09/06/2026
Bonjou fanmi mwen yo,
Mwen vle prezante yon gwo eskiz ak tout moun ki t ap tann Episode 4 Mini Sèri Bianca a. Episode la deja pare depi kèk tan, men malerezman Facebook mete kèk restriksyon sou paj la paske anpil moun ap gade videyo yo san yo pa reyaji, san yo pa fè kòmantè, ni pataje yo.
Nou vrèman apresye tout sipò nou, men pou nou ka kontinye grandi epi pou Facebook rekonèt travay n ap fè a, nou bezwen patisipasyon nou. Se pa sèlman gade videyo yo, men tou:
✅ Like videyo yo
✅ Fè kòmantè
✅ Pataje yo ak zanmi nou
✅ Swiv epi abòne ak paj la
Mwen deja fini ak plizyè epizòd, men mwen pa ka lage yo jan mwen te planifye a paske paj la anba restriksyon. Objektif mwen se te lage yon nouvo epizòd chak 2 jou, men sa pral depann anpil de sipò nou.
Mwen konte sou nou menm fanmi Mini Sèri Bianca a pou ede m soti nan sitiyasyon sa a. Mèsi anpil pou lanmou, pasyans ak fidelite nou. Episode 4 la ap vini, e mwen pwomèt nou anpil sipriz toujou.
❤️ Pa bliye Like, Kòmante, Pataje epi Abòne. Se ansanm n ap fè Mini Sèri Bianca grandi! ❤️