08/19/2026
TOUT SA KI MERITE FÈT, MERITE BYEN FÈT!
Ayiti bezwen eleksyon. Sou sa, pa ta dwe gen diskisyon.
Li pa nòmal pou yon peyi ki chwazi demokrasi kòm sistèm politik li pase anviwon dis lane san li pa òganize okenn eleksyon. Li pa nòmal pou tout enstitisyon eli yo disparèt youn apre lòt, pou manda yo fini san pèp la pa jwenn okenn posiblite renouvle oswa revoke moun k ap dirije li. Yon demokrasi san eleksyon se tankou yon pyebwa men ki pagen rasin.
Se poutèt sa mwen salye tout demach serye ki ta vize remete sitwayen yo nan sant desizyon politik la. Depi nan dat 13 Dawout pase, KEP a kòmanse pwosesis enskripsyon elektè yo. Li anonse tou yon pil ak bann pati ak regwoupman politik ki enskri epi agreye pou patisipe nan pwosesis la. Sa yo se siy ki montre machin elektoral la ap eseye demare.
Men, èske demare machin nan vle di wout la deja egziste?
Mwen vle di ak bouch gran louvri ''Demokrasi'' pa limite ak mete yon bilten nan yon bwat sèlman. Eleksyon demokratik mande libète lapawòl, libète òganizasyon, libète sikilasyon, egalite ant kandida yo, aksè sitwayen yo ak enfòmasyon, prezans obsèvatè, sekrè vòt ak kapasite pou mande limyè sou rezilta ki ka sanble pa fin klè devan enstitisyon ki kredib pou sa.
Popilasyon an dwe kapab tande plizyè lide. Kandida a dwe kapab prezante pwogram li san li pa mande pèmisyon ak yon fòs ilegal pou sa. Jounalis la dwe kapab kouvri evennman ak tout aktivite kanpay elektoral la. Obsèvatè a dwe kapab rantre san pwoblèm nan biwo vòt la. Elektè a dwe kapab vote san MENAS, san PRESYON epi san yon moun pa deside pou li.
Jodi a, kesyon fondamantal la se pa sèlman: Èske n ap fè eleksyon?
Vrè kestyon an se: Nan ki kondisyon, sou ki teritwa, avèk ki garanti epi anba kontwòl kiyès eleksyon sa yo pral fèt?
Plizyè rapò ki soti, montre mesyedam gwoup ki pote z**am ilegal yo kontwole ant 80% ak 90% zòn metwopolitèn Pòtoprens lan. Men pa sèlman nan Pòtoprens, ensek*r*te a gaye tou nan Latibonit ak nan kèk pati Plato Santral. Sa ki lakoz, yon gwo kantite moun oblije kouri kite lakay yo oubyen yo ap viv sou kontwòl total lòt moun ki pa leta.
Nan kondisyon sa yo, anpil kesyon mande repons klè. Ki jan yon kandida ki soti Tirivyè, Kenskòf, Potoprens, Gresye, Mibalè oswa nenpòt lòt zòn ki pa aksesib pral fè kanpay lakay li?
Èske tout kandida yo ap gen menm dwa antre nan zòn sa yo?
Èske se gwoup ame yo ki pral deside ki kandida ki ka antre, kiyès ki ka pale ak kiyès popilasyon an ka tande?
Èske kandida yo pral oblije negosye lesepase ak chèf zòn sa yo pou yo òganize rankont ak prezante pwogram politik yo?
Si yon kandida jwenn aksè epi yon lòt pa jwenn li, èske nou ka toujou pale de konpetisyon elektoral demokratik?
Ki jan ajan elektoral, jounalis ak obsèvatè pral deplase epi travay san presyon?
Kilès k ap garanti transpò, sekirite ak entegrite materyèl elektoral la?
Nan ka kote chèf zòn sa yo ta bloke oswa entèdi elektè yo deplase al vote, kisa Leta prevwa pou sa paske sa pa fè lontan leta sa te di gen teritwa pèdi.
Kijan pwosesis sa pral rive fèt san presyon ak manipilasyon?
Se yon ansanm kesyon nou ta dwe chèche reponn avan nou kwè tout bon nou ka lage tèt dwat nan eleksyon.
Ayiti gen yon popilasyon majoritèman jèn. Dapre estimasyon IHSI, anviwon 67% popilasyon an gen mwens pase 35 lane. Sa vle di, jèn yo se gwoup ki pa dwe ret kanpe gade e ki dwe itilize pouvwa yo pou oryante anpil bagay paske yo se gwoup ki pral pote yon gwo pati nan konsekans nenpòt pwosesis politik ki fèt byen oswa ki fèt mal.
Se poutèt sa, jèn yo pa dwe antre nan pwosesis la jis pou fe sanblan. Men yo dwe rantre ak entelijans, men pa jis tankou yon rezèvwa vòt oswa tankou moun yo rele pou valide yon desizyon ki deja pran.
Se moman pou n egzije limyè sou koze sekirite ki pral prensipal eleman ki pral defini kilès k ap genyen oubyen pèdi anpil kote. Fòk nou egzije esplikasyon sou zòn ki aksesib e ki zòn ki pa aksesib, sou dispozisyon ki pran pou moun ki deplase yo. Ki dispozisyon leta pran pou garanti egalite ant kandida yo ak garanti ki genyen pou okenn fòs ilegal pa chwazi reprezantan popilasyon an nan plas elektè yo.
Nou dwe evite yon pyèj kote, paske nou tout swaf eleksyon, nou antre nan yon pwosesis ki pa ofri kondisyon minimòm pou yon batay elektoral lib, egal ak kredib. Lè sa a, apre rezilta, yo ka reponn tout plent nou yo konsa: “Nou tout te konnen kondisyon yo, men nou te patisipe kanmenm.” Paske nou preske sèten se pou kòken ak metdam yo l ap bon.
Patisipasyon pa dwe tounen an yon senp nou la kanmenm. Patisipe pa vle di fèmen je sou kondisyon yo. Patisipe dwe vle di egzije règ klè, transparans ak responsabilite.
Wi, Ayiti bezwen eleksyon. Men peyi a pa bezwen nenpòt eleksyon sèlman pou nou kapab di te gen eleksyon. Li bezwen yon pwosesis ki pèmèt chak kandida fè kanpay, chak sitwayen jwenn enfòmasyon, chak elektè vote lib, epi chak vòt konte jan li te depoze a.
Sekirite pa oblije pafè anvan yon pwosesis kòmanse. Men li dwe ase solid, pou okenn lòt gwoup pa ranplase Leta, pou okenn kandida pa jwenn okenn avantaj sou lòt, epi pou okenn kominote pa pèdi dwa politik li akoz kote li sitiye.
Si Leta pa kapab prezante yon plan kredib pou garanti kondisyon sa yo, li dwe reponn kesyon yo anvan li mande popilasyon an bay pwosesis la konfyans.
Paske yon move eleksyon kapab apwofondi kriz la, enstitisyonalize li epi fè peyi a peye konsekans li pandan plizyè lòt ane mete sou sa nou deja pèdi.
Wi pou eleksyon, men wi pou eleksyon lib, enklizif, sekirize, transparan ak kredib.
TOUT SA KI MERITE FÈT, MERITE BYEN FÈT!
✍️ Paulinx Louis✍️