Croch’Art

Croch’Art Informações para nos contactar, mapa e direções, formulário para nos contactar, horário de funcionamento, serviços, classificações, fotos, vídeos e anúncios de Croch’Art, Loja de artes e ofícios, Route Nationale #2,Sintra, Sintra.

23/02/2025

Temwanyaj youn nan patisipan premye seminè Croch’Art te òganize ak kèk travay li.
Pa bliye enskripsyon yo pwolonje jiska mèkredi kap 26 fevriye 2025 lan!
Rete sèlman 5 plas disponib

Prese prese! Ak sipò yon jèn nan vil lan,Croch’Art lanse yon spesyal pou tout moun ki enskri jodi an jiska mèkredi 11h59...
16/02/2025

Prese prese! Ak sipò yon jèn nan vil lan,Croch’Art lanse yon spesyal pou tout moun ki enskri jodi an jiska mèkredi 11h59PM, yo ap benefisye 2000 gdes rabè sou frè patisipasyon an!
Eske wap fè pati moun sa yo?

W’ap plenyen paske yè w pat resevwa flè osinon chokola?Oubyen ou pat gen mwayen pou w achte flè pou li?Èske w te konnen ...
15/02/2025

W’ap plenyen paske yè w pat resevwa flè osinon chokola?Oubyen ou pat gen mwayen pou w achte flè pou li?
Èske w te konnen aprè seyans fòmasyon Croch’Art lan wap an mezi pou ofri tèt ou osinon yon pwòch ou yon boukè konsa!?
Pa ezite pase enskri Ou menm ki vle aprann✨!
Kisa k pi bèl ke yon kado k fèt ak lanmou epi pasyon🌹!

Des fleurs éternelles pour un amour éternel 🌹!

Ann kontinye enskri!Plas yo prèske fini!Ou menm ki deside aprann kwochè ak nou pou edisyon sa, se moman ideyal pou w ens...
12/02/2025

Ann kontinye enskri!Plas yo prèske fini!
Ou menm ki deside aprann kwochè ak nou pou edisyon sa, se moman ideyal pou w enskri paske plas yo limite!
Vin aprann kreye bèl modèl sa yo e plis toujou ak Croch’Art!
Croch’Art, la belle laine à vos goûts!

Aprè siksè premye edisyon an, nou lanse dezyèm seri seminè Croch’Art pou kontinye fòme ak ankouraje jèn kreyatif yo! 🧶✨-...
04/02/2025

Aprè siksè premye edisyon an, nou lanse dezyèm seri seminè Croch’Art pou kontinye fòme ak ankouraje jèn kreyatif yo! 🧶✨

-Ou vle metrize teknik crochet yo?
-Aprann kijan pou w transfòme pasyon w an biznis?
-Resevwa konsèy pwofesyonèl ak sètifika rekonèt?

Pa rate opòtinite sa! Rete konekte pou tout detay yo! 🔥

Pase enskri kounya,plas yo limite!
Pou plis enfo rele osinon ekri nou nan (509) 49312979!

Ane an chanje! Èske w pare pou fè diferans lan? Ane sa a, li enpòtan pou nou tout chèche aprann yon bagay anplis, pou gr...
14/01/2025

Ane an chanje! Èske w pare pou fè diferans lan?

Ane sa a, li enpòtan pou nou tout chèche aprann yon bagay anplis, pou grandi epi pouswiv rèv nou yo ak plis fòs. Mwen menm, mwen kontan paske pandan ane a, mwen fè anpil kliyan kontan avèk travay mwen yo, e m fyè de sa mwen reyalize. E ou menm? Kisa ou vle akonpli ane sa a?

Pou ede w fè premye pa yo, mwen envite w patisipe nan pwochen seminè Croch’Art pral òganize. Se yon opòtinite pou aprann, devlope talan ou epi fè diferans nan kominote w.

