05/18/2026
Èske Saint Jacques se Ogou Feray?
Se yonn nan kesyon mwen wè ki pi popilè sou platform nan. Wi, se yon dimansyon Ogou. Non, se pa Saint Jacques ki anndan legliz katolik la. Saint Jacques ki nan legliz katolik la se Jacques frè Saint Jean ki se te 2 apòt Jezu yo. rezon ki fè yo atribye lwa yo ak Saint yo, se paske sa trase depi nan epòk colonial kote vodou te interdi e yo tap pouse esklav yo pratike Catholicism. Nenpòt esklav yo te jwenn kap pratike vodou, yo te konn touye yo paske lwa yo vrèman pat renmen wè pèp yo ap soufri nan men yon lòt nation tandiske yo gen pouvwa pou libere yo. Lè lwa yo vini yo fache yo move sa te vin kreye revolution esklavajis. pou yo te kab kontinye ap pratik vodou yo te oblije asosye chak grenn lwa ak yon Saint ki sanble avèl. Saint Jacques toujou sou cheval yo bal ogou, Lenglesou toujou ap benyen nan san yo bal Jezu puiske imaj Jezu sou la kwa san ap koule, Marie pote Jezu yo asosyel ak Dantor kòm manman Perpetuel etc.. Saint Jacques ki nan legliz katolik la pa konn desann nan tèt moun, li pa servir ak manchèt, li pa mande rum, li pa asosye ak mouchwa bleu e rouj etc.. Saint Jacques pa Ayisyen an mande tout sa ou konnen yon lwa Ogou konn mande pouw servir li. Lèl vini fòk ou bal rum li, sanble gwo boukan dife, mache mouchwa bleu e rouj sou li, li voye menm chante Ogou Feray konn voye yo. Tout moun ki konn wè kote lwa Ogou ap manifeste ap di pa gen diferans. Se Ogou a 100% . Pa gen okenn dout nan sa, Saint Jacques se Ogou. En resume, Saint Jacques se yon non yo batize yon lwa Ogou men se pa espri Juif ki nan legliz katolik la, se just non an. Pa bliye yon espri pa gen couleur, li ka pran ni form ni couleur li vle. Poze anpil kesyon, bay repons ki long anpil pouw konplete sam di a siw gen bon bèt men pa fè vye comment pou fè zanfan yo nan joure avèw pou yo paka aprann. Empereur Nicolas