11/12/2025
Vwala 5 rezon ki fè Jean- Ernest Muscadin pa kapab vin Prezidan an Ayiti🇭🇹
PREMYE REZON AN: Muscadin se yon PHTK. Pa gen okenn fason pou nou kite PHTK retounen sou pouvwa a nan eleksyon. Gang Muscadin ap konbat yo, se PHTK ki mete yo. Pa gen okenn moun ki dwe fè tankou yo pa konnen sa. Èske si ou konnen yon lougarou ap manje pitit ou, lè w ap soti, ou ka kite li pou veye pitit ou?
DEZYÈM REZON AN: Zam yon Komisè gouvènman, se lalwa. Pa gen okenn lwa ki bay otorite pou yon komisè ekzekite yon moun. Menm polis la pa gen dwa sa. Yon polisye pa gen dwa tire sou yon sitwayen si sitwayen an pa reprezante okenn menas imedya. Se paske peyi a tonbe nan dezòd depi plis pase 40 ane, ki fè chak moun ka fè sa yo vle. Se poutèt sa Muscadin ap egzekite moun san pwoblèm lan. Si Leta t ap fonksyone nòmal, ATIK 46 lwa sou estati majistra yo t ap aplike sou li depi premye moun li te egzekite a. Epi ATIK 20 Konstitisyon 1987 la aboli pèn lanmò an Ayiti.
TWAZYÈM REZON AN: Nenpòt moun ki egzekite yon lòt, san se pa nan ka lejitim defans, komèt yon KRIM. Sa pi grav lè se yon komisè ki ta dwe konn lalwa, ki ap egzekite moun ak men pa li. Nan sans sa CG Muscadin pa kapab pretann li gen moralite oswa kredibilite pou vin prezidan.
KATRIYÈM REZON AN: Muscadin pa prezante okenn pwojè, pwogram oswa plan ki ka ede peyi a soti nan kriz. Si li gen yon plan, petèt se pou kontinye pwojè PHTK a, ki te kòmanse an 2011 e ki mennen peyi a nan sitiyasyon jounen jodi a.
SENKYÈM REZON AN: Nou sèten Muscadin pa gen konpetans ase pou li dirije yon peyi tankou Ayiti. Se vre Konstitisyon 1987 la pa egzije oken konpetans oswa eksperyans pou vin prezidan, men nan kriz grav nou ladann (mizè, ensekirite, enjerans etranje), nou bezwen yon ekip moun konpetan nan tout dimèn, ki gen kapasite pou mete Ayiti sou wout devlopman dirab.
POU M FINI: Nan lavni, lè gen yon gouvènman lejitim ki vin pran pouvwa a, li ta ka akòde AMNISTI pou Muscadin, paske zak li yo te fèt nan yon peryòd espesyal e yo te sèvi yon pati nan popilasyon an. Men sa pa vle di li gen kapasite pou dirije yon peyi.