05/07/2026
Synthèse de l'espace de réflexion de KRENO-HAITI
Tèm : « Eske rezo sosyal gen plis enpak negatif pase pozitif sou jèn yo ? »
Dimanche 5 juillet 2026
Rezo sosyal yo vin tounen yon pati enpòtan nan lavi jèn yo. Pandan espas refleksyon KRENO-HAITI a, patisipan yo te montre ke kesyon an pa gen yon repons senp, paske rezo sosyal yo pote ni avantaj ni dezavantaj. Sa ki pi enpòtan an se fason yo itilize yo.
Sou bò pozitif la, rezo sosyal yo pèmèt jèn yo jwenn enfòmasyon rapid, aprann nouvo konpetans, fè fòmasyon sou entènèt, devlope aktivite antreprenarya, fè pwomosyon biznis yo, epi kenbe relasyon ak fanmi ak zanmi. Yo kapab sèvi tou kòm yon espas pou eksprime talan yo, ankouraje inovasyon ak patisipasyon sitwayèn.
Sepandan, diskisyon an te montre tou anpil efè negatif. Twòp tan sou rezo sosyal yo ka lakoz depandans, diminye konsantrasyon nan etid, ankouraje fo enfòmasyon, sibèentimidasyon, move enfliyans, pwoblèm estim pwòp tèt, ak konparezon ki ka afekte sante mantal jèn yo. Genyen tou risk pou ekspoze twòp lavi prive ak tonbe nan kontni ki pa edikatif.
Konklizyon espas refleksyon an se ke *rezo sosyal yo pa bon ni move an yo menm*. Se itilizasyon moun fè ladan yo ki detèmine enpak yo. Lè yo itilize avèk disiplin, objektif ak lespri kritik, yo kapab tounen yon zouti pwisan pou devlopman pèsonèl ak kominotè. Men, san kontwòl ak bon gidans, yo kapab vin yon sous pwoblèm.
Rekòmandasyon yo:
Ankouraje jèn yo sèvi ak rezo sosyal pou aprann ak devlope konpetans.
Devlope lespri kritik pou verifye enfòmasyon yo anvan yo pataje yo.
Limite tan pase sou rezo sosyal yo pou konsève yon bon ekilib ant lavi dijital ak lavi reyèl.
Paran, lekòl ak òganizasyon kominotè yo dwe kontinye edike jèn yo sou itilizasyon responsab teknoloji.
Mesaj final KRENO-HAITI :*
"Rezo sosyal yo se yon zouti. Se pa zouti a ki deside avni nou, men fason nou chwazi sèvi avè l."
Mèsi ak entèvenan Nou : Dooby G. Jean Louis!