Solèy Leve

Solèy Leve Informations de contact, plan et itinéraire, formulaire de contact, heures d'ouverture, services, évaluations, photos, vidéos et annonces de Solèy Leve, Arts visuels, Ruelle Pétion, Cap-Haïtien.

06/02/2026

Celebrating my 3rd year on Facebook. Thank you for your continuing support. I could never have made it without you. 🙏🤗🎉

Jodi a, solèy la leve pi rèd sou fèy pawòl yo.Yon jou kote po fè tande kè l, epi vè kraze sou flanm limyè.Yon jou kote y...
18/07/2025

Jodi a, solèy la leve pi rèd sou fèy pawòl yo.
Yon jou kote po fè tande kè l, epi vè kraze sou flanm limyè.
Yon jou kote yon powèt pa fèt sèlman pou li viv,
men pou li kontinye simen grenn konsyans ak flanm lespwa.

Ou se aktè ki mete silans anndan pyès,
ou se grenn kafe ki bouyi pou n rete sou pye.
Ou ban nou gou lanati nan chak fraz ou voye monte.

Jodi a, m swete w rekòt kafe pa janm manke,
pou chak mo ou simen, gen flanm ki leve.

Bòn fèt, vwa ki pa janm bouke pale!

ATELYE TOP AKABI ap di mèsi ak tout fanatik li yo ki toujou la pou li. Nou pwofite tou pou n lanse yon faz rekritman pou...
01/10/2023

ATELYE TOP AKABI ap di mèsi ak tout fanatik li yo ki toujou la pou li. Nou pwofite tou pou n lanse yon faz rekritman pou pou moun ki ta renmen kontribye nan avansman kiltirèl Pòdepè nan dat 30 pou rive 5 oktòb 2023.

Ou menm ki vle ekspoze talan ou nan sosyete a epi sèvi ak li pou evolsyon kilti ayisyen an, Atelye Top Akabi ofri ou posibilite sa. N ap tann ou ak bwa louvri pou w vin pataje bèl avanti sa a avèk nou.

Etap yo se :
-Ranpli fòmilè enskripsyon an liy :
https://forms.gle/1MwebnEcgYPwVPZa6

oswa rejwenn manb gwoup la nan lokal la lakoup pou w fè l an prezansyèl.

-Pase yon odisyon.

Mendelt Anestal
kowòdonatè TOP AKABI

08/06/2023

Ann tande tèks saa ansanm
Yon tèks ki ekri pa TOP AKABI ,ki gen plis pase 4 lanne.
Jamesky Jeanty Deris Kolsky Trompé Kenov Pierre Mendelt Anestal Dal Bagay FANS Kay ATIS Nòdwès [ KAYANO ] KAY ANO Fednel Michel Rolander Aurelus Aldaïshow variation 509 Port-De-Paix Autrement Port De Paix SpotLight Wester Desgranges Enfandieu Pierre Lentz Cardo Paker Alce

Bon rekòt kafe Jamesky Jeanty Nòdwès fyè de ou
28/04/2023

Bon rekòt kafe Jamesky Jeanty
Nòdwès fyè de ou

Bon travèse Tchad
22/03/2023

Bon travèse Tchad

_•Solèy la Rivyè yo kap koule degoute laswè Lanm lanmè a kap galope                      Elèv yo                        ...
03/03/2023

_•

Solèy la
Rivyè yo kap koule degoute laswè
Lanm lanmè a kap galope

Elèv yo

Sarah
Ckiarah

Timachan yo kap pase
Moute desann
Fè lavironn dede nan tout vil la
Blakawout toupatou sou chimen
Boulva prezidan an te mouri kite a
Yon sèl bourèt asfal an eritaj

Biswit kap mache di bonjou lè maten
Pen Sarafina kay Sony
Pen ak tout pon Manriboul

Detant pak kap debouke lòtbò rivyè a
Lise a
Graden an
Katedral la kap chante antèman lespwa
Vil la outadi s on bann apye
Yon foul k anfouye
Piwo lakoup
Kasika kasouka nan kòtakòt
Bò lòtbò a menm se randevou
Toujou kòtakòt ak lanmè zannana zanmitay
Kap pete kouri dè batman kè

