07/05/2024
Mwen toujou pa epànye de okenn mal. Depi nan envwònman mwen twouve m ladan an, si gen yon mal k ap rive yon moun, se sou mwen sa ap premye kòmanse. Sa konn fè m panse ke lanmò se pa yon mal sinon mwen t ap mouri deja.
Tout epidemi ki pral genyen, premye ka yo ap jwenn nan se mwen li ye. Mwen vin tankou yon moun k ap anonse tout moun bagay ki pral rive yo pou yo tout abrite yo e pwoteje yo. Pafwa lè m ap panse a lavi m, mwen konn di ke sa ki poko rive m yo gen pou rive m. Mwen gen pou m viv tout sa ki egziste.
Mwen konsidere tèt mwen kòm yon moun ki vreman esperimante e ki plis esperimante. Mwen esperimante pou m pataje konesans mwen, sansasyon mwen,moman mwen a tout moun. Tout pèsonèl sante yo ka toujou kontake m, si yo vle konn plis de anpil maladi. Mwen pa sèlman viv move moman yo konsa, men mwen aprann de yo, mwen tire bagay enpòtan nan yo ke mwen pa tande moun pale.
Si gen yon moun lavi plis gen kontwòl li, se mwen menm. Souvan mwen konn di non, sa ase, mwen konn refize aksepte viv, men se domaj mwen pa ka refize sa.
Pafwa lè mwen konn anvi mouri yo se lè sa menm mwen konn pè mouri. Mwen konn pè mouri pandan mwen anvi mouri.
Se espre lavi fè, ebyen map kite l jwe, kite l ponpe nan vi m, kite l byen manje e pran plezi l, lè li fini la di m.
Mwen konn panse ke istwa mwen te komanse lontan menm avan menm mwen te rekonèt ke mwen egziste paske jan mwen wè lavi enterese a vi mwen la, mwen genlè se yon eleman k ap ede lavi dewoule e fonksyone.
Istwa sa esplike vi ki kache nan vi nou e ke souvan nou inyore.
Nou menm ki rekonèt ke nou egziste, prete m kèk minit nan tan nou.
À suivre…..
Abone pou nou jwenn tout pati yo