Sosyete Koukouy Ayiti

Sosyete Koukouy Ayiti Pou montre bibit kilti Ayisyen an ak lang kreyòl la, nan lane 1960 yo, mouvman kreyòl Ayisyen mete sou pye Sosyete Koukouy.

Sosyete Koukouy se rasanbleman tout atis ak ekriven ki te dakò rantre anndan nannan kilti lakay pou montre richès ak bèlte la

RE-OUVÈTI BIBLIYOTÈK SOSYETE KOUKOUY SANTO, KWADÈBOUKÈ
10/05/2025

RE-OUVÈTI BIBLIYOTÈK SOSYETE KOUKOUY SANTO, KWADÈBOUKÈ

Nan lokazyon 27tyèm Rekòt Kafe li nan Kwadèboukè, espesyalman nan lokalite Santo, *SOSYETE KOUKOUY SANTO* remèsye chak k...
13/07/2023

Nan lokazyon 27tyèm Rekòt Kafe li nan Kwadèboukè, espesyalman nan lokalite Santo, *SOSYETE KOUKOUY SANTO* remèsye chak kouzen / kouzin, chak zanmi pou sipò tout kalte yo pote ba li ki pèmèt li rete doubout pandan long peryòd sila, ki pa reprezante anyen devan wout li gen pou l fè...
MÈSI ANKÒ ! CHAPO POU NOU !

*Pran Nòt (P.N):* _SOSYETE KOUKOUY SANTO se yon branch SOSYETE KOUKOUY ki travay nan pwomosyon lang ak kilti kreyòl. Li ofri ak jèn kominote Kwadèboukè yo ak zòn ki anviwonnen l yo yon ansanm kou gratis ti cheri, tankou: Adramatik (Teyat), desen / Penti, Dans, Atizay pou byen pale (Art oratoire), Elt..._

Yon premye lide sou kòman anbyans 82zyem Rekòt Kafe Dédé an te ye...Kameratè:
20/03/2023

Yon premye lide sou kòman anbyans 82zyem Rekòt Kafe Dédé an te ye...

Kameratè:

19/03/2023

BON 82zyem REKÒT KAFE SANBA DÉDÉ DORCÉLY !

26/12/2022
Twoup Dans MARLEINE BASTIEN Sosyete Koukouy Santo nan youn nan prestasyon li nan Église Sainte Trinité (Santo 13).Loulou...
26/12/2022

Twoup Dans MARLEINE BASTIEN Sosyete Koukouy Santo nan youn nan prestasyon li nan Église Sainte Trinité (Santo 13).
Loulou Louisjeune ak Selauter Beauliere te reprezante AKTORA SOSYETE KOUKOUY SANTO nan tèks...

CP: Le Beaulière Média

Twoup Dans MARLEINE BASTIEN Sosyete Koukouy Santo (foto avan yo t al danse nan Église Sainte Trinité (Santo 13)).Dimanch...
26/12/2022

Twoup Dans MARLEINE BASTIEN Sosyete Koukouy Santo (foto avan yo t al danse nan Église Sainte Trinité (Santo 13)).
Dimanch 25 desanm culturel Dédé Dorcély (Santo 6)

CP: Le Beaulière Média

Gason ULRICK se youn nan moun ki ansyen manm Sosyete Koukouy Santo (Ayiti) ki pa janm lage. Li nan tout aktivite yo, òga...
17/02/2022

Gason ULRICK se youn nan moun ki ansyen manm Sosyete Koukouy Santo (Ayiti) ki pa janm lage. Li nan tout aktivite yo, òganizatè, konseye, demachè pou jwenn sipò, asistan metè ansèn Dédé Dorcély, aktè, dizè, dansè, elt... Li se youn nan kouzen ki fou pou teyat klasik. Li deja jwe wòl Piris nan Andromak. Se yon gason kanson....
Fòk nou di tou, se youn nan moun pi ki degoutan (Fawouchè) nan Santo...
Anpil lanmou pou ou kouzen !