Tivens
Mwen sonje tout vil la delatèt opye
Pakè a toujou ap pale fransè nan dosye
Do boule yo
Avoka tonbe blayi kou zaboka
Timoun tè blanch ap ranmase anba gwo bayayonn nan lakou Pafèy ak Lakou Pafèn

Mwen raple m tete goch la
Debò goch
Revolisyon men goch kap kouri pèlerinaj



Vil la

Anocerne
Pwezi
Solèy Leve

Dènye priyèM finn tande vwa wrèv mwen mande fèttout sa m santi se yon moso sonyon nouvo laj k ap moute nan tètchante pou...
27/02/2023

Dènye priyè

M finn tande vwa w
rèv mwen mande fèt
tout sa m santi se yon moso son
yon nouvo laj k ap moute nan tèt

chante pou mwen
kou lorizon k ap file lavi
kou yon dènye renmen yo pwòmèt mwen
kou yon dènye priyè avan m dòmi
_______________________
Anestal
Solèy Leve

Kote Zanmi literati ak kilti ?M wont zanmi m yoM wont mennaj mw yoChak fwa n kwaze, se menm kote yoTout ti kwen se kenka...
25/02/2023

Kote Zanmi literati ak kilti ?
M wont zanmi m yo
M wont mennaj mw yo
Chak fwa n kwaze, se menm kote yo

Tout ti kwen se kenkayri, se bar resto ak disko
Bank bolèt menm fè premye lo
Men pa gen kote pou n li
Kote zanmi literati ak kilti ?
Si Lespri a pa nouri
Piti piti vil la ap mouri

Nan yon vil ki pa gen mize
Ki mele abitan si l pa mize ?
Nou te ka pi lwen si se sou lakilti n te mize

Aktè kiltirèl pwomennen talan
Nou bat bwavo, nou kontan
Men zèv yo ret kanni nan tiwa

Youn ap gad sou lot
Youn ap met po fig anba pye lot
Pandan tan sa a, nan medyatèk Potpe,
Ravèt ak sourit ap fè lago kache

Sou plas Katedral, gwo midi
Nou pann rèv Shervens yo
Kote zanmi literati ak kilti
Kisa n ap kite pou tchovi yo ?

Deris Kolsky Trompé
Tentative ratée d’être poète !

Politologue Deris Kolsky Trompé
Solèy Leve

M sot sou van anDepi lè m fin wè koulè van anTout lide m di m Bondje miltipliye pa senkBridsoukou, mwen dezabiye Sen Pyè...
09/02/2023

M sot sou van an

Depi lè m fin wè koulè van an
Tout lide m di m
Bondje miltipliye pa senk
Bridsoukou, mwen dezabiye Sen Pyè
Pou m abiye van an
Ak tout avni, tout rèv, tout koulè
Ki antòtche souf lanmounite
Nanm, lanm lanmou bite,lite
Pou aprann konprann atmosfè
Asetsèzè m sot sou van an
K ap jofre lètennite gro midi
Depi lò, me mwen, me van an
Men sètfwasi ak yon bri vid
Mwen t ap viv san chagren
Nan danse asagwe pou lespri
M anvi Pran woulib nan van an
Mennen m ,mennen m non
Me mwen, me ou
Nou kontre bridsoukou

Top Wester 701
Wester Desgranges
Solèy Leve

__•Bèl Isnoo Bèl la lune minwiSolèy kale midi Ou se zo prefere mLè m anvi s***e wPou m ap kwazewPou w ap rele anba dan m...
02/02/2023

__•

Bèl Isnoo

Bèl la lune minwi
Solèy kale midi
Ou se zo prefere m
Lè m anvi s***e w
Pou m ap kwazew
Pou w ap rele anba dan m
Pou m ap peze w
San refize w
Krense w
Vire w devan kòm dèyè anba dan m
Prije w
Jiskaspe w bay sòs anba dan m

Le sage
Solèy Leve

Adresse

Ruelle Pétion
Cap-Haïtien

Téléphone

+50933108728

Site Web

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Solèy Leve publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Contacter L'entreprise

Envoyer un message à Solèy Leve:

Partager