10/24/2026
Claudy Célestin alyas Chen mechan: Si dirijan yo pa t gen bon relasyon ak gang yo, dosye chen mechan an t ap fini rapid li menm. Kote sèvis ransèyman Leta a?
Imajine nou fòs lòd yo antre Santo san okenn REZISTANS pandan preske tout semèn lan, se yon estrateji bandi yo anplwaye pou konsève katouch yo. Pou premye fwa fòs lòd yo rive antre nan preske 80% baz chen an Laplèn. Yo tire nan tout direksyon, bandi yo pa replike… Yo antre nan koridò dyo, ki se baz chen an menm, yo pase Santo 2, 4, 6 ki pi prè basyon chen mechan menm… rive jis Santo 17 kote machin salvadoryen yo te boule a.
Kidonk Leta ka repran kontwòl zòn yo si l vle. Sepadan poukisa yo pa sèvi ak fòmil sa a " LA BOUYI a CHO n ap BWÈL sou kote? Nou ka sèvi ak yon prensip ki sanble ak lè w ap BALE FATRA kote ou pa gaye fatra a nan tout kay la; ou rasanble l, wete l al jete l, epi netwaye kote li te ye a pou l pa tounen sal ankò.
Yon fason pou m di otorite yo: Poukisa yo pa pwofite okazyon an pou yo pran espas ministè agrikilti a, fakilte agwononi nan Damyen pou yo mete yon baz Militè? Konsa y ap tou pran kontwòl blòk sa a nèt.
Imajine senaryo sa a epi pou n wè si Solisyon pa t ap vini sou tout blòk Kwadèmisyon pou ale Bon Repo !
Fòs Lame Ayiti (FAdH) KONSOLIDE espas ministè agwonomi an (DAMIEN). Mete yon BLENDE nan Pòs Kazo, yon BLENDE ant Klèsin epi Bitbwaye, yon lòt BLENDE devan Pon Kwadèmisyon an epi devan legliz Kwadèmisyon an.
Lè sa a baz Chen mechan an (Claudy Célestin) t ap oblije kite tout espas yo te pran nan komin Taba yo. Se pa konnen otorite yo pa konnen sa, se volonte yo pa genyen paske yo menm ak gang yo fè yon sèl. Kote sèvis ransèyman Leta a? Yon jou n a konprann ! Pou rive sou nèg sa yo, gen 4 baz ki dwe atake ansanm: Chen an, Jeff, Vitelòm epi Lanmòsanjou.
Koze Lakay Enfo ; Theriel Thelus