21/10/2022
Vanessa Fanfan Benjamin pran nesans jou ki te 1er novanb nan lane 1986 e se te nan lakou potoprens. Li se pitit Pierrot Fanfan ak Martine Pelissier Li gen 1 frè ak yon sè , 3 neve e yon nyès
Nan lane 2000 yo demenaje an Florida e se la Vanessa ta pral tèmine etid klasik li e ale nan universite .
Pou kounya ; li se yon Infimiere, lap travay kòm Professeure en soins infirmiers du collège de Saint-Pétersbourg.
Li se yon enfliyansè , e li se Anbasadè 2 konpayi sa yo ; karollanntaxfit e koukasclost e li
gen environ 109K followers sou instagram .
LI te rankontre ak mika nan ane 2018 , yo te vinn tre bon zanmi . e nan ane 2020 a yo te menm arive konfine ansanm pandan peryòd COVID la .. sa te koz yo te vinn tre pwoch e 14 novembre 2020 Vanessa Fanfan te vinn devni madan mika
nan yon interview Mika te genyen ak chokarela , se te avek anpil fyete Mika tap pale de nadanm pou l di jan l damou l
'' Madanm mw pa bwe , li pa fimen , li pa renmen soti, tout sa ki enpotan pou li se lekol li , fanmi li , se nan sa li pran tout plezi li " deklarasyon Mika . e li kontinye pou l di depi lem rankontre l, mw di map poze m kounya paske mjwenn moun pam nan , mjwenn bon an
yon gen pitit fi ansanm e madanm li gen 7 mwa ansent ki donk lap akouche en desanb .
Nou konnen nan moman sa , fanmi Benjamin ap pase yon move moman depi apre trajedi sa .. se sak fe nap voye anpil lanmoui ak eneji positif pou Madanm li . Kenbe fem Fanm Djanm
Ke Bondye akonpanyew nan moman difisil sa .
Peace and love 💗