Table TV infos

Table TV infos Promouvoir la culture,production des contenus de qualités.

Okap / Site dipèp : Yon rout segondè  estratejik finalman debloke apre yon gwo operasyon asenismanOkap, 9 out 2026. — Se...
08/09/2026

Okap / Site dipèp : Yon rout segondè estratejik finalman debloke apre yon gwo operasyon asenisman

Okap, 9 out 2026. — Seksyon wout Site dipèp la, nan vil Okap, parèt konplètman degaje jodi a. Travay deblayi ak netwayaj gwo anvergure sa yo, ki te kòmanse depi vandredi 7 out la, rive nan bout yo nan wikenn sa a.Rezilta sa a se yon kolaborasyon solid ant Ministè Travay Piblik, Transpò ak Kominikasyon (MTPTC) ansanm ak Lameri Okap.

Pandan plizyè mwa, gwo labou ak fatra te transfòme zòn sa a an yon veritab depotwa fratra,kote anviwònman te ipwatikab ak labou,movezodè,fatra sa ki te rann sikilasyon abitan yo ak machin yo difisil anpil. Men, pi lwen pase yon senp netwayaj katye, entèvansyon sa a gen yon gwo enpòtans nan planifikasyon vil la. Wout Site dipèp la se yon aks segondè ki la pou debloke sikilasyon lè lèt L la lèl gen blokis. paske yon kantite nan machin yo tankou moto konn pase la pou pèmèt sikilasyon an pi likid sou Wout Nasyonal la ki souvan bloke.

Siksè teknik sa a nan nivo lokal la soulve anpil keksyon sou fason administrasyon ki te pase anvan yo te konn jere vil la. Malgre yo te gen gwo mwayen materyèl ak finansye nan men yo, pwoblèm estriktirèl wout sa a te rete la san solisyon.

E jodya sa a vin raplen yon reyalite fondamantal nan kesyon amenajman teritwa nan vil Okap: devlopman enfrastrikti nan dezyèm vil peyi a pa ka limite sèlman nan bèl vitrin touristik Boulva a, men li dwe makonnen ak tout lòt wout ki nan periferik yo pou pèmèt tout moun deplase san pwoblèm.

08/08/2026

Kraze nan yon kontèks fragil e difisil,eske lekol ap kapab ouvwi nan 7 septembre jan ministè edikasyon mandel la nan kolèj Regina? Se kesyon sa ampil moun ap mande sitou ampil nan yo deja peye frè pou asire plas ti moun yo nan lekol lan?

Jodya apwe demolisyon yon pati nan espas la,se eske travay kanal la ap fèt byen vit ? Eske lekol ap ka louvwi nan res espas la?

08/08/2026

Delè 48 è a pase, Delegué Marc Presumé pou yon lot fwa ankò pwan yon desisyon enpopilè.
Li kraze yon pati nan nan kolèj Regina.

08/04/2026

Jodi Mardi 4 Août 2026
Delegué an ak tout komisè gouvènman an nan vil okap tounen nan kolèj Regina pou mande yo libere espas kanal la

E yo bay yon delè 48h(è) pou kraze tout sak konstri sou li.
regina assumpta

08/03/2026

😆

08/03/2026

Selon Majistra Michel Saint Croix,7 milyon goud Deja disponib pou pwòpte plas mache ri 3 an ,se pou konpataj tè ,epi Ramasaj fatra , an atandan gen yon lòt mache ki fèt pou deplase moun yo .
Cap-haïtien.

08/02/2026

Moïse Jean Charles poze premye pyè pou yon lopital Modèn nan komin Milo, ki ap espesyalizel nan bay Moun ki gen kansè yo swen.
Nan okasyon sa li te bal yon diskou engaje an tande e gade ensemble ki sak te di, ki sak te fèt

08/02/2026

Slogan Premye minis Alix Didier fils Aimé se (Nou pa fè rimè)

Se ak slogan sa li te montre jan ekip li a travay nan peyi a sitou nan vil Okap,an tande avèn koman sa te ye nan Salon Mèri Okap lan.

Address

1051 East 214 Street
New York, NY
10469

Website

Alerts

Be the first to know and let us send you an email when Table TV infos posts news and promotions. Your email address will not be used for any other purpose, and you can unsubscribe at any time.

Shortcuts

Share

Category