Pran Nòt (PN): Nou pran sa nan premye jounen LIRE AYITIEN, ki te fèt nan Collège Saint Jean-Baptiste De La Salle. Li ki nan men lan se "EXCEPTION'ELLES", otè Clauvell Junior LOUIS-JEAN

Kameratè (fotograf): Fils Skroutchev

56zyèm REKÒT KAFE SOSYETE KOUKOUY / MOUVMAN KREYÒL AYISYEN (18 Des. 1965 - 18 Des. 2021)PRI LITERÈ KOUZEN KOUZIN3 Patisi...
19/11/2021

56zyèm REKÒT KAFE SOSYETE KOUKOUY / MOUVMAN KREYÒL AYISYEN (18 Des. 1965 - 18 Des. 2021)

PRI LITERÈ KOUZEN KOUZIN
3 Patisipan / Manm Sosyete Koukouy Ayiti
Vote pou youn nan yo:
Douglas Zamor pou liv li : BALENDJO : REVOLISYON MEN GÒCH
James Francisque pou liv li : MANIFÈS KREYOLIS
Frantzley Valbrun pou liv li : KOLYE AN DENMON

REKONPANS :
1- PRI LITERÈ KOUZEN KOUZIN SOSYETE KOUKOUY
2- PRI PIBLIK LE BEAULIÈRE

Pou vote :
1- Chwazi youn nan ekriven yo nan yon kòmantè, renmen, abòne epi pataje paj la

Vòt yo disponib sou : Paj Facebook Sosyete Koukouy Ayiti ak Kont Instagram Le Beaulière Média

28/10/2021

*SOSYETE KOUKOUY SANTO (AYITI)*

*JOUNEN ENTÈNASYONAL LANG AK KILTI KREYÒL*

*SOSYETE KOUKOUY SANTO (AYITI)* ap swete tout ayisyen alawonnbadè nan kat kwen monn lan, yon *BON LANJOUNEN LANG AK KILTI KREYÒL !*
28 oktòb la, se yon jounen komemorasyon ak refleksyon sou lang kreyòl la espesyalman. Ayiti jodi an ta dwe ap balanse sistèm ansèyman l ki fèt nan lang fransè, malgre moun k ap aprann yo metrize nan tout dimansyon yo, lang kreyòl la, ki se lang manman yo. Sistèm levasyon ayisyen an ki fèt nan lang fransè, chita anndan lekòl yo, sou yon diskriminasyon lang, kote moun k ap aprann lan ap sibi tout fòm injistis, sòti nan vyolans senbolik (bay jeton), rive nan sistèm kraze zo (bat timoun yo) paske yo pale kreyòl nan sal klas yo. Sa se vyolasyon dwa lengwistik timoun yo. Menm jan tout dwa ki piti yo pa respekte nan peyi a, se konsa tou dwa lengwistik moun ayisyen an bafwe, sòti nan lekòl rive nan ansanm administrasyon piblik tankou prive.

Jodi an, parapò ak kriz tout dimansyon sosyete ayisyen an ap viv la, li enpòtan anpil pou n panse moun ayisyen an atravè yon sistèm ledikasyon (levasyon) ki fèt pou li. Kidonk ba li yon lekòl ki fèt pou li, ki fèt nan lang li, kote l pap gen pou l sibi okenn prejije...

*SOSYETE KOUKOUY SANTO (AYITI)* ap pwofite salye ansanm estrikti ak tout moun k ap batay pou fè respekte dwa lengwistik moun ayisyen an...

Bon lanjounen lang ak kilti kreyòl tout moun !

*Pran Nòt (PN): SOSYETE KOUKOUY (MOUVMAN KREYÒL AYISYEN) se yon enstitisyon k ap batay nan fè pwomosyon lang ak kilti kreyòl ayisyen an depi 18 desanm 1965.*

Selote Bolyè (Selauter BEAULIÈRE), Prezidan Sosyete Koukouy Santo (Ayiti)
[email protected]

SOSYETE KOUKOUY SANTO (AYITI)
6, Santo 6, Kwadèboukè (Lokal Sant Kiltirèl Dédé Dorcély)

KENZÈN KOUZEN KOUZIN
05/10/2021

KENZÈN KOUZEN KOUZIN

Adresse

Croix Des Bouquets

Téléphone

+50946123013

Site Web

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Sosyete Koukouy Ayiti publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Contacter L'entreprise

Envoyer un message à Sosyete Koukouy Ayiti:

Partager

Type