23/08/2026
CHÈ JÈN ENTÈLEKTYÈL NWA AYISYEN:
AYITI PA GEN TAN POU L DEVLOPE ETAP PA ETAP ENKÒ
M pase anpil tan ap pale de pwoblèm Ayiti ak responsabilite klas entèlektyèl nwa nou an.
Jodi a, mwen vle pale de yon SOLISYON.
Apre plis pase 34 ane map viv deyò Ayiti, apre m fin vwayaje nan plis pase 112 peyi, epi mwen patisipe nan sistèm edikasyon ak mond biznis ameriken an, mwen vin kwè yon bagay:
Ayiti pa ka devlope pandan lap suiv menm chemen tradisyonèl, etap pa etap lot peyi te swiv yo.
Nou twò anreta.
Nou bezwen SOTE KÈK ETAP.
Telekominikasyon deja ban nou yon bon egzanp.
Pandan plizyè ane, Ayiti te gen TELECO ak yon sistèm telefòn fiks ki te limite anpil.
Imajine si solisyon nou te chwazi a se te:
“Ann repare TELECO anvan. Apre sa, ann mete yon telefòn fiks nan chak kay.”
Lè nou ta fini ak rev sa a, lemonn tap deja pase nan yon lòt teknoloji.
Olye de sa, pa yon aksidan de listwa, Ayiti sote zafè telefòn fiks la epi li antre dirèkteman nan TELEFÒN SELILÈ, jodia preske chak ayisyen gen yon telephone.
Òf kòs, te gen kestyon tankou
Kote nap jwenn kouran pou antèn yo ak telefòn yo?
Yon jan kanmenm, nou jwenn solisyon.
Lè bezwen an ase fò, nou adapte nou.
Nouvo business pou chaje telephone pouse tankou djondjon. Kompany telephone yo mete milet, moto etc pou gas rive Nan tout ra kwen pou antè yo gen kouran 24/24
Kidonk, poukisa nou pa aplike menm lojik sa a nan EDIKASYON?
Imajine Ayiti pran yon gwo desizyon:
AVNI EDIKASYON AYITI AP DIGITAL AN PREMYE.
Chak timoun Ayisyen gen yon tablèt.
Li pa oblije yon iPad ki chè. Li kapab yon pad Ayisyen, Taywannè, Chinwa, Ameriken oswa nenpòt lòt pad ki satisfè bezwen sistèm nan.
Liv nou yo vin dijital.
Kou yo vin dijital.
Devwa yo vin dijital.
Bibliyotèk yo vin dijital.
E pwofesè Ayisyen yo pa limite ankò nan kanpe devan yon sèl sal klas.
Koulye a
Yon profesè matematik wanament te ka fè kou pou yon etidyan tibiron, maniche ak anse a vo
Yon pwofesè Ayisyen ki Monreyal ka anseye timoun Jeremi.
Enjenyè ki Miami ka anseye matematik oswa teknoloji bay elèv Jakmèl.
Syantifik Ayisyen ki Pari ka bay elèv Okap kou.
Pwogramè ki New York ka entwodui timoun Ench nan coding.
Nou gen plis pase 4 milyon Ayisyen aletranje, ladan yo gen yon gwo kantite pwofesyonèl ki byen fòme.
POUKISA NOU PA KONEKTE KAPITAL IMEN SA A AK SAL KLAS NOU YO?
E se la devlopman an vin enteresan.
Bay chak timoun yon aparèy dijital, epi tousuit ou kreye yon lòt bezwen:
KOURAN.
Paran yo bezwen chaje aparèy yo.
Lekòl yo bezwen elektrisite.
Kay yo bezwen elektrisite.
Kominote yo bezwen entènèt.
Lè m te timoun lekol Plaisance du Sud, Pat gen kouran, paran m te jwenn kòb pou achte kewozèn pou mete nan lanp tèt gridam pou mwen ak ti sè m yo te ka etidye lannuit.
Si edikasyon pitit yon fanmi depann de kapasite pou chaje yon tablèt, m garanti w fanmi yo, antreprenè yo, Leta ak kominote yo ap jwenn fason pou mete ti sistèm solè, batri ak lòt solisyon enèji nan kay yo pou rezoud problem sa. Epi sel chanjman sa a tap fè haiti vini yon green country.
Koulye a, yon sèl politik edikasyon kòmanse pouse plizyè lòt sektè devlope:
EDIKASYON → ENTÈNÈT → ENÈJI SOLÈ → PEMAN DIJITAL → TEKNOLOJI → DJÒB
Se sa mwen rele SOTE KÈK ETAP POU N AVANSE PI VIT.
Jèn entelektyel ayisyen nwa nou yo pa ta dwe ap advoke pou rebati Ayiti yè a.
Yo ta dwe vle bati enfrastrikti pou Ayiti demen an.
E se la mwen vle lanse yon defi bay jèn entèlektyèl, enjenyè, ekonomis, edikatè, antreprenè ak konsiltan Ayisyen yo.
Pa ban pep pa yon lòt rapò 200 paj pou esplike poukisa Ayiti pa ka fè sa.
Di Nou pito:
Konbyen yon milyon tablèt ap koute?
Kijan nou ka finanse yo?
Kijan nou konekte lekòl yo ak entènèt?
Kijan nou ba yo kouran?
Kijan nou kreye yon kourikoulòm dijital Ayisyen en kreyol?
Kijan nou sètifye pwofesè nan dyaspora a pou yo ka patisipe?
Kijan nou pwoteje timoun yo sou entènèt?
Kijan nou mezire si timoun yo ap aprann vre?
Kijan nou kòmanse ak yon pwojè pilòt pou 10,000 elèv, aprann nan erè nou yo, epi apre sa elaji l?
SE KALITE KONVÈSASYON SA YO MWEN TA VLE PWOCHEN JENERASYON LIDÈ AYITI NWA YO AP FÈ.
Wi, Ayiti gen gwo dezavantaj.
Men pafwa, lè w anreta anpil, sa ba w yon avantaj:
Nou pa oblije rebati sistèm rès mond lan deja kòmanse abandone.
Nou ka ale dirèkteman nan sa kap vini an.
Nou te fè sa ak telekominikasyon/TELECO
Poukisa nou pa ka fè l ak system edikasyon nou an?
Petèt Ayiti pa bezwen sèlman ratrape lòt peyi yo.
Petèt Ayiti bezwen SOTE KEK ETAP, VOLE epi rive kote gwo peyi yo ye jodi a. 🇭🇹
Sa w pense?