph deyo sak pa dwat ranje kò yo
Shane nan telefon ak papal : map vin wew papi pa fache
Pedro : kote pitit mw an
Shane : men li la wi , Manmie vin pale ak papi chr
Meesha apwoche : aaaaalooooo
Shane ri : pale byen Meemee
Pedro kontan : komanw ye pitit fim?
Meesha : m ya
Shane : ou pa di e li menm chr
Meesha : eou papi
Pedro : papi byen chr papi byen surtout papi ap pale ak ti zanj li an ou pa fe dezod bb?
Meesha souke tet li : hm hm
Shane : wey ou menm nan wi
Pedro : pa bal kou pou mw non kitel fe sal vle
Shane : mw menm papa m kite met kay fe sal vle wi...
Yo kontinye pale...
Josué cheche videyo yo bay Johana gade vreman se te jou fineray Paty an nan chapèl lan.
Johana ap gade lel we yon moun : zoome Josué...
Josué bay zoom.
Johana kale zyel : Andréa! Alors ou rekonèt Paty e si se ou ki an misyon? Si vreman ou se Shane?
Li mare danl lap gade nan vid...
A swiv...
fans malgre telefon mw ap chofe m fose ekri kanmenm si nou pa bay epizod yo 350 pataj ou plus m pap sakrifyem pou nou ank😥
Epizòd sa dedye a Judeline Sirinice, fè premye komantè pwochen epizòd la ap dedye a ou😍