10/16/2026
Mwen panse sa k ap pase ak Wendyyy nan HMI la, gen plis pou wè ak fristrasyon pase ak rayisman.
Estrateji atis la pa nouri ekosistèm nan. Li fè kòb nan yon sèk fèmen. Li pa fasil pou jwenn, li pa monte sou sèn, li pa bay entèvyou (Sèlman ak JMS), siksè l la pa kreye anpil okazyon pou lòt aktè nan endistri a fè kòb avè l.
Pwomotè ta renmen òganize konsè avè l. DJ ak lòt atis tap kontan pataje afich avè l. Animatè ak enfliyansè tap renmen jwenn entèvyou ki pote vyouz ak revni. Lè aksè sa yo limite, sa ka kreye fristrasyon.
Se la mwen panse malèz la soti. Sa kèk moun repwoche l, menm si yo pa di l klèman, se fason siksè l la defye sistèm nan. Sitou nan yon HMI kote gen moun ki pa wè tèt yo deyò nan anyen kap mache .