02/07/2020
❤ .
Sa plus ke klè jounen jodi bonte kè yon moun ak aksyon li se sa ki fè diferans li ak moun kap fè vagabondaj yo.
Anpil moun angaje yo nan yon relasyon kote chak jou yo regrèt yo pat fè yon bon chwa ou byen yo pat pran tan yo pou yo fè chwa a selon bon kritè yo. Lanmou sèlman pa sifi.
Avanw li tèks la tou al vote Jee talan usf la fèl chanpyon siw renmen USF vre.👇 pou vot la valide fòw like page la tou.
https://m.facebook.com/story.php?story_fbid=167973081407345&id=100119244859396
👉Li pa sifi pouw renmen yon moun sèlman pouw angajew avèl.
👉Li pa sifi pouw renmen yon moun pouw fèmen zyew sou rès mond lan fòk ou kapab jwenn yon bon moun pouw fè viw. Paske ou paka yon bon mari san w pa gen yon bon madanm ni ou paka yon bon madanm si w pa genyon bon mari. Se sa ki fè apre lanmou bon aksyon nou yo se sa kap kenbe relasyon nou pi djanm. Yon bon fanm konnen kijan poul pran swen mari l (sou kabann, nan sa lap bal manje e nan kèk ti bagay ankò.)
👉Yon bon mari pap chèche rezon poul stressé madanm li paske lè konsa sa ka men gwo diskisyon, depiw nan diskisyon nou fasil ka di sa ki pa bèl nan pawòl nou yo.
👉yon bon fanm pap janm konpòte l tankou yon moun ki pa gen moun nan vil. (Afè wap ekri ak bae epiw wèl moute sou statut l li di box mwen raz ) yon bon fanm pap rebèl e lap sèl grenn moun ki kapab reprimandew menm siw an kolè.
👉sa parèt pi klè pou tout moun gen anpil relasyon ki kraze akoz pawòl kap sot nan bouch moun yo. Lang lan li menm anplis li se muscle ki pi fò nan lòm men li se zouti ki pi danjere tou, li gen kapasite poul touye ou byen bay vi ak nenpòt bagay. Men poukisa ou bezwen fè silans lèw an kolè ou byen lèw sispèk ke saw pral di a ap fè mal ak patnè a.
Nan yon fwaye se sa kap sot nan bouch ou ak sa wap fè kap fèw bon anvè mari ou madanm ou.yon moun kapab renmen w antanke gason ou byen fi men li rayi w pou sa kap sot nan bouch ou. (Se bagay ki di anpil lèw gen yon moun ki maledve nan viw)
Wap kite bouch ou fèw pèdi moun ki renmenw tout bon an? (Wa reponn li pou kòw)
👉fanm yo paka renmen an ven, fanm yo bezwen yon neg ki gason bon, ki afektye, ki stab nan konpòtman l e ki konn kòman poul pran nenpòt desizyon poul byen dirije fwaye l. Fi yo toujou bezwen dirije e oryante pa yon gason ki saj e ki konfyan.
👉se menm bagay la pou gason yo tou, yo paka renmen an ven. Yo bezwen yon fanm ki kapab dirije kay li pandan absans li e ki ka byen jere afè pèsonèl yo. Gason pa bezwen yon fanm bouch li dòmi deyò nenpòt ti sa ki pase li gentan al di fanmi, al rakontel nan vwazinaj ou al di zanmi yo sa. Gason yo pa wobo yo bezwen fanm ki konprann yo tou.
👉 yon bon fanm pa sipoze yon movèz jerant ni yon bon gason pa sipoze yon movè donè. Kay la dwe sanble ak sa gason an ap bay e reflè sa fi a jere (pawòl sa a lou) se toujou pi bon lè tou 2 moun yo ap bay epi fi a ap administre koz fanm lan gen kapasite poul bay bon konsèy pou byen envesti.
Fòk nou pa bliye gen fanm sòt ki pa konn jere ki toujou vle gaspiye tout bagay yon sèl jou. Toujou vle posede pi gwo mak bagay ki fèk vini. Fanm sa yo toujou panse yap twonpe mari yo pafwa poutan se tèt yo yap twonpe. Kòmanw ka twonpe pwòp tèt ou?
Ou dwe konnen ke mariw la se konplemantè w e madanm lan se konplemantè gason an siw twonpe mari w ou madanm ou ou twonpe pwòp tèt ou. Si youn nan nou ap soufri ou dwe konnen ti moun yo ap soufri tou paske se nan nou yo soti. Yon gason ap bezwen yon fanm ki mete kay li an sekirite janl ap depanse pou pa kraze ekonomi yo.
👉yon bon gason dwe konnen ke fanmi l dwe pase avan tou paske fanmil (madanm li ak pitit li) se priyoritel. Fanm lan konplete gason an, gason an tou epi timoun yo se yon pati nan chak paran. Yon gason dwe travay poul pwoteje fanmi l. Yon gason pap janm grandi si fanmil pa okipe premye plas la. (Bagay ki bèl anpil lè fwaye a ap byen mache)
👉yon bon gason konn kijan poul metrize kolè l e yon bon fanm konn kijan poul pale ak mari l lè mari a an kolè. Tou 2 dwe gen menm objektif ki se genyen yon fwaye ki ap viv ere.
Poun fini, anplis lanmou bon konpòtman se sa ki pote nan fwaye a amoni, byenèt ak lonjevite koup la.
Siw vle gen yon bon mari ou madanm eseye bon avan epi rès yo ap vini.
Se pou BONDYE ede a devni yon bon moun e genyen yon bon patnè, kel beni relasyon w.
Patajel pouw ede yon lòt moun konprann plus bagay toujou.
Pa bliye pouw al vote Jee talan usf la fèl chanpyon siw renmen USF vre.👇 pou vot la valide fòw like page la tou.
https://m.facebook.com/story.php?story_fbid=167973081407345&id=100119244859396
🌐PUB🌐
Pa bliye ou menm ki bezwen yon bon katmemwa 64gb à prix piyay jis kontakte : +50947952436