📌 Rete konekte pou dat ak detay yo! Pandanstan, gade kèk nan travay mwen yo ak eksperyans mwen pataje avèk ou yo. Nou tout ka grandi ansanm!

10/09/2024

Bèl flè an kwochè nou yo fèt ak anpil swen ak kreyativite! Chak moso se yon travay men ki pote yon touche espesyal ak inik nan dekorasyon ou. Si w ap chèche yon fason pou fè espas ou pi akeyan,enpresyone moun ou, flè kwochè nou yo se chwa pafè a. Yo dirab, bèl, e yo pèmèt ou ajoute yon ti koulè ak chalè san pwoblèm. Pase kòmann ou jodi a epi jwi bote atizan kreyòl la nan kay ou!

Séminaire de crochet 2.0Ou ta renmen patisipe ak nou 24?Li poko two ta pou w enskriRele osinon ekri nou nan 49 31 2979
17/08/2024

Séminaire de crochet 2.0
Ou ta renmen patisipe ak nou 24?
Li poko two ta pou w enskri
Rele osinon ekri nou nan 49 31 2979

Dimanch 11 out,nou te kontan remèt sètifika ak anviwon 15 jèn ki te deside pran fòmasyon nan domèn kwochè!Se avèk fyète ...
13/08/2024

Dimanch 11 out,nou te kontan remèt sètifika ak anviwon 15 jèn ki te deside pran fòmasyon nan domèn kwochè!Se avèk fyète nou tap kontanple travay chak patisipan sa yo.
Nan kèk foto ann suiv kòman sa te dewoule♥️.
Nou pwofite di mèsi ak chak grenn moun ki pèmèt aktivite sa te posib🥰.

Pa bliye gen yon lòt sesyon nan wout,enskripsyon yo ap pousuiv!!

Sa yo se travay manman m♥️Li montre a klè li pa janm two ta pou w aprann,ni ou pa janm gran ase pou w aprann depi gen vo...
10/08/2024

Sa yo se travay manman m♥️
Li montre a klè li pa janm two ta pou w aprann,ni ou pa janm gran ase pou w aprann depi gen volonte♥️!


Wap la nan pwochen seminè an?

Chak travay etidyan yo voye ban mwen,fyète anvayi m!Sa wap tann pou w enskri?Rele osinon ekri nan 49 31 2979 pou plis en...
09/08/2024

Chak travay etidyan yo voye ban mwen,fyète anvayi m!Sa wap tann pou w enskri?

Rele osinon ekri nan 49 31 2979 pou plis enfòmasyon.
Enskripsyon yo ap fini 15 out,pase enskri!
Plas yo limite!

Dimanch se remiz sètifika premye gwoup elèv nou fòme nan fè kwochè.Te m pataje travay youn nan elèv yo ak nou.M sonje de...
08/08/2024

Dimanch se remiz sètifika premye gwoup elèv nou fòme nan fè kwochè.Te m pataje travay youn nan elèv yo ak nou.
M sonje depi premye jou kou an,li tap plede mande m èske lap kab vre paske se premye fwa l kenbe egui kwochè.Chak nouvo atik map montre,li toujou ap doute de kapasite l men m te toujou di l ak disiplin epi motivasyon lap rive.M te toujou la tou pou li,m dewoule anpil travay jiskaske l banm sa m vle an.

Aprè yon mwa seminè,ann gad ansanm eksplwa elèv lan.Onètman se sa yo k fè bonè m.
Sa wap tann pou w enskri ou menm?

Pa bliye nou tout envite pou vin gade travay elèv yo ak tout sa yo te aprann dimanch a 2h,nan lokal Pastè Gregory an☺️

Endereço

Route Nationale #2,Sintra
Sintra

Website

Notificações

Seja o primeiro a receber as novidades e deixe-nos enviar-lhe um email quando Croch’Art publica notícias e promoções. O seu endereço de email não será utilizado para qualquer outro propósito, e pode cancelar a subscrição a qualquer momento.

Compartilhar