07/31/2026
Si w wè papyon sa a lakay ou... GEN YON SÈL EXPLIKASYON! 🛑
Si w konn wè papyon sa a lakay ou, pa janm fè sa mwen pral di w la... rete li tout teks videyo sa a jiska lafen
Lè li rantre pou BYEN (Side Positif la) 🌟
Chans, Lajan, oswa Nouvèl K ap Vini Si papyon mawon an gen yon koulè k ap tire sou yon klè oswa si l gen ti briyan sou li, prezans li anonse yon chans finansye oswa yon gwo opòtinite k ap frape nan pòt ou.
Mesaj yon zansèt oswa yon moun ki mouri: Souvan, papyon mawon an se yon mesaje lespri. Yon moun nan fanmi an ki te renmen w epi ki pati nan lòt dimansyon ka sèvi ak bèt sa a pou l vin di w: "Mwen la k ap veye sou ou, rete an lapè.
Pou moun ki konn chèche chif bolèt sou zèl yo? Zèl papyon sa yo gen anpil ti fòm je, liy, ak ti chif ki ka resemble ak chif (tankou yon 8, yon 0, yon 3, oswa yon 6 Desen sa yo sou zèl papyon an se pou defans li nan lanati (yo sanble ak je gwo bèt pou yo ka pè zwazo k ap chase yo) numéro sa yo se yon "kòd" ki montre papyon an pote yon enèji (transfòmasyon, pwoteksyon, oswa yon vizit
Lè yon zansèt oswa yon moun pa w ki mouri deside bay yon boul pou jwe, li pa kache l pou w ap devine oswa pou w fòse je w chèche l. Yo konn ba w li nan rèv trè klè, oswa yo fè yon siyal dirèk ki pa gen okenn dout ladan l.
gen moun ki konn kenbe papyon an, trete l mal oswa krazel jis pou yo ka byen gade zèl li. Lè w fè sa, ou kasè menm pwoteksyon ak benediksyon li te pote pou ou a
Si yon moun mouri sèvi ak papyon an pou l vin vizite w: Mesaj la se prezans li: Prensipal kado li pote a se enèji pwoteksyon ak trankilite li kite nan kay la.
Siy yon gwo transfòmasyon k ap vini: Paske papyon soti nan yon ti chenille pou l vin gen zèl, prezans li pandan plizyè jou se yon siyal ki fè w konnen yon sitiyasyon difisil nan lavi w ap fini pou yon lòt pi bon fas ka louvri (nan travay, nan relasyon, oswa nan finans).
Li se yon boukliye pwoteksyon Lè papyon mawon an poze anlè epi li fè 2 a 3 jou san l pa bouje, oswa yon ti vizite rapid esoterikman yo wè l tankou yon bèt k ap filtre e absobe yon move enèji ki te vle rantre anndan an. Li chita anlè a pou l pwoteje chanm nan oswa kay la.
Sa ki pi enpòtan an se obsève byen: Lè gwo papyon mawon sa a fè 2 oswa 3 jou anlè a epi pou w wè l pati poukont li san w pa chase l, sa vle di misyon l fini! Li fini aktyalize ak pwoteje enèji espas la, li pran chay la epi l ale avèk li. Se poutèt sa li pa bon pou w prese chase l.
Lè li rantre pou MAL (Side Negatif la / Avètisman) ⚠️
Lè papyon mawon an rantre anndan kay la epi li pa poze yon sèl kote, men l ap vole san poze, l ap bat zèl li yon fason ki nève oswa l ap frape sou moun ak sou mi kay la ou pouse l deyò li tounen pi rèd ak kolè se move siy
Mesaj la: Se yon siy ki anonse yon move nouvèl ki prèt pou rive (yon lanmò nan fanmi an, nan vwazinaj la, oswa yon moun ki pwòch ou k ap tonbe malad. Li vin avèti w pou w prepare w espirityèlman ak mantalman.
Si papyon an chwazi poze pou yon ti tan trè kout men l ap vire tèt li nan direksyon pòt antre a oswa yon fenèt Mesaj la: Li ka vin avèti w sou moun k ap rantre ak soti lakay ou. Se yon mesaj ki di w: "Veye kiyès w ap kite rantre anndan lakay ou, paske gen moun k ap vin pote jalouzi oswa move grenn.
Kisa pou nou fè PA TOUYE L Paske li pote yon enèji transfòmasyon ak avètisman, touye l ap kase pwoteksyon an epi rete ak chay negatif la anndan kay la. Louvri fenèt oswa pòt yo pou l ka vole ale lè misyon l fini.
FÈ YON NETWAYAJ: Paske li vin siyale yon enèji ki bezwen bouje, li bon pou w limen yon ti lansan oswa lave kay la ak ti dlo sèl pou purifye tout kwen yo.
Mistik la pa fèt pou fè w pè, li fèt pou l klere w ak pwoteje w. Konprann siy yo, respekte lanati, epi kite benediksyon yo antre
ou menm, èske w deja gen yon gwo papyon mawon ki pase 2-3 jou anlè lakay ou? Kisa ki te rive apre sa? Di m sa nan kòmantè yo!
Pataje videyo sa a ak yon fanmi oswa yon zanmi ki toujou pè lè yo wè papyon lakay yo. Epi pa bliye abòne ak paj la pou w pa janm rate pwochen sekrè mistik n ap vin dekode yo!
🇭🇹