08/05/2026
Nou te viv yon bèl moman ansanm pandan atelye samdi 11 avril la, kote kreyativite, pataj ak pasyon pou latizay te mete tout moun nan yon bèl anbyans aprantisaj ak ekspresyon.
Yon gwo remèsiman pou Caleb JOSIL pou jan li te anime atelye a avèk pasyon, enèji ak kreyativite, pandan li t ap gide patisipan yo nan pwosesis kreyasyon yo.
Nou voye yon remèsiman espesyal tou pou Emmanuel Pierre Fils ak Milly-art pou sipò yo ak prezans yo ki te kontribye fè eksperyans lan pi rich toujou.
Mèsi ak chak grenn patisipan ki te vini pataje pasyon yo pou latizay ak nou. Chak koulè, chak trase, chak lide te pote yon touch espesyal nan moman sa a.
Ann kontinye kreye ansanm pou valorize kilti ak atizay lakay nou.
n, n, pa n.