19/08/2025
Jezi kapab viv Bondye
Yon nèg madanm li te ansent, aprè yon ti diskisyon, yo ale dòmi nan mitan minwi vant fi'a kòmanse fè'l mal, nèg la kouri rele yon taksi pou mennen'l lopital, lè yo rive Doktè'a konstate ke fi'a gentan mouri , li di nèg la madanm ou fè eklanmsi li pa gen vi ankò, nèg la tonbe kriye li mete ajenou li di: Jezi mwen se sèvitè'w fè'm kado bébé'a menm si madanm mwen mouri, doktè yo fè dam nan operasyon brbée a sòti vivan san pwoblèm epi nèg la kontinye priye, lap rele Jezi papa'm, mwen konnen madanm mwen pa mouri reveye'l pou mwen tou papa, Doktè yo di ou fou li mouri depi lè'l vini an e nou fè'l operasyon an menm anyen pa mache nan kò'l, nèg la di doc se dòmi'l ap dòmi pako rele anbilans banm 5 minit priyè toujou, nèg la kontinye ap jene, dlo anvayi zye'l doktè yo ap asiste li di Seyè a kilè'w ap reveye madanm mwen kap dòmi an pou'l kapab vin pran swen pitit li a, epi kè fi'a fè zip li bat epi doktè yo kouri mete'l nan sewòm li revini epi nèg la di doktè yo mwen te di nou se dòmi li tap dòmi Bondye se sipriz li tap fè'm pou'm te ka rekonèt grandè'l epi nèg la tonbe chante Jezi kraze sèkèy la lakay mwen....
Si'w kwè Jezi kapab kraze sèkèy ou deja
Pa neglije pataje istwa si'w rekonèt grandè Bondye.
Bondye beni'w.
Magazine Union Chrétienne 👍🏾 peze ti gri a abòne